false
Pwogram pedyatrik sou Twoub Vwa Respiratwa yo, Vwa a ak Difikilte pou Vale
Timoun ki gen difikilte pou yo manje, pale, oswa respire ka bezwen swen espesyalize. Ekip nou an travay kole kole ak fanmi yo pou bay yon dyagnostik egzak ak yon tretman kowòdone ki soutni sante ak devlopman pitit ou a.
primary
phone
617-573-3190
6175733190
Swen aewodijestif pou timoun ki nan nivo mondyal
Kondisyon nan aparèy aewodijestif la afekte estrikti ki enplike nan respire, manje ak pale, tankou chemen respiratwa a, ezofaj la, gòj la, bouch la ak kòd vokal yo.
Yon tretman efikas pou maladi nan aparèy aewodijestif la ka mande ekspètiz plis pase yon espesyalis medikal. Nan Mass General Brigham—ki enkli Mass Eye and Ear ak Mass General Brigham for Children—ekip miltidisiplinè nou bay swen konplè ak konpasyon pou timoun ki ap fè fas ak defi konplèks nan chemen respiratwa, vale, manje, respire oswa vwa.
center
tertiary
internal-arrow
Yon pati nan Mass General Brigham pou Timoun
Apwòch nou anvè swen aewodijestif pou timoun
Nou la pou nou bay pitit ou a swen konplè, sa ki gen ladan l dènye tès dyagnostik yo, tretman avanse ak sipò kontinyèl.
Ekip ki gen plizyè espesyalis diferan
Kondisyon aewodijestif yo ka konplike, epi dyagnostik ak tretman ki pi efikas yo mande pou yon ekip travay ansanm. Espesyalis nou yo nan domèn gastwoanteroloji, ORL pedyatrik, nemoloji, ak òtofoni travay ansanm kòm yon ekip. Apwòch entegre sa a diminye bezwen pou plizyè randevou, li soulaje estrès pou fanmi yo, epi li ede nou fè dyagnostik ak jere kondisyon pitit ou a pi byen.
Swen ki pratik ak ki fèt nan bon moman
Pou rann li pi fasil pou pitit ou a jwenn swen li bezwen an, nou fikse randevou pou menm jou a avèk plizyè espesyalis nan menm kote a. Yo ka fè tès dyagnostik, tankou pwosedi andoskopi ak imajri, pandan menm vizit la. Fanmi yo ale avèk yon plan swen ki klè e ki byen koòdone.
Patenarya avèk paran yo ak moun k ap bay swen yo
Pa gen pèsonn ki konnen pitit ou a byen menm jan avèk ou. Ekip nou an pran tan pou l koute enkyetid ou yo, reponn kesyon ou yo, epi mete w kòm yon patnè aktif nan pran desizyon. Ansanm, nou kreye yon plan swen ki reflete bezwen pitit ou a ak objektif fanmi w.
Kondisyon ak tretman pedyatrik ki afekte vwa respiratwa yo, vwa a, ak kapasite pou vale.
Timoun k ap resevwa swen nan pwogram nou an gen aksè a terapi ki baze sou prèv syantifik ak pwosedi avanse pou yon pakèt kondisyon nan sistèm aewodijestif la.
- Achalasia in Children
- Apnea of Prematurity
- Congenital Laryngeal Stridor in Babies
- Esophageal Cancer
- Laryngitis
- Spasmodic Dysphonia
- Stridor
- Vocal Cord Disorders
- Vocal Cord Dysfunction (VCD)
- Voice Disorders
- Speech Sound Disorders
- Direct Rigid Laryngoscopy
- Dysphagia Diet
- Esophageal Stent Procedure
- Speech Therapy for Older Adults
- Treating Dysarthria
- Dysphagia Bedside Swallow Exam
Espesyalis nou yo
Kèlkeswa ki maladi oswa kondisyon ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis tou pre ou ki ka ede.
primary
phone
617-573-3190
6175733190
Kontakte Pwogram pou Twoub Vwa respiratwa, Deglitisyon ak Vwa
Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk plizyè etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowdoòne ak ekspè.
primary
phone
617-573-3190
6175733190
secondary
internal
Sèvis Pasyan Entènasyonal
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal