Pediatric Burn Care Center (Sant Swen Timoun Piti ki Boule)
617-722-3000
Konsènan pwogram lan
Ekip nou an ki dezinye pou domèn sa a angaje pou bay swen ekspè pou bezwen ou yo. Tanpri rele nou pou detèmine swen ki pi bon pou ou.
Sèvis Timoun Piti ki Boule, yon kolaborasyon ant Mass General Brigham pou Timoun ak Shriners Children's Boston, espesyalize nan tretman boule ak blesi timoun ki boule epi ki gen blesi ki gen rapò, tankou:
- Boule timoun ki boule grav sanzatann
- Blesi nan respire lafimen
- Operasyon pou rekonstwi oswa retabli pati kò ki te afekte apre boule ki te geri
- Mak ki lakoz kontraksyon oswa ki deranje mouvman manm yo
- Mak ak defòmasyon nan figi ak men
- Blesi chimik ki afekte èzofaj la (tib ki pote manje soti nan bouch pou ale nan lestomak la)
- Blesi ki soti nan bagay ki klase anpi (jele)
- Kondisyon ki pa boule ki mande swen blesi timoun piti, tankou; nekwoz epidèm toksik (TEN), sendwòm po boule ki soti nan bakteri stafilokòk, grafonyen oswa blesi ki soti nan fwotman, blesi nan po ak ti k ap dekale, tach nwa akoz sans ki kaye anba po a, zanpoud ak blesi sou po, tach nwa ki plim sou li depi li fèt ak bouton ki pete sou po
Timoun ki boule yo resevwa tretman nan men chirijyen Mass General Brigham pou Timoun yo nan lopital ki toupre a, Shriners Children’s Boston. Se sèl lopital pedyatrik nan NewEngland ki resevwa verifikasyon kòm yon sant tretman moun ki boule Nivo I (pi wo nivo a) selon American College of Surgeons Committee on Trauma (Komite Chirijyen Ameriken sou Chòk ak Blesi) ak the American Burn Association (Asosyasyon Boule Ameriken).
Shriners Children's Boston se yon lopital pou timoun piti ki boule ki gen 30 kabann, ki sant rechch ak ansèyman. Lopital Boston an se youn nan twa lopital pou moun ki boule ke Shriners Hospitals for Children (Lopital pou Timoun Piti Shriners) ap dirije, yon sistèm swen sante entènasyonal ki gen 22 lopital ki la pou bay swen espesyalite pediatrik, nouvo rechèch ak pwogram ansèyman eksepsyonèl. Timoun jiska laj 18 lane ki gen maladi òtopedik, boule nan tout degre, blesi nan kolòn vètebral, ak lèv oswa palè fann kalifye pou swen ak resevwa tout sèvis nan yon anviwònman ki santre sou fanmi san okenn depans kèlkeswa sityasyon finansye yo.
Misyon Shriners Children's Boston se pou vin premye sèvis pou timoun ki boule nan mond lan, bay swen konplè, gran kalite pou timoun ki boule.
Anplwaye medikal
Ekip swen boule a gen ladan chirijyen boule, chirijyen plastik, anestezis, pedyat ki gen espesyalite, sikyat, òtopedis ak lòt espesyalis. Chirijyen yo ak doktè yo se anplwaye aktif Mass General Brigham pou Timoun epi yo se pwofesè aktif nan Harvard Medical School (Lekòl Medsin Harvard). Sèvis operasyon ijans yo ok operasyon reparasyon pati nan kò yo travay ansanm pou bay timoun ki boule epi ki gen blesi swen san rete depi premye swen pou estabilize kondisyon timoun lan rive jouk nan reyabilitasyon alontèm.
Enfimyè yo
Enfimyè Shriners Children's Boston se ekspè nan pran swen boule. Enfimyè yo trè byen fòme pou bay swen ki bay pi bon rezilta pou pasyan ki boule nou yo. Yo bay tout nouvo anplwaye yo yon oryantasyon endividyèl ki baze sou konpetans, ki gen ladan tan nan sal klas ak fòmasyon pratik endividyèl avèk yon sipèvizè ki gen eksperyans. Kowoperasyon ak ekspètiz anplwaye medikal ak enfimyè ansanm ak pasyan ak fanmi yo pèmèt ekip nou an devlope yon plan tretman swen boule ki pral bay pi bon rezilta ak gerizon pou pasyan an.
Sèvis Fanmi ak Kowòdinasyon Swen
Nan Shriners, Sèvis Fanmi ak Kowòdinasyon Swen sèvi timoun ak fanmi yo pandan ak apre yo kite lopital la. Sèvis Fanmi gen ladan klinisyen ki gen lisans ki ede fanmi yo ak adaptasyon yo ka fè pandan tretman boule timoun yo. Travayè sosyal yo bay fanmi yo konsèy endividyèl pandan vizit lopital ak vizit klinik. Yo ede fanmi yo konprann ak devlope estrateji pou fè fas ak enpak sosyal, emosyonèl ak sikolojik maladi a. Ekip la gen ladan tou yon kowòdonatè swen ki swa yon enfimyè ki gen lisans oswa yon travayè sosyal ki gen lisans.
Sikiyat ak sikològ yo bay konsèy ak sipò pou pasyan ki boule a lè se nesesè. Ekspè sa yo ede pasyan yo sou wout gerizon emosyonèl ak rekiperasyon. Terapi reyabilitasyon yo gen ladan terapet fizik ak terapet okipasyonèl. Pasyan yo resevwa yon terapet prensipal lè yo antre lopital la ki bay egzèsis, mete atèl ak pozisyon pou ogmante kapasite pou fè tout mouvman. Pandan timoun nan ap geri, terapet la mete sou pye yon pwogram egzèsis pou ranfòse ak etann misk ak jwenti. Terapet la kontinye trete timoun lan atravè reyabilitasyon ak pandan li retounen lakay ak/oswa lekòl. Terapet yo fè swivi avèk timoun lan nan klinik pou bay lòt egzèsis ak mezi kontwòl mak tankou masaj, rad presyon, jèl silikòn ak mask figi pèsonalize.
Lòt manm ekip la gen ladan espesyalis lavi timoun, terapet detant ak terapet mizik ki bay sipò pwosedi, aktivite detant, aktivite reyintegrasyon nan kominote a, jwèt medikal, vizit nan sal operasyon ak estrateji pou fè fas. Yon sal jwèt terapetik gen anplwaye chak jou epi timoun ki izole yo resevwa vizit regilyèman.
Pwofesè lekòl bay ansèyman endividyèl ak nan gwoup, swa nan sal klas la oswa bò kabann lan. Yo kowòdone tou yon pwogram retounen lekòl pou timoun ki retounen lekòl pou premye fwa apre yon blesi ak pou sa yo ki chanje lekòl.
Makiyaj korektif ofri chak semn pandan klinik rekonstriktif la pou ede adousi aparans nenpòt mak sikatris.
Maladi ak tretman pou timoun ki boule
- Burns Caused by Heat
- Thermal Burn
- Second-Degree Burn
- Hot Water Burn
- Electrical Burns
- Chemical Burn of the Skin
- First- and Second-Degree Burns
- First-Degree Burn
- Burn Wound Check
- Wound Care
- Skin Graft Surgery
- Burn Emergencies
- Negative Pressure Wound Therapy (NPWT)
- Scar Revision Surgery
- Nutrition for Wound Healing
Espesyalis nou yo
617-722-3000
Kontakte Sant Swen pou Timoun Piti ki Boule
617-722-3000
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal yo