false

Pwogram swen pou blese

Espesyalis nan pwogram swen pou blese Mass General Brigham yo dyagnostike ak trete tout kalite blese konplike ki pa geri avèk tretman tradisyonèl yo. Nou itilize teknik avanse pou nou bay swen pèsonalize, konplè.

Swen konplè pou blesi kwonik

Nan Mass General Brigham, nou bay swen ki pa chirijikal ak swen chirijikal pou pasyan ki blese grav oswa blese ki la lontan, ki difisil pou trete. Espesyalis nou yo gen anpil eksperyans nan pran swen blesi ki gen rapò ak atewosklewoz, maladi nan veso sangen, newopati, terapi radyasyon, twomatis, operasyon, ak lòt pwoblèm sante ki ka lakòz blesi ki difisil pou geri. Nou bay swen ekspè, epi avèk konpasyon pou tout kalite blesi.

Yon pati nan chiriji jeneral

Yon pati nan sèvis pou moun ki boule

Apwòch nou an nan swen pou blesi

Ekip nou an bay swen avèk konpasyon epi li kreye yon plan tretman ki adapte ak chak moun, nou gen anpil eksperyans nan pran swen blese ki la depi lontan oswa blese ki difisil pou geri.
Yon apwòch ki baze sou travay an ekip

Ekip swen pou blese nou an gen ladan espesyalis ki travay ansanm pou bay swen konplè. Ekip nou an gen ladan ekspè nan domèn:

  • Medsin pou po
  • Dyabèt
  • Maladi enfeksyon
  • Nitrisyon
  • Operasyon nan zo ak jwenti,
  • Jesyon doulè
  • Chiriji estetik ak rekonstriktif
  • Medsin pou pye
  • Operasyon nan veso sangen
Swen konplè pou blese ki konplike

Nou itilize plizyè fason pou nou trete blesi ki konplike, sa pèmèt nou adapte swen yo selon bezwen espesyal ou. Metòd ki pa chirijikal yo enkli:

  • Pansman avanse, tankou pansman ki mou oswa pansman ki gen medikaman kont mikwòb
  • Terapi konpresyon
  • Netwayaj blese a avèk metòd mekanik oswa avèk anzim
  • Tretman yo mete dirèkteman sou po a oswa tretman ki pran atravè kò a
  • Tretman ak yon aparèy vakyòm pou ede blese a geri

Metòd chirijikal yo enkli:

  • Chiriji reparasyon oswa rekonstriksyon
  • Gref po
  • Debridman chirijikal
Plan tretman pèsonalize
Pandan premye vizit ou a, ekip swen pou blese nou an ap egzamine sitiyasyon ou byen, apresa, n ap rekòmande pi bon tretman ki ka ede selon bezwen ou. Anvan nou fè nenpòt tretman, nou esplike kijan li mache epi nou reponn kesyon ou menm oswa fanmi ou ka genyen. Nou bay pi bon swen blesi posib depi lè yo dekouvri pwoblèm nan rive nan tretman ak pou swen apre tretman an.
Prevansyon ak edikasyon
Nou ede pasyan yo geri pi vit ak diminye risk konplikasyon, retounen entène lopital, ak bezwen koupe yon pati nan kò a. Nou ede pasyan jwenn enfòmasyon yo bezwen konnen yo, devlope ladrès, ak konfyans yo bezwn pou yo ka fè chwa pou swen yo, pran swen tèt yo, epi defann bezwen yo. Nou vle ede pasyan ak moun ki pran swen yo konprann yon dyagnostik ak jere swen yo pou reyalize pi bon rezilta.