Pwogram pou Timoun ki Gen Pwoblèm Manje
Èd pou timoun ak adolesan ki gen pwoblèm manje
Pati nan sèvis swen sante mantal ak sikyatrik
Metòd nou pou pran swen timoun ki gen twoub manje
Anvan pitit ou a kòmanse tretman an, nou fè yon evalyasyon detaye pou aprann plis sou:
- Sentòm pwoblèm manje aktyèl ak pase
- Pwoblèm medikal imedya ak alontèm
- Swen Sikyatrik anvan
Enfòmasyon sa a ede ekip swen nou an adapte yon plan tretman pou bezwen patikilye pitit ou a.
Terapi konpòtman mantal (CBT) ede timoun ak adolesan idantifye ak chanje santiman, panse, ak konpòtman ki kontribye ak pwoblèm manje.
Nou ofri CBT pou timoun ak adolesan ki gen:
- Anoreksi nève
- ARFID (Twoub evite oswa restriksyon nan konsomasyon manje)
- Pwoblèm manje twòp san kontwòl
- Boulimi nève
- Pika (manje bagay ki pa fèt pou manje)
- Pwoblèm riminasayon (retounen manje nan bouch apre li fin vale)
- Lòt pwoblèm alimantè oswa pwoblèm manje ki espesifye
Tretman ki baze sou fanmi (FBT) bay paran ak frè/sè yo kapasite pou yo jwe yon wòl aktif nan pwosesis gerizon yon moun yo renmen. Antrennman espesyalize sa a ede manm fanmi yo aksepte ke yo pa responsab pou twoub manje a. Ou aprann fason ki an sante pou nouri pitit ou nan chwazi ak prepare manje li. Ti kras pa ti kras w ap jwe yon wòl pi aktif nan desizyon sou manje.
Nou ofri tou terapi an gwoup CBT (Terapi Konpòtman Mantal) sou entènèt pou paran timoun ki gen laj 5 rive 9 lane ki gen ARFID (pwoblèm evite oswa restriksyon nan konsomasyon manje).
Pwoblèm manje ak tretman
Kontakte Pwogram pou Timoun ki Gen Pwoblèm Manje
Massachusetts General Hospital (Lopital Jeneral Massachusetts)
Sikiyatri: 617-724-0799
Klinik Medikal: 617-585-7471
McLean Hospital (Lopital McLean)