false
Fizyoterapi pou timoun
Lè pitit ou a ap refè aprè yon maladi oswa yon blesi, fizyoterapi ka yon gwo sekou. Objektif nou se amelyore mobilite, fòs, ak kapasite fonksyonèl pitit ou a,pou li ka rive nan pi bon nivo fonksyonèl li ak yon kalite lavi ki pi bon.
primary
phone
617-952-5050
Rele sèvis fizyoterapi pou timoun nan 617-952-5050.
6179525050
Reyabilitasyon pou timoun an kolaborasyon ki santre sou fanmi an
Nan Mass General Brigham—ki gen ladan l Spaulding Rehabilitation—fizyoterapis nou yo fè pati ekip reyabilitasyon miltidisiplinè a; y ap travay an kolaborasyon avèk ou menm ak fanmi w pou adapte swen pitit ou a selon diferan nivo sèvis nou ofri yo: reyabilitasyon pou pasyan ki entène, swen pou pasyan ekstèn, swen enfimyè espesyalize, ak swen entansif alontèm.
center
tertiary
internal-arrow
Pati nan Medsin Fizik ak Rehabilitasyon
Apwòch nou nan fizyoterapi pou timoun
Pandan tout pwosesis rekiperasyon w lan, w ap benefisye sipò nan tretman, rechèch ak pwogram reyabilitasyon ki pi avanse yo, sa ki kreye yon sistèm swen kontinyèl.
Swen konplè pou plizyè kalite pwoblèm sante timoun
Nou pran swen timoun k ap refè aprè pwoblèm òtopedik, newolojik, kardyak, ak lòt kondisyon konplèks, avèk tretman ki adapte ak bezwen chak timoun.
Terapi pèsonalize pou sipòte devlopman pitit ou a
Nou itilize yon seri terapi pratik, metòd tretman ak teknoloji pou soutni rekiperasyon, ranfòse kò a, epi ede pitit ou a fè pwogrè.
Kondisyon ak tretman ki gen rapò
Nou trete timoun k'ap refè aprè divès kalite kondisyon sante, tankou:
- Scoliosis
- Muscular Dystrophy
- Spinal Cord Injury
- Traumatic Brain Injury
- Congenital Muscular Torticollis
- Developmental Dysplasia of the Hip in Children
- Spina Bifida
- Spinal Muscular Atrophy
- Congenital Limb Difference in Children
- Femoral Anteversion
- Cerebral Palsy in Children
- Autism Spectrum Disorder in Children
- Sports Injuries
- Stroke (Completed)
- Selective Dorsal Rhizotomy for Cerebral Palsy in Children
- Pavlik Harness Treatment for Children
- Rehabilitation After Traumatic Brain Injury
- Rehabilitation After a Spinal Cord injury
- Crutch Walking
- Residual Limb Preparation for a Prosthesis
- Lower Body Strengthening Exercises
- Your Scoliosis Brace
- Splints and Casts
Espesyalis nou yo
Kèlkeswa maladi oswa kondisyon sante ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis toupre w ki ka ede w..
primary
phone
617-952-5050
Rele sèvis fizyoterapi pou timoun nan 617-952-5050.
6179525050
Kontakte sèvis fizyoterapi pou timoun
Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk sant nou yo ki sitiye toupatou nan New England ak sipò pou pasyan k ap vwayaje soti deyò Etazini, nou rann li fasil pou jwenn swen espesyalize ki byen kòòdone.
primary
phone
617-952-5050
Rele sèvis fizyoterapi pou timoun nan 617-952-5050.
6179525050
secondary
internal
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal
Enfòmasyon pou kontakte pasyan entènasyonal yo