false

Pwogram Reyabilitasyon Blesi nan Sèvo

Pwogram Reyabilitasyon Blesi nan Sèvo a bay swen reyabilisyon ki nan dènye modèn pou granmoun ak timoun k ap rekipere apre yon blesi nan sèvo.Spaulding Rehabilitation, yon manm Mass General Brigham, se yon enstitisyon ki renome atravè lemond pou bay swen reyabilitasyon konplè pou timoun ak granmoun k ap rekipere apre maladi oswa blesi.

Swen reyabilitasyon blesi nan sèvo konplè

Kit se atravè chòk ak blesi oswa atravè yon kondisyon oswa maladi, blesi nan sèvo yo ka gen gwo konsekans pou moun nan ak fanmi li.

Nan Pwogram Reyabilitasyon Blesi nan Sèvo Mass General Brigham, nou ofri swen ki ka fè enpak ak ankourajan pou pasyan ki te soufri yon blesi nan sèvo. Ansanm, nou pral kreye yon plan swen pèsonalize ki fèt pou ede ou retounen nan yon lavi ki pi endepandan ak pwodiktif.

Spaulding Rehabilitation rekonèt yon lidè nan swen reyabilitasyon, ke U.S. News & World Report klase kòm youn nan pi bon lopital reyabilitasyon nan nasyon an.

center
tertiary
internal-arrow
Pati nan Enstiti Syans Newolojik
/content/unified-xwalk/ht/services/neuroscience

Metòd nou nan reyabilitasyon blesi nan sèvo

Espesyalis nou yo resevwa fòmasyon pou evalye epi trete konsekans fizik, mantal (kognitif) ak konpòtman ki soti nan blesi nan sèvo moun pran apre yon aksidan oswa lòt kalite chòk nan sèvo.
Swen reyabilitasyon pèsonalize pou blesi nan sèvo
Ekip swen ou an ke doktè w la ap dirije la pou ou nan chak etap, depi evalyasyon an jiska simonte dènye obstak nan rekiperasyon w lan. Nou kreye ak adapte pwogram swen ak reyabilitasyon selon bezwen ou ak pwogrè ou, epi nou travay ak fanmi ou ak kominote nou an pou ede ou vin endepandan ankò.
Ekip swen reyabilitasyon avèk plizyè espesyalis nan diferan branch

Ekip swen ou an gen ladan espesyalis ak klinisyen ki gen ekspètiz nan tout domèn ak etap swen reyabilitasyon blesi nan sèvo, ki gen ladan l:

  • Doktè
  • Enfimyè
  • Terapet fizik ak lòt terapet
  • Patològ langaj ak pawòl
  • Newosikològ
  • Sikològ konpòtman
  • Newosikyat
  • Manadjè ka
  • Travayè sosyal
  • Espesyalis rekreyasyon terapetik
  • Dyetisyen klinik
  • Swen espirityèl
Yon Sistèm Modèl pou blesi traumatik nan sèvo
Spaulding se yon Sistèm Modèl Blesi Sèvo Traumatik (TBIMS) ke National Institute on Disability and Rehabilitation Research (NIDRR) (Enstiti Nasyonal sou Rechèch Andikap ak Reabilitasyon (NIDRR) dezinye Kòm youn nan 16 sit TBIMS nan Etazini, nou kolabore avèk lòt lopital pou amelyore swen pasyan yo, patisipe nan rechèchch endepandan ak an kolaborasyon, ak bay fòmasyon pwofesyonèl swen sante yo fòmasyon san rete.
Sèvis reyabilitasyon konplè

Nou ofri swen nan:

  • Anviwònman lopital pou pasyan ki entène
  • Swen entansif alontèm (LTAC)
  • Etablisman enfimyè espesyalize (SNF)
  • Anviwnòman pou pasyan ki pa entène

Anviwònman entèn ak LTAC pou pasyan ki gen blesi sèvo grav oswa konplike. Pou pasyan ki gen blesi mwens grav oswa k ap pwogrese nan rekiperasyon yo, nou bay swen SNF ak swen pou pasyan ki pa entène pou kontinye sipète endepandans ou.