false
Sant reyabilitasyon entènasyonal pou Polio
Nou angaje nou pou nou bay tout moun ki te siviv polio, nan zòn lokal la, nan rejyon an, nan tout peyi a oswa atravè lemond, swen ki kalifye e avèk konpasyon pou ede amelyore kapasite yo ak kalite lavi yo.
primary
phone
617-952-5050
Rele sant reyabilitasyon entènasyonal pou Polio a nan 617-952-5050.
6179525050
Swen espesyal nan nivo mondyal pou sendwòm apre polio
Sant reyabilitasyon entènasyonal pou Polio (IRCP) nan Spaulding Outpatient Center Framingham fè rechèch inovatè, bay tretman, epi bay swen ki fèt selon bezwen chak moun ki gen pwoblèm apre polio. Pwofesyonèl medikal ak reyabilitasyon nou yo gen anpil eksperyans ak maladi ra sa a, epi ki ka afekte kapasite moun pou yo fè aktivite yo chak jou. Yo bay swen espesyalize nan sant modèn nou an nan New England.
center
tertiary
internal-arrow
Yon pati nan medsin fizik ak reyabilitasyon an
Apwòch nou nan reyabilitasyon polio
Avèk yon ekip pwofesyonèl sante ki byen fòme ansanm ak tretman reyabilitasyon ak rechèch ki pi avanse yo, nou la pou ede amelyore lavi ou epi ede ou avanse sou chimen ki mennen nan pi bon sante.
Plan reyabilitasyon ki adapte ak bezwen chak moun ki te gen polio
IRCP fèt pou reponn ak bezwen moun ki te gen polio epi ki kapab vwayaje pou vini nan sant nou an. Pou moun ki soti lwen, nou òganize plizyè randevou youn apre lòt pandan plizyè jou. Pou pasyan ki rete toupre oswa nan zòn nan, vizit yo ka fèt chak semèn oswa chak de semèn selon bezwen ou.
Pou ede pwoteje sante ou epi amelyore kapasite ou pou fè aktivite chak jou, ekip nou an travay avèk ou pou:
- Bay enfòmasyon sou fason pou evite pwoblèm ki ka rive akòz polio ak efè li ka genyen apre anpil ane
- Evalye feblès ki nouvo oswa chanjman nan fòs kò ou
- Amelyore kapasite ou pou deplase, mache, epi fè aktivite chak jou
- Diminye fatig ak doulè
- Kreye yon pwogram egzèsis ki san danje epi ki adapte ak bezwen ou
- Montre ou fason pou konsève enèji ou epi evite twòp fatig
- Evalye si ou bezwen chanjman oswa adaptasyon lakay ou oswa nan travay ou
Sa pou atann
- Jou 1: Premye jou tretman an, ou pral pale ak yon doktè epi espesyalis ki ede moun fè aktivite chak jou yo pi fasil ak espesyalis ki ede moun mache, deplase,yo ki fè pati ekip ki espesyalize nan swen pou polio a ap fè ou fè tès. Yo ka rekòmande tou pou yon espesyalis nan lapawòl ak langaj fè yon evalyasyon.
- Jou 2: Dezyèm jou tretman an anjeneral gen ladan tès pou ede jwenn plis enfòmasyon sou sante nè ak misk ou, tankou elektwomyografi (EMG) ak tès kondiksyon nè.
- Jou 3: Twazyèm jou tretman an anjeneral gen ladan yon reyinyon ekip la ansanm ak terapi fizik ak terapi okipasyonèl.
Reyinyon ekip ou a
Yon pati enpòtan nan pwogram tretman IRCP a se reyinyon ekip la. Pandan reyinyon an, ou menm ak fanmi ou pral rankontre manm ekip ki patisipe nan swen ou. Objektif reyinyon an se asire tretman ki kowòdone, reponn kesyon, ak ede ou planifye pou lavni.
Pwoblèm medikal ak tretman ki gen rapò yo
- Polio (Poliomyelitis)
- Muscular Dystrophy
- Spinal Cord Injury
- Post-Polio Syndrome
- Spinal Muscular Atrophy
- Foot drop
- Peripheral Neuropathy
- Polio
- Neurological Rehabilitation
- Musculoskeletal Rehabilitation
- Respiratory Therapist
- Recreational Therapist
- International Normalized Ratio
- Polio Vaccine (Inactivated Polio Vaccine; IPV)
- Polio Vaccine
Espesyalis nou yo
Kèlkeswa maladi oswa pwoblèm sante ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis ki tou pre ou pou ede ou.
primary
phone
617-952-5050
Rele sant reyabilitasyon entènasyonal pou Polio a nan 617-952-5050.
6179525050
Kontakte sant reyabilitasyon entènasyonal pou Polio a
Rele nou pou pale ak yon manm ekip la ki ka ede ou konprann opsyon ou genyen yo epi ede ou jwenn swen ki apwopriye pou ou a. Gras ak lokal nou genyen toupatou nan New England yo ansanm ak sipò pou pasyan ki vwayaje soti deyò Etazini yo, nou fè li pi fasil pou jwenn swen ki kowòdone, nan men moun ki ekspè.
primary
phone
617-952-5050
Rele sant reyabilitasyon entènasyonal pou Polio a nan 617-952-5050.
6179525050
secondary
internal
Sèvis pou pasyan entènasyonal
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal