false

Sant Paralizi

Pèdi sansasyon oswa kapasite pou bouje nenpòt pati nan kò ou ka gen yon gwo efè sou lavi chak jou ou. Nou ofri swen medikal avanse ak sèvis terapetik pou ede ou reyalize rekiperasyon konplè.
primary
phone
866-957-0096
8669570096

Nimewo 1 nasyonal nan rekiperasyon aprè paralizi

Maladi ak blesi nan tèt, kou, ak kolòn vètebral ka lakòz paralizi tanporè oswa pèmanan. Paralizi ka afekte zòn ki pi piti, tankou yon dwèt, oswa zòn ki pi gwo, tankou yon manm antye oswa yon rejyon nan kò ou.

Nan Mass General Brigham, ki gen ladan Spaulding Rehabilitation, nou gen youn nan pwogram tretman paralizi ki pi konplè nan nasyon an. Ekspè renome nou yo ofri nouvo tretman chirijikal, ki pa chirijikal, ak terapetik pou tout kalite paralizi. Nou ede moun refè soti nan kondisyon paralizi ak viv lavi ki pi endepandan.

center
tertiary
internal-arrow
Pati Medsin Fizik ak Reyabilitasyon

Aprann plis sou medsin fizik ak reyabilitasyon nan Mass General Brigham

/content/unified-xwalk/ht/services/physical-medicine-rehabilitation

Metòd ou nan swen paralizik

Nou ofri tretman avanse ak ekspètiz ki renome atravè lemond pou ede ou reyalize pi bon rekiperasyon posib apre paralizi.
Swen espesyalize, avèk plizyè espesyalis nan diferan branch

Ekip nou an gen ekspè ki soti nan plizyè domèn ki espesyalize nan dyagnostik ak tretman paralizi, tankou :

  • Newològ: Dyagnostike ak jere kondisyon nè yo
  • Newochirijyen: Fè transfè nè ak operasyon ki baze sou inovasyon
  • Òtopedis: Trete pwoblèm ki afekte zo, jwenti, ak misk
  • Chirijyen plastik: Rekonstrui misk, nè, ak tisi
  • Radiològ: Itilize imaj avanse pou dyagnostike blesi, gide tretman, ak swiv chanjman sante
  • Fizyat medsin fizik ak reyabilitasyon: Jere misk ki rèd ak kontraksyon, reyabilitasyon, ak bezwen ekipman apre blesi grav ak pou jere alontèm
Tout opsyon tretman avanse

Nou ofri solisyon chirijikal, ki pa chirijikal, ak terapetik pou trete paralizi ki rive akoz blesi ak kondisyon sante, tankou:

  • Blesi pleksis brachyal, pou retabli sansasyon ak mouvman nan zepòl ou, bra ou, ak koud ou
  • Blesi nan mwèl epinyè, pou ogmante sansasyon, amelyore mouvman, diminye misk ki rèd ak kontraksyoon, ak amelyore respirasyon ou
  • Aksidan vaskilè serebral (AVC/stroke), pou diminye feblès ak amelyore fason ou deplase manm ou, mache, oswa fèmen men ou
Swen pèsonalize avèk konpasyon
Kit ou ap refè apre yon aksidan vaskilè serebral (AVC) oswa yon blesi grav, ou resevwa swen pou tout aspè fizik, emosyonèl ak espirityèl ou. Nou adapte tretman ou selon kote ou ye nan rekiperasyon w epi nou gide ou avèk konpasyon pou rive jwenn pi bon rezilta. Resous sosyal ak edikatif nou yo disponib pou fanmi ou tou, konsa ou santi ou pare pou avanse nan tout domèn nan lavi ou.

Espesyalis nou yo

Kèlkeswa maladi oswa kondisyon ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis ki tou pre ou ki ka ede.
Yon ilistrasyon sou yon ekip swen.
primary
phone
866-957-0096
8669570096

Kontakte Sant Paralizi

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti an deyò Etazini, nou rann li pi fasil pou jwenn swen kowòdone, ekspè.
primary
phone
866-957-0096
8669570096
secondary
internal
Pasyan entènasyonal yo

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal yo

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact