Pwogram Sikoloji Espò
508-484-8271
Swen sikolojik konplè pou atlèt
Sikoloji espò konsantre sou aspè mantal ak emosyonèl pèfòmans atletik, byennèt ak rekiperasyon. Nan Mass General Brigham, espesyalis nou yo nan domèn sikoloji espò ede atlèt tout laj ak tout nivo devlope konpetans sikolojik ki nesesè pou yo bay pi bon rannman yo, fè fas ak difikilte, epi kenbe yon bon eta sante mantal an jeneral.
Pwogram nou an ofri swen pèsonalize ki bay sipò; li konbine estrateji sikolojik ak konesans ki soti nan syans espò, epi li adapte ak objektif ak defi chak atlèt.
Yon pati nan medsin espòtif
Ki jan sikoloji espò ede atlèt yo
Nou bay atlèt ak moun ki aktif k ap patisipe nan konpetisyon nan tout nivo sipò pou byennèt ak pèfòmans mantal, sa ki gen ladan l:
- Atlèt pwofesyonèl
- Elèv-atlèt nan lekòl mwayen, lekòl segondè ak inivèsite
- Atlèt amatè ak granmoun ki aktif
- Atlèt k ap retounen apre yon blesi oswa k ap refè apre yon operasyon
- Antrenè, paran, moun k ap bay fòmasyon fizik, ak lòt moun k ap sipòte atlèt yo k ap chèche resous sou sante mantal pou yo.
- Moun ki gen pwoblèm motivasyon tankou enkyetid pèfòmans, pwoblèm konfyans ak pwoblèm imaj kò.
Espesyalis klinik nou yo itilize teknik sikolojik ki baze sou prèv pou ede atlèt yo.:
- Amelyore konsantrasyon, konfyans nan tèt ou ak motivasyon.
- Jere enkyetid pèfòmans ak presyon konpetisyon
- Fè fas ak blesi, rekiperasyon, oswa pwoblèm pèfòmans emosyonèlman
- Fikse objektif ki reyalistik epi kenbe yon diskou pozitif anvè tèt ou.
- Ankouraje rezilyans ak fòs mantal
- Amelyore woutin, kapasite vizyalizasyon ak konsyans plen (mindfulness).
- Pratike swen pèsonèl mantal ak fizik
Ekip nou an travay ni ak moun endividyèl ni ak ekip pou ranfòse kapasite mantal yo, epi ankouraje byennèt ak lonjevite nan karyè atlèt yo.
Sa pou w atann nan premye vizit ou a
Premye randevou w la gen ladan l yon evalyasyon konplè pou konprann istwa sante fizik ak mantal ou, fòs ou nan domèn pèfòmans, defi w ap rankontre, ak objektif ou yo.
Dapre evalyasyon sa a, n ap prepare yon plan pèsonalize pou ou ki ka gen ladan l terapi a kout tèm (endividyèl oswa an gwoup), antrenman pou amelyore pèfòmans, oswa sipò sikolojik kontinyèl. Kòm yon pati nan apwòch miltidisiplinè nou an, nou ka refere w tou nan klinik ki gen rapò, tankou sikyatri, andokrinoloji, oswa nitrisyon espòtif, pa egzanp, pou swen siplemantè.
Sesyon yo entegre zouti kognitif-konpòtmantal, estrateji konsyans plen (mindfulness), ak teknik pou jere estrès ki adapte ak bezwen ou yo. W ap aprann kijan pou w jere panse difisil ak emosyon konplike, fè fas ak laperèz ki gen rapò ak blesi, epi jere pwogresyon nan karyè, peryòd tranzisyon, ak dinamik ekip.
Apwòch nou anvè swen
Komosyon serebral ak blesi twomatik modere nan sèvo ka afekte plis pase jis pèfòmans fizik. Atlèt yo ka fè eksperyans chanjman nan atitid, konsantrasyon, dòmi, oswa regilasyon emosyonèl pandan rekiperasyon an.
Ekip sikoloji espò nou an travay kole kole ak espesyalis nan konmosyon serebral ak founisè medsin espò pou sipòte gerizon mantal ak emosyonèl. Nou ede atlèt yo retounen lekòl, nan espò, ak nan lavi chak jou an sekirite epi avèk konfyans.
Espesyalis sikoloji espò nou yo travay ansanm ak antrenè, enjenyè atletik, terapis fizik, chirijyen ortopedik, dyetisyen, ak lòt klinisyen medsin espò pou bay swen entegre.
Kit w ap retounen apre yon blesi, kit w ap jere estrès kwonik, oswa w ap prepare pou yon gwo konpetisyon, ekip nou an travay ansanm pou ede kò w ak lespri w fonksyone nan pi wo nivo posib.
Pwoblèm pèfòmans ak sante mantal nou trete
- Concussion
- Generalized Anxiety Disorder (GAD)
- Major Depression
- Anorexia Nervosa
- Bulimia
- Chronic Pain
- Insomnia
- Turf Toe
- Binge Eating Disorder
- Foot and Ankle Arthritis
- Dialectical Behavior Therapy
- Counseling for Depression
- Panic Disorder with Therapy
- Treating Eating Disorders
- Mood Disorders Treatment
- Eye Movement Desensitization and Reprocessing (EMDR)
Espesyalis nou yo nan òtopedi ak medsin espòtif
508-484-8271
Kontakte Pwogram Sikoloji Espò a
508-484-8271
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal
Enfòmasyon pou kontakte pou pasyan entènasyonal yo