Pwogram tretman pou moun ki gen pwoblèm nan pran dwòg oswa alkòl pandan gwosès
617-724-4643
Swen espesyalize pou pran dwòg oswa alkòl pandan gwosès ak apre akouchman
Pran dwòg oswa alkòl pandan gwosès se yon sijè konplike; ou merite swen ekspè ak san jijman. Nou bay sipò konplè pou pasyan ki ansent, ki nan peryòd apre akouchman epi ki ap leve timoun, ki gen pwoblèm pran dwòg oswa alkòl ak fanmi yo, depi gwosès jiska premye ane timoun yo.
Nou rasanble ekspè nan domèn obstetrik, medsin adiksyon, pedyatri, sikiyatri, ak travay sosyal pou bay swen ki sipòte sante, gerizon, ak premye etap nan leve yon timoun.
Yon pati nan swen obstetrik ak jinekoloji
Apwòch nou pou swen pou adiksyon pandan gwosès
Nou travay ansanm ak pwofesyonèl swen sante ki soti nan plizyè domèn pou bay pasyan yo swen. Ekip nou an gen ladan espesyalis ki fòme nan:
- Obstetrik ak medsin pou swen manman ak tibebe
- Adiksyon
- Medsin pou fanmi
- Medsin pou timoun
- Sikiyatri pandan gwosès ak apre akouchman (apre nesans)
- Travay sosyal
- Èd pou geri, nan men moun ki te viv menm eksperyans lan
- Espesyalis nan zafè resous
Swen an fèt alantou reyalite gwosès ak gerizon. Nou ba ou swen pandan gwosès ki konbine ak tretman pou pran dwòg oswa alkòl, tankou:
- Kowòdinasyon ak doktè oswa doktè swen prensipal ou yo
- Obstetrik pou gwosès ki gen gwo risk ak medsin fanmi
- Kowòdinasyon ak pwogram tretman pou opiyoyid (tankou pwogram tretman ak metadòn)
- Tretman ak medikaman pou pwoblèm pran dwòg oswa alkòl (tankou buprenorphine oswa naltrexone)
- Sikyatri pandan gwosès ak apre akouchman
- Swen sante mantal
- Sipò ak konsèy nan men moun ki te viv menm eksperyans lan
- Sèvis sosyal ak èd pou jwenn resous
Ekip nou an ede ou jwenn èd ou bezwen an epi nou travay ak pwogram ki genyen nan kominote a pou pèmèt ou konsantre sou sante ou, sou yon vi ki pi estab, ak sou objektif ou pou pitit ou..
Swen nou ba ou a kontinye apre tibebe ou a fèt. Nou ede ou pou:
- Tretman abaz medikaman pou maladi pran dwòg oswa alkòl (tankou buprenorphine oswa naltrexone)
- Terapis sante konpòtman ak konsèy
- Kowòdinasyon swen
- Konsiltasyon pou planifikasyon fanmi ak kontrasepsyon
- Koneksyon ak swen prensipal
- Edikasyon paran
- Sipò nan men moun ki te viv menm eksperyans lan
- Sikiyatri, ki gen ladan jesyon medikaman lè sa apwopriye
- Sèvis sosyal ak sipò pou lojman, manje, ak estrès finansye
Nou sipòte ou menm ak tibebe ou a jiskaske li gen 2 an pou ede pitit ou jwenn swen yo bezwen, ki gen ladan:
- Èd pou jwenn swen espesyalize lè sa nesesè (tankou espesyalis pou devlopman timoun oswa enfeksyon)
- Sipò pou bay tete
- Siveyans ak swen pou sentòm sevraj lakay tibebe a apre nesans
- Swen prensipal pou timoun ki afilye ak Mass General Brigham for Children
- Èd pou jwenn sèvis bonè pou ede timoun devlope lè sa nesesè
Gerizon ak premye etap ou kòm paran afekte tout fanmi an. Patnè yo ak lòt timoun ka gen aksè a:
- Referans ak sipò pou tretman adiksyon
- Edikasyon pou paran
- Swen pou timoun (woutin ak ijans) pou lòt timoun
- Swen medikal prensipal ak swen espesyalize
- Sèvis sikyatri ak sante mantal
- Sipò sosyal ak èd pou jwenn resous ou bezwen
Pwoblèm medikal ak tretman ki gen rapò yo
- Pregnancy
- Hepatitis C
- HIV AIDS
- Opiate Use Disorder
- Fetal Alcohol Spectrum Disorder
- Marijuana Use Disorder
- Alcohol Withdrawal
- Alcohol Intoxication
- Substance Use Disorder
- Alcohol Use Disorder (AUD)
- Treating Substance Use Disorders and Addiction
- Treating Heroin Addiction
- Prenatal Medical Care
- Fetal Ultrasound
- Fetal Monitoring
- Biophysical Profile
Espesyalis nou yo
617-724-4643
Kontakte pwogram tretman pou moun k ap pran dwòg oswa alkòl pandan gwosès la
617-724-4643
Sèvis pou pasyan entènasyonal
Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal