false

Pwogram Tretman Alkòl ak Dwòg

Pwoblèm konsomasyon alkòl ak dwòg, yo rele tou pwoblèm konsomasyon sibstans, se pwoblèm ki ka trete, epi gerizon oswa retablisman posib anpil. Nou ofri yon seri tretman, ki gen ladan medikaman ak konsèy, pou ede jere abondone, diminye anvi, ak sipòte sante anjeneral. Mass General Brigham, ki gen ladan lopital McLean ki renome, bay swen konplè ak nivo mondyal pou tout kalite pwoblèm sante mantal ak sikyatrik.

Ekspètiz espesyalize nan trete alkòl ak dwòg

Nan Mass General Brigham, nou ofri swen avèk konpasyon ak san jijman, ki baze sou ekspètiz klinik ak rechèch. Ou menm oswa pwòch ou ap travay ak pwofesyonèl sante ki espesyalize nan trete pwoblèm konsomantasyon sibstans epi ki konprann konpleksite yo. Nou travay ansanm avèk ou pou sipòte retablisman ou grasa swen ki adapte ak bezwen ou yo ak pwochen etap ki klè.

Mass General Brigham se nimewo 1 nan swen sante mantal ak sikyatrik, epi McLean Hospital ki se nimewo 1 mondyal nan swen, rechèch, ak edikasyon.

center
tertiary
internal-arrow
Pati nan sèvis swen sante mantal ak sikyatrik
/content/unified-xwalk/ht/services/mental-health-psychiatry

Konprann pwoblòm konsomasyon alkòl ak dwòg

Pwoblèm alkòl ak dwòg souvan bay anpil anvi pou konsomasyon sibstans oswa konpòtman ki difisil pou kontwole, epi yo afekte prèske tout pati nan lavi, tankou sante, relasyon, travay, ak lekòl.

Antanke nimewo 1 nan nasyon an nan tretman ak rechèch sou adiksyon, Mass General Brigham ofri swen konplè pou toude, konsomasyon sibstans ki komen ak sa ki konplike.

Sèvis nou yo gen ladan yo medikaman pou fasilite moun lan pa konsome sibstans lan ak diminye anvi, terapi sikososyal ki baze sou pwèv, sipò fanmi, ak pwogram ki dedye pou moun ki bezwen plis sipò entansif.

Sèvis nou ofri

Nou ofri yon seri pwogram ak diferan nivo swen, soti nan klinik san randevou, detoksifikasyon entèn, ak tretman rezidansyèl. Seri sa a pèmèt nou reponn ak yon bann bezwen pasyan an.

Pwogram tretman konplè

Nou ofri pwogram espesyalize ki fèt pou reponn ak bezwen diferan kalite pasyan.

Pwogram yo gen ladan yo:

Nou bay aksè ak swen ekstèn

swen ekstèn nan yon anviwònman klinik, ak opsyon pou vizit vityèl lè sa apwopriye. Tretman an ka gen ladan l medikaman, ki ka bay nan klinik la (tankou Brixadi, Sublocade, ak Vivitrol) oswa preskri pou ou achte nan famasi lokal ou.

Sèvis yo gen ladan yo:

  • Aksè san randevou ak imedya nan Klinik Pon Sèvis Konsomansyon Sibstans
  • Pwogram ekstèn ki pwograme nan Klinik West End, Lopital McLean, Lopital Faulkner, Lopital Newton-Wellesley, ak Lopital Salem
  • Sèvis ekstèn pou adolesan ak jenn moun (laj 14 ak 26 lane)

Swen ki nan lopital ak swen entèn

Nou bay swen entèn yo nan yon anviwònman lopital ak sipò medikal 24/7 (tout lè chak jou) epi li pi bon pou pasyan ki bezwen siveyans sere pou sekirite ak sante.

Sèvis yo gen ladan yo:

  • Evalyasyon ak konsiltasyon nan men Ekip Konsiltasyon Adiksyon nou yo (ACT) pou pasyan ki resevwa swen entèn nan sistèm lan
  • Jesyon retrè entèn (detoksifikasyon) nan Lopital McLean ak Lopital Faulkner Brigham ak Fanm

Tretman rezidansyèl

Tretman rezidansyèl vle di ou viv nan yon anviwònman ki byen òganize, ki bay sipò kote yo bay swen ansanm ak lojman ak manje. Pwogram sa yo gen anplwaye 24/7 (tout lè chak jou) epi yo ka reponn a bezwen ijans.

Mass General Brigham ofri de pwogram tretman rezidansyèl:

Metòd nou nan swen adiksyon

Klinisyen nou yo avèk ou pandan tout swen ou, yo ofri sèvis ki soti nan vizit san randevou ak vizit ekstèn pou swen vityèl ak plis tretman entansif, ki gen ladan detoksifikasyon ak pwogram rezidansyèl.
Ekspè nan dyagnostik ak tretman maladi alkòl ak dwòg

Konsomasyon alkòl ak dwòg ka afekte moun nan plizyè fason, sòti nan itilize plis pase sa ou te planifye a rive nan risk sante grav.

Klinisyen nou yo bay yon evalyasyon detaye, pèsonalize ki egzamine itilizasyon sibstans ou, sante jeneral ou, ak kijan lavi ou ka afekte. Nou pran tan pou konprann objektif ou yo epi travay avèk ou pou kreye yon plan tretman ki koresponn avèk valè ak priyorite ou.

Nou itilize Kriter American Society of Addiction Medicine (ASAM) (Sosyete Medsin Adisyon Ameriken Kriter) pou ede reponn ak nivo swen ki adapte ak bezwen ou, ki gen ladan opsyon ekstèn, rezidansyèl, oswa lopital.

Swen konplè ki pran an konsiderasyon plizyè pwoblèm sante ki prezan an menm tan.
Nou fè tès depistaj pou lòt pwoblèm sante mantal ki ka parèt ansanm, tankou depresyon ak enkyetid, kòm yon pati nan yon evalyasyon konplè. Akoz Mass General Brigham ofri swen pou yon bann maladi sante mantal nan sistèm nou an, nou ka kowòdone tretman pou abòde konsomasyon sibstans ak bezwen sante mantal nan yon sèl etablisman.

Espesyalis nou yo

Kèlkeswa maladi oswa kondisyon ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis ki toupre ou ki ka ede.
Yon ilistrasyon yon ekip swen.
primary
internal
Jwenn yon espesyalis tretman adiksyon alkòl ak dwòg
/content/unified-xwalk/ht/search/doctors/results#provider.specialties.name:Addiction%20Medicine&provider.specialties.name:Addiction%20Psychiatry

Swen espesyalize tou pre ou

Aksè swen atravè Mass General Brigham, ak sèvis espesyalize ki disponib nan lopital kominotè ak sant medikal akademik ki pi avanse yo. Kèlkeswa maladi oswa kondisyon ou genyen, espesyalis nou yo tou pre ou e yo pare pou ede.
Yon kat senplifye montre rejyon lès Massachusetts ak plizyè pwen ki make.
secondary
internal
Gade etablisman tretman alkòl ak dwòg yo
/content/unified-xwalk/ht/search/locations/results#specialties.specialty:Addiction%20Medicine&specialties.specialty:Addiction%20Psychiatry

Kontakte Pwogram Tretman Alkòl ak Dwòg la

Kontakte yon etablisman tretman alkòl ak dwòg oswa yon espesyalis pou aprann sou opsyon swen ou. Avèk etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowòdone, ekspè.
primary
internal
Jwenn yon espesyalis

Jwenn yon espesyalis tretman adiksyon alkòl ak dwòg

/content/unified-xwalk/ht/search/doctors/results#provider.specialties.name:Addiction%20Medicine
secondary
internal
Gade etablisman yo

Gade etablisman tretman alkòl ak dwòg yo

/content/unified-xwalk/ht/search/locations/results#specialties.specialty:Addiction%20Medicine
tertiary
internal-arrow
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact