false

Klinik Bridge pou moun ki gen pwoblèm nan pran dwòg oswa alkòl

Klinik Bridge nan Mass General Brigham yo se sant swen akoutèm ak sipò san pèdi tan pou moun ki pa bezwen entène lopital ki gen pwoblèm pran dwòg oswa alkòl.

Konsènan Klinik Bridge yo

Klinik Bridge nan Mass General Brigham yo gen yon anviwònman ki akeyan ak swen ki fasil pou jwenn, pou ede chak moun nan tout etap gerizon yo anba pwoblèm depandans alkòl oswa dwòg. Yo rele adiksyon tou twoub konsomasyon dwòg oswa alkòl (SUD).

Nou bay swen san randevou oswa ak sou randevou. Nou bay yon diferan kalite sèvis, tankou:

  • Medikaman pou trete adiksyon
  • Konsèy
  • Sipò moun ki viv menm sitiyasyon an
  • Èd pou jwenn resous
  • Swen sante mantal
  • Zouti pou diminye risk ovèdoz oswa lòt domaj

Klinik Bridge nou yo fèt pou jwe yon wòl tranzisyon. Sa vle di nou akonpaye ou pandan yon peryòd tan, anjeneral kèk mwa, pandan n ap ede ou pran pwochen etap nan pakou pou ou geri a. Pandan peryòd tan sa a, n ap akonpaye ou pou jwenn bon swen alontèm nan kominote a pou ou ka kontinye resevwa èd ak sipò.

Yon pati nan sèvis sante mantal ak sikyatrik

Swen endividyèl, ki santre sou moun

Tretman SUD ki baze sou prèv syantifik fèt grasa kolaborasyon plizyè pwofesyonèl swen sante, epi swen an adapte dapre bezwen ak objektif chak moun. Nan Klinik Bridge la, objektif nou se sipòte chak moun nan pakou gerizon pa yo, jan yo defini li. Gen kèk moun ki kòmanse ak medikaman, gen kèk se avèk konsèy oswa sipò nan men moun ki viv menm sitiyasyon ak yo. Anpil itilize yon konbinezon sèvis.

Gerizon vle di yon bagay diferan pou chak moun, epi ekip swen nou an ap travay ansanm avèk ou pou kreye yon plan swen ki adapte ak bezwen, objektif, ak pakou gerizon pa ou.

Ou ka jwenn swen jodi a lè ou rele oswa vizite youn nan Klinik Bridge nou yo, ou pa bezwen pran randevou ni jwenn yon referans.

Jwenn swen nan youn nan Klinik Bridge nou yo

Pou jwenn swen pou moun ki gen ki pran dwòg oswa alkòl, tanpri vizite youn nan lokal ki nan lis anba a. Ou pa bezwen yon pasyan Mass General Brigham oswa gen yon doktè swen prensipal avèk nou pou jwenn swen.
Klinik Bridge nan Brigham and Women’s Hospital Eliza Dushku Palandjian ak Peter Palandjian

Adrès:

75 Francis Street
Boston, MA 02115

Telefòn: 617-278-0172

Aprann plis sou lokal sa a

Klinik Bridge nan Massachusetts General Hospital

Adrès:

55 Fruit Street
Cox Building, Suite 110
Boston, MA 02114

Telefòn: 617-643-8281

Aprann plis sou lokal sa a

Klinik Bridge nan Mass General Brigham (Haverhill)

Adrès:

600 Primrose Street, Suite 100
Haverhill, MA 01830

Telefòn: 978-469-5536

Aprann plis sou lokal sa a

Klinik Bridge nan Salem Hospital

Adrès:

55 Highland Avenue
Highland Hall, Suite 201
Salem, MA 01970

Telefòn: 978-354-2050

Aprann plis sou lokal sa a

Medikaman efikas pou tretman adiksyon

Gen medikaman efikas ki disponib pou twoub konsomasyon opiyoyid ak alkòl. Pou adiksyon opiyoyid, medikaman yo montre ke yo mennen nan pi gwo pousantaj gerizon e yo ka redui risk lanmò a plis pase 50%.

Buprenorphine se sèl medikaman ki ka sove lavi pou adiksyon opiyoyid yo ka preskri dirèkteman nan biwo yon doktè.

Pou aprann plis, vizite nenpòt Klinik Bridge nan Mass General Brigham pou pale ak yon pwofesyonèl swen sou opsyon tretman ou yo.

Bati ekip ou

Tretman pou SUD pa yon bagay ou dwe fè poukont ou. Nou kwè tretman mache pi byen lè ou pa pou kont ou, epi lè ou gen moun pou sipòte ou ak pou pran swen ou, sa ba ou plis fòs. Se poutèt sa ekip Klinik Bridge nou yo pran tan pou yo konnen kiyès ou ye epi ede ou kreye oswa grandi yon gwoup moun ki la pou ede ou. Nou ajoute antrenè gerizon ki bay sipò kòm moun ki pase nan menm eksperyans lan, paske yo menm tou yo te viv pwoblèm adiksyon epi yo te fè pakou gerizon an.

Yon ki bay èd pou ou geri se yon moun ki te gen yon pwoblèm dwòg oswa alkòl epi ki nan pwosesis pou reprann lavi li. Yo se yon pati enpòtan nan ekip Klinik Bridge la. Yo pa doktè oswa pwofesyonèl medikal, men yo se moun ki te pase nan menm sitiyasyon an epi ki konprann sa w ap viv, yo la pou sipòte ou pandan w ap chèche ak resevwa swen.

Chanje fason moun wè pwoblèm sa yo, bati konfyans

Pandan anpil ane, anpil moun ki te gen pwoblèm SUD te sibi jijman ak move tretman olye yo te jwenn èd. Menmsi moun kòmanse wè adiksyon yon lòt jan, gen anpil moun toujou ki panse se paske yon moun fè move chwa oswa li manke volonte

Nan Mass General Brigham, nou konnen pwoblèm pran dwòg oswa alkòl la se yon pwoblèm sante, moun ki gen pwoblèm sa a merite konpasyon ak bon tretman ki baze sou prèv syantifik. Klinik Bridge nou yo se kote ki louvri pou tout moun, chak moun resevwa respè, swen ak sipò, kèlkeswa etap yo rive nan pakou yo.

Nou dwe sispann panse yon moun kontinye ap soufri ak pwoblèm SUD paske li manke volonte oswa li pa vle chanje. Lide sa yo ka fè moun rete poukont yo san sipò epi yo ka mouri ak yon pwoblèm sante yo te ka trete. Nou pa ta janm mande yon pasyan ki gen kansè pou li jis vle geri pou kansè a disparèt.

Sarah Wakeman, MD

https://doctors.massgeneralbrigham.org/provider/sarah-elizabeth-wakeman/2998115

  • Direktè medikal prensipal pou moun ki gen pwoblèm nan pran dwòg oswa alkòl
  • Mass General Brigham

Kesyon yo poze souvan

Ki kalite maladi konsomasyon dwòg oswa alkòl ki trete?
Nenpòt moun ki vle èd pou pwoblèm alkòl oswa dwòg ka vini nan yon Klinik Bridge nan Mass General Brigham, kèlkeswa sibtans y ap konsome a. Pi souvan, nou ede moun k ap lite ak pwoblèm alkòl, opiyoyid, oswa dwòg ki bay enèji tankou kokayin oswa metanfetamin.
Èske mwen dwe yon pasyan Mass General Brigham pou mwen vini nan yon Klinik Bridge?
Non. Nenpòt moun ka jwenn swen nan yon Klinik Bridge. Ou pa bezwen yon pasyan Mass General Brigham oswa ni ou pa oblije gen yon doktè swen prensipal avèk nou.
Èske mwen ka toujou vini si mwen pa pare pou mwen sispann konsome sibstans?
Wi. Nou konprann gerizon diferan pou chak moun. Ou pa bezwen pare pou sispann konsome sibstans pou jwenn sipò. Nou ba ou swen ak sipò nan fason ki mache pi byen pou ou. Kit ou jis ap chèche enfòmasyon, ou bezwen èd pou lòt pwoblèm nan lavi ou, ou vle pale ak yon moun ki konprann eksperyans sa a paske li te viv li, oswa ou pare pou kòmanse tretman, nou la pou nou akonpaye ou nan etap kote ou ye a.
Kisa "swen san randevou" vle di?
Swen san randevou vle di ou pa bezwen yon randevou oswa yon referans pou yo ka wè ou. Objektif nou se retire obstak ki anpeche moun jwenn tretman lè nou bay swen menm jou a. Anpil nan klinik nou yo ouvè pou plis tan, menm nan wikenn ak bonè nan aswè, pou ou ka jwenn swen lè sa pi bon pou ou.
Kisa "klinik tranzisyon" vle di?
Klinik Bridge nou yo se klinik ki ede ou pandan yon peryòd tan limite, souvan, sa dire kèk mwa, men sa ka diferan pou chak moun Pandan peryòd tan sa a, n ap akonpaye ou pou jwenn bon swen alontèm nan kominote a pou ou ka kontinye resevwa èd ak sipò.