false

Pwogram tretman pou maladi nan venn

Espesyalis kè ak veso sangen Mass General Brigham yo jwenn epi trete tout kalite pwoblèm sante ki afekte venn yo. Nou bay swen espesyalize gras ak tretman ki pi modèn yo, pa mande operasyon oswa ki minimòm envazif pou trete divès kalite pwoblèm nan venn.

Imaj yon pwofesyonèl swen sante ki mete yon linèt agrandisman ak yon limyè sou tèt li ap bay yon pasyan piki.

full-fill

Konsènan pwogram tretman pou maladi nan venn lan

Nan Mass General Brigham, nou ofri youn nan pwogram swen pou veso sangen ki pi konplè nan peyi a, nou bay swen espesyal pou moun ki gen pwoblèm nan venn yo. Pasyan ki soti toupatou Ozetazini ak nan lòt peyi atravè mond lan fè nou konfyans pou eksperyans nou nan dekouvri ak trete pwoblèm venn ki komen yo — tankou twonboz venn pwofon (DVT), venn varis, ak ti venn ki parèt sou po a — ansanm ak pwoblèm ki ra, tankou sendwòm konjesyon basen, sendwòm May-Thurner, ak sendwòm Paget-Schröetter.

Ekip nou an gen espesyalis ki sètifye nan medsin veso sangen, operasyon, san, imajri medikal, ak swen pou blesi. Anpil nan espesyalis nou yo te resevwa fòmasyon avanse nan domèn yo epi yo anseye nan Harvard Medical School. Ekip nou an travay ansanm pou prepare yon plan tretman ki adapte ak bezwen ou epi ki ede ou jwenn pi bon rezilta posib.

Sant Swen Mass General Brigham pou maladi nan venn yo fè li pi fasil pou ou jwenn swen toupre lakay ou, w ap jwenn espesyalis nou yo nan maladi veso sangen epi w ap jwenn plizyè tretman pou maladi nan venn ki pa mande operasyon oswa ki lejèman envazif.

center
tertiary
internal-arrow
Yon pati nan Heart and Vascular Institute
/content/unified-xwalk/ht/services/heart-vascular

Apwòch nou pou tretman maladi nan venn

Kijan nou dyagnostike maladi nan venn

Dapre sentòm ou yo, nou ka itilize youn oswa plzyè nan teknik sa yo pou nou dyagnostike pwoblèm nan venn ou an:

  • Egzamen fizik
  • Ultrason duplex, ki sèvi ak iltrason pou montre venn nan, fòm li, ak fason san an ap sikile ladan l. Sa ede nou wè si valv ki nan venn nan ap byen travay
  • Eskanè CT
  • Imaj MRI (Imajri pa rezonans mayetik)
  • Tès san espesyalize
  • Teknoloji limyè pou venn
  • Venogram, kote nou enjekte yon likid espesyal nan venn ou yo (anjeneral nan janm yo) pou venn yo parèt sou radyografi oswa fliyowoskopi. Sa ede nou wè chemen venn yo byen klè.
Sentòm maladi nan venn yo

Venn ou yo se ti tib, oswa veso san, ki pote san ki gen ti kantite oksijèn ladan yo pou ale nan kè a. Pandan san nan atè yo (arteries) ap sikile nan tout kò a grasa batman kè a, san ki nan venn yo retounen nan poumon yo ak kè a grasa misk ki antoure venn yo. Maladi venn yo se plizyè kalite pwoblèm ki afekte venn yo epi ki anpeche san sikile byen nan kò a.

Men sentòm prensipal maladi nan venn yo:

  • Doulè, batman doulè, sansasyon doulè, oswa kranp
  • Yon sansasyon janm lou, angoudi anpil, oswa fatige
  • Doulè nan bra (sendwòm Paget-Schröetter)
  • enflamasyon oswa anfleman ki fasil pou wè, sitou nan janm, cheviy, oswa pye
  • Venn ki vin pi gwo, ki tòde, epi ki parèt anba po a
  • Iritasyon oswa anflamasyon po ozalantou zòn ki afekte a
  • Chanjman nan po a, gratèl sou po (dèmatit), oswa maleng nan janm
  • Gratèl oswa sansasyon boule
  • Doulè nan vant oswa nan basen
Kòz maladi nan venn yo

Moun gen maladi nan venn lè venn yo pa fonksyone byen, pi souvan lè pawa venn yo vin fèb, lè ti valv ki nan venn yo domaje, oswa lè san an pa sikile jan li dwe fè sa.

Gen plizyè bagay ki ka lakòz maladi venn, tankou:

  • Laj
  • Pwoblèm sante ki dire lontan, tankou ensifizans nan venn
  • kwonik (CVI) ak pwoblèm ki rive apre yon boul san Faktè jenetik (sa vle di li ka pase nan fanmi)
  • Twòp presyon nan venn yo, ki ka soti nan tous ki dire lontan, leve bagay ki lou, konstipasyon, oswa lòt pwoblèm sante
  • Chanjman nan òmòn yo
  • Lòt pwoblèm sante, tankou venn ki pa devlope nòmalman depi moun fèt, pwoblèm kè, oswa timè ki bloke sikilasyon san
  • Twòp pwa
  • Travay kote yon moun oblije rete kanpe oswa chita pandan anpil tan
  • Gwosès
  • Chita oswa kanpe pandan anpil tan
  • Mank aktivite fizik
  • Fimen
  • Boul san nan venn yo (twomboz)
  • Blesi oswa operasyon nan janm oswa nan zòn basen an
  • Valv venn yo ki pa travay byen

Lè yo idantifye epi trete kòz ak faktè risk sa yo, sa ka ede anpeche maladi venn nan vin pi grav epi amelyore sante moun nan. Li enpòtan anpil pou dekouvri pwoblèm sa yo bonè epi pran swen yo bonè pou ede kontwole yo byen.

Tretman maladi nan venn

Kòm yon ekip swen sante, nou evalye maladi nan venn chak pasyan epi nou kreye yon plan tretman ki adapte ak bezwen li, nou chèche trete pwoblèm ki lakòz maladi a, pa sèlman siy oswa sentòm yo.

Pou maladi venn tankou venn varis, boul san nan venn ki fon yo (deep vein thrombosis), ak ensifizans venn kwonik, tretman yo souvan konsantre sou ede venn yo travay pi byen epi diminye kantite san ki rete kolekte nan venn yo. San ka rete nan venn yo oswa sikile pi dousman paske venn yo travay ak mwens presyon pase atè yo. Atè yo gen plis presyon paske se aksyon kè a k ap ponpe san ki fè san an ap sikile ladan yo.

Pou trete maladi venn yo, nou ofri plizyè kalite tretman ak pwosedi, sa ka gen ladan tretman medikal san operasyon, ti pwosedi ki pa mande gwo operasyon, ak operasyon ki pi konplike lè sa nesesè.

Men kèk opsyon tretman nou ka rekòmande:

Swen pou prevansyon ak sipò

  • Terapi konpresyon, tankou chosèt oswa ba espesyal pou ede venn yo
  • Konsèy ak chanjman nan fason moun viv

Tretman pou aparans venn yo (tretman kosmetik)

  • Tretman ak lazè ki fèt atravè po a
  • Tretman ak chalè ki sèvi ak onn radyo (radiofrequency thermocoagulation)
  • Skleroterapi (avèk èd yon iltrason oswa yon limyè espesyal pou wè venn yo)

Operasyon minimòm envazif

  • Fèmen venn nan avèk yon lakòl medikal espesyal (cyanoacrylate ablation)
  • Terapi lazè andedan venn (EVLT)
  • Fèmen venn yo avèk yon tretman mekanik ak chimik andedan venn nan
  • Tretman ak kim chimik pou fè venn nan fèmen
  • Retire ti venn ki domaje yo atravè ti ouvèti nan po a (microphlebectomy)
  • Fèmen venn yo avèk enèji onn radyo (RFA)

Lòt pwosedi (tankou retire venn oswa mare venn ki gen pwoblèm)

  • Tretman ak pwosedi pou boul san
  • Filtè nan venn kav
  • Medikaman pou DVT oswa CVI, tankou medikaman ki anpeche san fè boul ak lòt medikaman ki ede venn yo travay pi byen
  • Twonbektomi oswa twonboliz (tankou twonbektomi ki fèt ak yon aparèy)