Kesyon sou Swen Vityèl
Apèsi sou swen vityèl
Sèvis Swen Vityèl 24/7 disponib pou pasyan ki deja etabli nan Mass General Brigham ansanm ak nouvo pasyan yo.
Ou ka rankontre ak yon founisè atravè yon vizit Swen Vityèl 24/7 ki an sekirite, entèaktif sou tablèt, telefòn entèlijan oswa òdinatè w.
Sèvis sa a se pou granmoun ak timoun ki gen 3 lane oswa plis. Yon granmoun ap bezwen akonpaye nenpòt moun ki mwen pase 18 lane.
Wi, menm jan ak yon randevou regilye, vizit vityèl ou a se prive ak konfidansyèl. Sepandan, li enpòtan anpil pou fè vizit ou a nan yon kote prive, an sekirite.
Nou itilize yon vèsyon espesyal nan Zoom pou vizit swen sante ki gen plizyè karakteristik sekirite ki pa disponib nan lòt vèsyon Zoom yo. Chak randevou endividyèl kreye yon nouvo lyen reyinyon ant founisè ak pasyan. Epitou, gen yon fonksyon sal atant founisè yo itilize pou admèt moun nan reyinyon Zoom nan, nan yon fason pou okenn moun yo pa t envite pa ka antre.
Yo enkripte tout apèl videyo yo, videyo ak mesaj chat epi pa pèmèt yo anrejistre yo, epi sistèm videyo a pa sovgade enfòmasyon pèsonèl sou sante. Konekte nan vizit la atravè Patient Gateway ki bay yon lòt kouch sekirite. Vizit vityèl atravè Patient Gateway fèt pou fasilite rankont ak founisè ou, pandan y ap kenbe ou menm ak enfòmasyon sante ou an sekirite.
Anvan vizit vityèl ou
-
Yon kont Patient Gateway
-
Yon aplikasyon videyo Zoom telechaje epi enstale sou aparèy ou
-
Yon koneksyon entènèt ki fyab
-
Yon PC/Mac ki satisfè kondisyon minimòm sa yo:
- Chrome oswa Firefox kòm navigatè entènèt
- Webcam
- Mikwo
-
Opalè oswa kas
-
Yon aparèy iPhone/iPad/Android ki gen:
- Aplikasyon Patient Gateway
- Kamera devan