false

Vizit Vityèl

Sou vizit vityèl la

Yon vizit vityèl se yon randevou videyo oswa telefòn ak founisè swen sante ou oswa ekip swen ou depi lakay ou, travay ou oswa lòt kote ki prive.

Pandan yon vizit vityèl, ou ka:

  • Abòde yon nouvo pwoblèm medikal oswa chanjman nan sante ou
  • Swiv yon maladi ki gentan la
  • Revize oswa kòmande travay laboratwa, imajri oswa rezilta tès
  • Diskite sou medikaman, renouvle yon preskripsyon, oswa kòmande yon nouvo
  • Pale sou yon pwosedi oswa pwochen operasyon

Moun k ap pran swen, manm fanmi, ak lòt moun ka rantre nan vizit vityèl ou a depi kote yo ye a oswa adistans.

Kijan pou mwen pran randevou pou yon vizit vityèl?

Gen de fason pou jwenn aksè ak swen vityèl nan Mass General Brigham.

  • Kit ou se yon pasyan ki deja etabli oswa ou pa, ou ka wè yon doktè vityèlman soti lakay ou nenpòt ki lè atravè Swen Vityèl 24/7 pou bezwen medikal yon sèl fwa. Pou pran randevou Swen Vityèl 24/7, itilize fòm demann sou entènèt sa a oswa chwazi “Swen Vityèl 24/7” nan Patient Gateway.
  • Si ou se deja pasyan Mass General Brigham, rele oswa voye yon mesaj bay founisè ou atravè Patient Gateway pou konnen si yon vizit vityèl disponib pou swen ou.

Si ou sitiye deyò Massachusetts, tanpri tcheke ak founisè ou pou konfime vizit vityèl yo disponib nan zòn ou an.

Kijan pou prepare yon vizit vityèl epi patisipe nan yon vizit vityèl

Tanpri ranpli etap sa yo anba a anvan vizit vityèl ou ak founisè ou.

Etap 1

Konekte oswa kreye kont Mass General Brigham Patient Gateway ou. Rele 1-800-745-9683 si ou gen kesyon oswa bezwen èd pou kreye kont ou.

Etap 2

Pran randevou pou vizit vityèl ou atravè Patient Gateway pou konekte ak yon founisè swen prensipal oswa espesyalize nan nenpòt kote ou ye.

Etap 3

Revize Akò Sèvis Swen Vityèl nou an ak Kesyon Moun Poze Souvan Pasyan yo anvan vizit ou.

Etap 4

Telechaje Zoom sou aparèy ou anvan vizit ou a.

  • Òdinatè:Telechaje Zoom sou òdinatè w.  Si ou gen yon Chromebook, tanpri ajoute Zoom nan navigatè entènèt ou a.
  • Mobil/Tablèt: Telechaje aplikasyon Patient Gateway Mass General Brigham nan Apple Store oswa Google Play, apre sa telechaje aplikasyon Zoom nan Apple Store, Google Play, oswa dirèkteman sou sit entènèt Zoom.

Si ou itilize navigatè entènèt Safari oswa Firefox, dezaktive bloke fenèt ki parèt otomatikman (pop‑up blockers). Al sousit entènèt Zoom pou asire karakteristik odyo ak videyo yo ap travay sou aparèy ou a. Rele 800-745-9683 pou asistans, si sa nesesè.

Etap 5

Konekte nan Patient Gateway Mass General Brigham 10-20 minit anvan randevou ou pou kòmanse vizit vityèl ou.

Ou pral wè mesaj “Wait for the host to start the meeting” (Tann pou òganizatè a kòmanse reyinyon an) jiskaske founisè ou kòmanse vizit la. Tanpri tann jiskaske founisè ou a konekte. Rele founisè a si ou gen pwoblèm pou konekte nan moman randevou ou.