Kijan pou devlope andirans atravè kondisyònman fizik
Robin Amylon, MS, ak Kaitlyn Buckwell, MS
Kèlkeswa kalite atlèt ou ye, antrennman kondisyone ka amelyore pèfòmans ou. Men, ki sa egzakteman antrennman kondisyone ye?
“Se yon kalite antrennman ki ede kè ak poumon yon atlèt travay pi byen,” di Robin Amylon, MS. Li se yon espesyalis nan fòs ak kondisyon fizik nan Center for Sports Performance and Research, yon sant Mass General Brigham ki etidye pèfòmans nan espò.
Li menm ak Kaitlyn Buckwell, MS, yon espesyalis nan fòs ak kondisyon fizik nan Mass General Brigham, esplike kijan kè w, poumon w ak lòt pati nan kò w ka travay pi byen. Sa ka ede w kouri pi vit, kouri pi lwen epi refè pi vit.
Kijan egzèsis kondisyone amelyore andirans?
Lè w ap fè yon aktivite fizik tankou kouri oswa kouri vit, kò w itilize enèji ki estoke nan selil li yo pou fè misk ou yo deplase. Pandan sous enèji sa a ap fini, ou santi w fatige, ou vin ralanti, oswa menm pi fèb.
Antrennman kondisyone devlope andirans lè li amelyore fason kò w itilize sous enèji li yo. Li fè sa lè li amelyore fason pati enpòtan nan kò w travay, tankou:
- ATP: ATP, oswa adenozin trifosfat, se sous enèji prensipal selil ou yo. Avèk antrennman kondisyone, kò w vin sèvi ak ATP pi byen.
- Batman kè: Antrennman kondisyone ranfòse misk kè a, sa ki fè l ponpe pi efikasman. Sa fè batman kè w pi ba lè w an repo.
- Limit kò w anvan misk ou fatige: Sa a se kantite maksimòm laktat (yon pwodui chimik ki pwodui lè selil ou itilize enèji) ke kò w ka sipòte anvan ou santi fatige. Lè w ogmante papòt sa a, ou ogmante kantite tan ou ka fè yon aktivite fizik.
- Koule oksijèn: Anplis san w sikile pi byen, misk ou itilize pou respire yo vin pi fò. Ou respire pi dousman epi ou pran plis oksijèn ak chak souf.
Gen plizyè kalite egzèsis kondisyone. Kèk sèvi ak oksijèn pou bay kò w enèji; lòt yo pa sèvi avè l.
Egzèsis ki sèvi ak oksijèn ak egzèsis ki pa sèvi avè l: Ki diferans lan?
“Diferans ki pi senp lan sèke nan yon kalite egzèsis, kò w sèvi ak oksijèn pou l jwenn enèji. Nan lòt kalite a, li pa sèvi ak oksijèn. Epi sa ki detèmine sa se dire ak entansite a,” Amylon di.
Lè ou fè egzèsis ki pa twò entans, kò w jwenn plis oksijèn. Selil ou yo gen tan pwodui enèji yo bezwen an. Sa vle di ou ka fè egzèsis aerobik sa yo pandan plis tan, tankou 20 a 30 minit. Egzèsis kote kò w sèvi ak oksijèn gen ladan monte bisiklèt, rame, kouri ak naje.
Egzèsis ki pi entans, tankou fè egzèsis difisil pandan yon ti tan epi pran poz, oswa kouri vit tanzantan, fè w itilize rezèv enèji w byen vit. Pifò moun kapab kenbe aktivite a sèlman pandan yon tan ki pi kout, anjeneral ant 10 segonn ak twa minit.
Kalite fòmasyon kondisyone ki pral benefisye w plis la depann de ki espò w ap pratike. Pa egzanp, egzèsis aerobik ede kourè long distans bati andirans yo lè yo ogmante papòt laktik, amelyore kapasite aerobik, epi ogmante koule oksijèn. Atlèt ki fè aktivite nan ti peryòd kout, tankou nan baskètbòl, hokey ak foutbòl, jwenn plis avantaj nan egzèsis kote kò a pa sèvi ak oksijèn pou jwenn enèji.
Konsèy pou mete egzèsis kondisyone nan woutin ou
Si w vle kòmanse fè antrennman kondisyone, Amylon ak Buckwell gen konsèy pou ede w evite blesi, doulè nan misk ki twò fò ak fatig ki pa pase.
Sekirite
Anvan ou kòmanse, pale ak doktè w pou w konnen si ou ka fè aktivite sa yo san danje. Gen pwoblèm sante, tankou pwoblèm kè, ki ka fè antrennman kondisyone danjere pou ou. Yo ka mande tou pou w fè egzèsis ki mwens entans sèlman.
Si w fèk kòmanse, ou ka travay ak yon antrenè ki gen sètifikasyon. Li ka montre w kijan pou fè egzèsis yo san w pa blese, tankou lè w fè plizyè egzèsis youn apre lòt.
Fè pwogrè
Pou ou kontinye fè pwogrè nan andirans ou, ou bezwen ogmante egzèsis kondisyone ou yo detanzantan.
“Ogmante dire egzèsis la se fason ki pi fasil epi ki pi an sekirite pou ogmante entansite l,” Buckwell di. “Atlèt ki gen plis eksperyans nou yo ka manipile kèk lòt varyab. Kidonk, olye w chanje dire a sèlman, ou ka ajiste peryòd repo yo.”
Fè chanjman sa yo piti piti. Pa egzanp, ajoute senk minit nan dire yon egzèsis oswa retire 10 segonn nan yon peryòd repo.
Kilè pou fè antrennman an
Kilè pou w ajoute antrennman kondisyone nan woutin ou depann de kalite egzèsis ou vle fè a. An jeneral, nenpòt fòmasyon aerobik ta dwe fèt apre yon antrennman fòs, oswa nan yon jou apa, pou jwenn plis benefis nan chak sesyon. Fè antrennman kote kò w pa sèvi ak oksijèn pou jwenn enèji nan yon lòt jou.
“Ou pa bezwen fin fatige apre chak sesyon pou w jwenn rezilta ou vle yo,” Buckwell di.