false

Sa batman kè w ap di w

Yon monitè batman kè sou ponyèt yon moun.
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3007731

Aparèy ou mete sou kò w pou suiv aktivite w fè li fasil — e amizan — pou w plonje nan estatistik batman kè. Ou ka fasilman wè kijan batman kè w chanje segonn pa segonn, gade graf batman kè w lè w an repo pandan yon peryòd tan e menm analize dòmi w.

Men, kisa tout estatistik sa yo di w sou sante w? Èske batman kè w, oswa pous ou, pandan tout jounen an "nòmal" oswa "bon"? E kilè batman kè w se yon siy yon bagay pa fin kòrèk?

Doktè Amy Sarma, yon kadyològ nan Mass General Brigham, ki dirije Pwogram Sante Kè Fanm Corrigan ansanm ak yon lòt moun nan Massachusetts General Hospital, reponn tout kesyon w yo.

Konprann batman kè w

Yon batman kè kòmanse ak yon gwoup selil (nòd sinoatriyal la) ki voye yon siyal elektrik nan tout kè a. Siyal yo vwayaje desann de otowout enfòmasyon yo rele branch pake. Branch sa yo ale sou bò dwat ak bò gòch kè a epi voye siyal pou fè kè a kontrakte.

Batman kè w se kantite fwa kè a kontrakte. Pwoblèm batman kè ka soti nan nenpòt pati chemen siyal elektrik sa a.

Ou ka tcheke batman kè w san yon aparèy ki suiv aktivite w. Senpleman peze dezyèm ak twazyèm dwèt ou sou atè radyal ou (kote pous ou rankontre ponyèt ou). Ou ta dwe santi yon pilsasyon la. Konte konbyen batman ou santi nan 15 segonn epi miltipliye kantite sa a pa kat.

Sonje batman kè w se jis yon moso enfòmasyon epi li pa di tout istwa sante w. Li enpòtan pou pran swen sante w epi konsilte doktè k ap suiv ou regilyèman.

Amy Sarma, MD

  • Cardiologist, Mass General Brigham

Kisa ki yon batman kè nòmal?

“An jeneral, yon batman kè tipik nan repo se ant 60 ak 100 batman pa minit. Timoun piti souvan gen batman kè ki pi wo. Moun ki trè aktif ka remake yo gen batman kè ki pi ba nan repo. Anplis de sa, kèk pasyan pran medikaman pou bese batman kè a pi ba 60 batman pa minit,” Doktè Sarma di.

Batman kè ka varye pandan tout jounen an. Petèt ou chita ap li — ou santi w detann, epi batman kè w ralanti. Lòt fwa, ou santi w eksite oswa enkyè — oswa petèt ou fèk kouri pou pran yon bis — epi kè w bat pi vit.

Lòt faktè enfliyanse kè w tou. Batman kè w ka chanje akòz:

  • Konsomasyon alkòl
  • Konsomasyon kafeyin
  • Mank somèy
  • Medikaman

Ki sa ki yon bon batman kè nan repo?

Sonje chak moun diferan e batman kè w chanje selon kò w. Yon bon batman kè depann de eta sante w ak kondisyon fizik pa w.

Si w fè egzèsis regilyèman, ou ka remake batman kè w nan repo ba. Yon batman kè ki pi ba nan repo ka vle di sistèm nève otonòm kò w (ki kontwole fonksyon kò ou pa kontwole volontèman, tankou respirasyon, batman kè ak dijesyon) pi ekilibre epi li ka adapte ak sitiyasyon chak jou.

Sepandan, yon batman kè ki ba pa toujou an sante. Al wè pwofesyonèl sante prensipal ou si batman kè w ba epi ou:

  • Santi w tankou w pral endispoze
  • Santi kè w ap bat vit
  • Remake batman kè w pa ogmante avèk egzèsis
  • Endispoze oswa pèdi konesans

Pwofesyonèl sante prensipal ou a pral egzamine w epi tcheke tansyon w. Yo ka rekòmande tou pou w wè yon kadyològ pou plis tès, tankou yon egzamen EKG, ki gade aktivite elektrik kè w.

Kisa sa vle di an rezime?

“Batman kè poukont li se jis yon pati nan devinèt la, sitou si w gen sentòm, men li pa bay yon foto konplè,” di Doktè. Sarma di.

Rekonèt yon batman kè ki danjere

Donk, kilè yo konsidere batman kè w kòm danjere? Doktè Sarma mete aksan sou de prensipal rezon pou enkyetid:

  1. Chanjman toudenkou san rezon: Imajine w chita sou kanape a san w pa fè anyen. Toudenkou ou santi kè w ap bat vit nan lestomak ou, oswa aparèy ki suiv aktivite w la avèti w ou antre nan mòd egzèsis. Sa se yon bagay ki merite atansyon. Di doktè w si w santi nenpòt chanjman toudenkou ak dramatik nan batman kè w — kit li monte oswa li desann — lè w pa fè anyen ki ka lakòz sa. Doktè w la ka vle fè plis tès pou wè si santiman chanjman nan batman kè sa a (pafwa yo santi l tankou palpitasyon) se akòz aktivite elektrik ki pa nòmal nan kè a.
  2. Santi w pa byen ak yon batman kè ki pa nòmal: Petèt ou remake batman kè w lè w an repo pi ba pase nòmal pandan kèk jou ki sot pase yo. Anplis de sa, ou santi w pi fatige oswa ou santi tèt ou ap vire. Lè w konnen batman kè w diferan de nivo nòmal li epi ou santi w pa byen, pale ak ekip swen sante w la.

Kisa palpitasyon kè vle di?

Yon palpitasyon kè se lè w santi kè w ap bat twò vit, ap sote batman, ap tranble oswa ap bat fò. Yo se sentòm, men yo pa yon dyagnostik poukont yo. Doktè yo pral fè tès pou wè si palpitasyon yo se akòz yon aritmi (lè siyal elektrik kè a ap fonksyone yon fason ki pa nòmal). Gen kondisyon ki pa gen rapò ak kè a ki ka lakòz moun santi palpitasyon, tankou:

  • Kondisyon tiwoyid
  • Kantite selil nan san ki ba
  • Kèk medikaman
  • Anksyete

“Santi palpitasyon se yon bagay ki trè komen. Menm si sentòm yo ka fè pè, pifò tan an sa pa vle di yon bagay mal ap rive kè w,” Doktè Sarma di.

Chèche swen medikal imedyatman si youn nan bagay sa yo rive w:

  • Santi w tankou w pral endispoze
  • Vètij oswa santi w ta ka pèdi konesans
  • Pèt konesans
  • Doulè nan pwatrin oswa malèz
  • Palpitasyon ki pa sispann
  • Difikilte pou respire

Si w enkyete w ou ka fè yon atak kè, pa ezite. Rele 911 imedyatman.

Si w te deja gen yon maladi kè, pale ak doktè kè w si w remake sentòm ki gen rapò ak kè ou pa t janm genyen anvan. Ou ka mande lòt moun nan fanmi w tou si yo konnen gen ka aritmi nan istwa sante fanmi w, pou w ka fè doktè w konnen.

Tcheke batman kè w, men pa fè sa twòp.

Malgre li bon pou w konnen batman kè w, li enpòtan tou pou w pa twò analize bagay yo.

Dapre Dr. Sarma, batman kè w varye pandan tout jounen an. Li nòmal pou li ralanti lè w ap detann, oswa lè w ap dòmi. Li nòmal tou pou li akselere lè w:

  • Fè egzèsis
  • Santi doulè oswa enkyetid
  • Pran sèten medikaman ki ka ogmante batman kè w

Pou amelyore sante kè w, Doktè Sarma rekòmande pou w:

“Sonje batman kè w se yon sèl eleman enfòmasyon; li pa bay tout detay sou sante w. Li enpòtan pou w peye atansyon sou sante w epi wè founisè swen prensipal ou regilyèman,” Doktè Sarma konkli.

primary
internal
Aprann sou sèvis kadyak ak vaskilè nan Mass General Brigham (yon sant medikal ameriken)
/content/unified-xwalk/ht/services/heart-vascular