false

Antrènman ak Elastik Rezistans pou Devlope Fòs

Yon jèn fi k ap fè egzèsis deyò avèk yon elastik rezistans.

Si w ap chèche yon nouvo fason pou amelyore kondisyon fizik ou, eseye elastik rezistans yo.

Elastik rezistans yo se gwo elastik ki gen diferan nivo rezistans. Terapet fizik yo souvan itilize yo pou ede moun refè apre blesi, men antrènman fòs avèk elastik rezistans yo efikas tou. Efò ou fè pou lonje elastik rezistans yo fè misk ou yo travay, menm jan ak efè altè oswa machin pou leve pwa.

Elastik rezistans yo ka amelyore kondisyon fizik ou an jeneral, tankou sante kè ak veso sangen ou. Yo ka ede kò ou depanse enèji epi ranfòse misk ou vle travay yo. Atlèt wo nivo ka sèvi ak yo tou pou fè mouvman yo pi efikas epi evite blesi lè yo travay ti misk ki antoure gwo misk yo.

Èske elastik rezistans yo bon pou antrènman fòs?

Rechèch montre egzèsis ak elastik rezistans ka ranfòse misk menm jan ak egzèsis ak pwa. Yo ka ede moun bese tansyon yo, pèdi pwa ak amelyore fonksyònman sèvo yo tou.

Antrènman fòs ak elastik rezistans gen anpil avantaj pratik. Men avantaj sa yo:

  • Pa koute chè: Ou ka achte yon seri plizyè elastik pou kondisyon fizik ki gen diferan nivo tansyon sou entènèt pou mwens pase $20. Altè, pwa won ki gen manch ak ba pou leve pwa koute pi chè anpil, sitou si ou achte yo nan plizyè pwa.
  • Fasil pou sèvi ak yo: Li fasil pou kòmanse. Anpil nan egzèsis yo senp pou aprann, epi ou ka fè yo prèske nenpòt kote. Ou pa bezwen enskri nan yon sal espò ni gen yon espas espesyal lakay ou.
  • Fasil pou ajiste: Si ou bezwen plis oswa mwens rezistans, ou pa bezwen jwenn yon lòt ekipman, jan ou ta fè ak pwa lib. Si ou santi bann lan pa bay ase rezistans, ou ka ogmante tansyon an lè ou deplase men ou pi pre sant bann lan. Lè w double elastik la, sa ogmante tansyon an tou. Si yon elastik twò difisil pou rale, mete men ou pi pre pwent li pou diminye rezistans lan.
  • Fasil pou pote: Elastik yo lejè, yo pa pran anpil plas, epi yo fasil pou mete nan valiz. Ou ka kontinye travay pou atenn objektif kondisyon fizik ou pandan w ap vwayaje.
  • An sekirite: An jeneral, elastik rezistans yo pi an sekirite pase pwa. Pa egzanp, ou ka lage yon altè sou pye ou oswa rete bloke anba yon ba ki twò lou lè w ap pouse pwa anlè pandan ou kouche.
  • Bon pou anpil egzèsis: Elastik Rezistans yo ekstrèmman vèsatil. Ou ka sèvi ak yo pou fè anpil kalite mouvman ki travay tout gwoup misk yo.

Avantaj antrènman avèk elastik rezistans pou atlèt

Egzèsis avèk elastik rezistans pou atlèt bay plizyè avantaj byen presi. Yo se zouti ekselan pou chofe ak rekipere. Elastik pou fè egzèsis yo ka ede atlèt yo konsantre tou sou ti misk ki bezwen plis atansyon. Lè w sèvi ak yon elastik pou yon egzèsis, kò ou ka bezwen travay pi di pou kontwole mouvman an.

Pa egzanp, si w ap sèvi ak yon machin pou pouse pwa ak pwatrin ou, pwa a deplase sou yon ray nan yon sèl direksyon. Li previzib epi li konsantre sou gwo misk yo. Si w fè menm egzèsis la, nan menm pozisyon an, men ou sèvi ak yon elastik—kounya, li vin yon ti jan enstab. Pi piti misk ou yo oblije travay pi di pou estabilize mouvman enstab sa a.

Lè w kontwole mouvman enstab sa a, ou ranfòse ti misk yo. Sa ka ede korije mouvman ki pa kòrèk ak dezekilib miskilè pou amelyore kalite jeneral mouvman w yo. Sa ka fè lòt antrennman ou yo pi an sekirite epi pi efikas tou, anplis amelyore pèfòmans ou.

Sepandan, si ou vle ogmante gwosè misk ou, w ap pwobableman bezwen altè oswa ba pou leve pwa ki pi lou.

Kijan pou itilize elastik rezistans pou antrènman fòs

Si w fèk kòmanse, eseye chwazi:

  • Yon kalite egzèsis pouse pou pati anwo kò a, tankou pouse elastik la anlè tèt ou oswa devan pwatrin ou (kanpe oswa kouche)
  • Yon kalite egzèsis rale pou pati anwo kò a, tankou fleksyon bisèps, ekstansyon trisèps anlè tèt, oswa rale pwa vètikal
  • Yon kalite egzèsis pou pati anba kò a, tankou akoupi oswa leve pwa atè

An jeneral, fè 3 seri 6 a 12 repetisyon pou chak egzèsis. Si w vize pran mas ak bati mas miskilè, sèvi ak plis tansyon ak mwens repetisyon. Si objektif ou se amelyore andirans miskilè ou, diminye rezistans lan yon ti kras epi fè jiska 15 repetisyon.

Toujou kòmanse ak yon elastik ki bay mwens rezistans pase sa ou panse ou bezwen, epi pwogrese ti kras pa ti kras nan chak antrennman. W ap konnen rezistans lan bon pou ou si egzèsis la difisil, men ou kapab kenbe yon bon pozisyon jiska dènye kèk repetisyon yo.

Elastik rezistans yo jeneralman an sekirite anpil, men yo ka kase epi frape ou.

Sonje verifye elastik yo anvan ak apre chak antrennman pou wè si yo gen kote ki koupe oswa ki fann.

Espesyalis toupre mwen

Center for Sports Performance and Research, sant Mass General Brigham pou pèfòmans espòtif ak rechèch, prepare pwogram ki adapte pou chak atlèt. Ekspè nou yo evalye sante w ak fason w fè mouvman, epi yo elabore pwogram egzèsis ki vize amelyore pèfòmans ou epi diminye risk pou w blese.

primary
internal
Aprann plis sou sèvis medsin espòtif yo
/content/unified-xwalk/ht/services/sports-medicine