false

Melanom: Faktè risk ak sentom

Yon fi ki mete yon chapo ak linèt solèy pou pwoteje tèt li kont kansè po.
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3000387

Melanom se kalite kansè po ki pi grav epi ki pi agresif. An 2024, yo t apral estime gen 100,640 nouvo ka melanom po dapre Enstiti Nasyonal Kansè (NCI). Anviwon 8,290 moun apral mouri ak maladi sa a.

Erezman, si yo detekte l bonè, melanom ka trete. "Vin gen plis moun ki resevwa dyagnostik melanom chak ane." Men an menm tan, gen plis moun k ap siviv anba yon dyagnostik melanom, se sa Shawn Demehri, MD, PhD, yon dèmatològ, di. Li se yon chèchè prensipal nan Krantz Family Center for Cancer Research nan Mass General Brigham Cancer Institute epi direktè Klinik Kansè Po ki gen Gwo Risk nan Massachusetts General Hospital.

Doktè Demehri revize faktè risk melanom yo, sentom yo, ak mezi ou ka pran pou ede diminye risk ou.

Ki sa melanom ye?

"Melanom se kalite kansè po ki pi mòtèl la." "Si yo pa dyagnostike l bonè, li ka gaye rapidman nan lòt pati nan kò a," se sa doktè Demehri di. Melanm pi souvan gaye nan poumon, fwa, sèvo ak zo, dapre American Cancer Society.

Melanom devlope apati melanosit. Sa yo se selil po ki pwodui melanin, pigman ki bay po ou koulè li. Melanom ka parèt sou nenpòt sifas po, men li gen plis chans pou li parèt sou zòn ki ekspoze ak solèy la, tankou figi, kou, bra oswa janm. Li souvan devlope apati yon sin ki te deja la oswa yon nouvo tach nwa oswa mawon ki parèt sou po a.

Ki faktè risk melanom yo?

Moun ki gen po klè ak cheve klè gen plis chans pou yo trape nenpòt kalite kansè po, men li enpòtan pou nou konprann nenpòt moun ka trape melanom, se sa doktè Demehri di.

Plizyè faktè ka ogmante risk ou genyen pou w devlope melanom, tankou:

  • Ekspozisyon ak reyon IVA ak IVB danjere ki soti nan solèy la. Reyon IV yo se yon kalite radyasyon ki ka domaje ADN selil po yo. Moun ki gen melanom souvan gen yon antesedan kote yo te konn pran gwo kout solèy lè yo te timoun oswa adolesan.
  • Itilizasyon kabann pou fè bwonzaj.
  • Po klè, po ki boule fasil, takte kodenn, oswa po ki fè mal lè li ekspoze ak solèy.
  • Prezans nevis displastik (yon sin atipik).
  • Prezans plizyè ti sin oswa gwo sin.
  • Sistèm iminitè ki fèb.
  • Laj avanse.
  • Antesedan fanmi oswa pèsonèl melanom deja.

"Ekip nou an ofri konsèy jenetik pou moun ki gen yon antesedan fanmi melanom, konsa ou ka konnen si ou an risk epi pran mezi pou w anpeche li," se sa doktè Demehri di.

Ou ta dwe aprann konnen tout sin ak mak ki sou kò ou epi tcheke si gen nenpòt chanjman ladan yo. Nou rekòmande pou w tcheke po ou yon fwa pa mwa.

Shawn Demehri, MD, PhD

  • Dèmatològ, Mass General Brigham Cancer Institute

Siy ak sentom melanom

Melanom yo souvan mawon oswa nwa, men yo ka woz, bèj oswa blan tou.

Premye siy melanom yo souvan se:

  • Yon sin oswa yon tach sou po a ki chanje gwosè, fòm oswa koulè.
  • Enflamasyon, boul oswa mak ou pa t konn genyen.
  • Yon nouvo kote ki vin nwa sou po a.
  • Yon blesi ki pa geri.
  • Woujè oswa enflamasyon alantou yon sin.
  • Sansasyon grate, sansiblite oswa doulè sou po a.
  • Yon liy nwa nan yon zong oswa yon tach nwa nan je a.

Ou ta dwe konnen tout sin ak mak ki sou kò w epi tcheke si gen nenpòt chanjman, se sa doktè Demehri di. "Nou rekòmande pou w tcheke po ou yon fwa pa mwa.

ABCDE melanom yo.

Malgre pifò sin yo inofansif, li enpòtan pou w rekonèt lè yo chanje. Si w remake chanjman nan po ou, ou ka itilize règ ABCDE melanom yo pou w evalye sin yo:

  • A se pou asimetri: Èske gen yon bò sin nan ki sanble diferan de lòt bò a?
  • B se pou bòdi: Èske sin nan gen yon bòdi ki pa regilye?
  • C se pou koulè (color an angle): Èske sin nan gen yon koulè ki pa inifòm? Èske gen plis pase yon koulè nan sin nan?
  • D se pou dyamèt: Èske li pi gwo pase yon grenn pwa frans?
  • E se pou evolisyon: Èske li chanje dènyèman an?

Rele doktè ou si w remake nenpòt nan chanjman sa yo nan sin ou yo.

Menm si ou pa remake anyen sou po w, ou ka vle fè founisè swen prensipal (PCP) oswa doktè ou egzamine po w yon fwa pa ane. Nou souvan remake bagay ou ta ka rate, se sa doktè Demehri di.

Depistaj melanom

Ou ka devlope melanom nan plis pase yon kote an menm tan. Founisè swen sante ou a ka fè egzamen ak tès sa yo pou dyagnostike melanom:

  • Yon egzamen fizik: Doktè ou a gade po ou ak anpil atansyon epi li note nenpòt sin ki ta ka gen rapò ak kansè po.
  • Dèmoskopi: Doktè ou a egzamine po ou byen ak yon mikwoskòp espesyal, ki pèmèt li wè bagay je toutouni pa ka detekte.
  • Mikwoskopi konfokal a reflektans (RCM): Doktè ou a egzamine zòn ki pa nòmal nan po ou ak teknik imaj ki pa envazif sa a.
  • Byopsi po: Doktè w la retire yon ti echantiyon po w epi li voye l nan yon laboratwa pou yo analize l pou chèche si gen selil kansè. Doktè w la ka retire tout ekskwasans lan si gen gwo enkyetid sou posibilite pou se yon melanom.

Si yo dyagnostike w ak melanom, ebyen n al verifye si li gaye nan gangliyon lenfatik yo oswa nan lòt zòn nan kò w, se sa doktè Demehri di.

Kijan ou ka fè prevansyonkont melanom?

Gen kèk faktè risk, tankou koulè po w, antesedan fanmi w, oswa laj ou, ou pa ka kontwole. Sepandan, gen plizyè mezi ou ka pran pou w pwoteje po w epi diminye risk pou w devlope melanom. Ou ta dwe:

  • Itilize pwoteksyon kont solèy chak jou, menm nan jou tan an kouvri yo oswa pandan sezon fredi. Menm si w planifye rete anndan, sèvi ak yon idratan pou figi ki gen pwoteksyon kont solèy ak yon SPF 30 oswa plis.
  • Mete pwoteksyon kont solèy la 30 minit anvan ou soti deyò. Aplike l ankò chak 2 èdtan apre premye aplikasyon an, epi chak apre ou fin swe oswa naje.
  • Mete rad pwoteksyon ki gen yon twal ki byen sere oswa ki gen yon faktè pwoteksyon kont reyon iltravyolè (UPF). UPF mezire konbyen reyon IV ki pase nan twal la. Plis nimewo UPF a pi wo, se plis pwoteksyon an pi bon.
  • Sèvi ak akseswa tankou yon chapo ak linèt solèy polarize pou pwoteje figi w, po tèt ou, ak je w.
  • Evite itilize kabann bwonzaj.
  • Fè yon egzamen po yon fwa pa ane epi tcheke po w chak mwa. Note nenpòt sin, blesi, oswa chanjman sou po w ki sanble sispèk, epi kontakte doktè w si w gen nenpòt enkyetid.

Plis yo idantifye melanom nan bonè, se plis chans ou genyen pou tretman an reyisi.

Gras ak deteksyon prekòs epi ak tretman ki pi avanse, gen plis moun chak jou k ap viv byen apre yo fin resevwa yon dyagnostik melanom. Si ou remake nenpòt bagay enkyetan konsènan po w, doktè w ka ede w, se sa doktè Demehri di.

Yon fanm k ap fè randone k ap mete pwoteksyon kont solèy.

Moun tout koulè po dwe sèvi ak pwoteksyon kont solèy regilyèman.

primary
internal
Aprann plis sou siy kansè po yo
/content/unified-xwalk/ht/health-wellness/signs-skin-cancer