Kijan pou w chwazi yon founisè swen prensipal
Pakou sante ou inik epi pèsonèl. Ou vle yon ekip swen sante ki fòme ak ekspè ki konprann istorik medikal ou epi ki sipòte sante ou atravè swen prevantif, dyagnostik, ak tretman. Yon ekip ou ka fè konfyans ki adapte pou ou. Yon ekip ki konprann kote ou vle rive epi ki ede w rive la.
Se la pwofesyonèl sante ki ba ou swen prensipal la antre an jwèt.
Founisè swen prensipal yo bay swen kontinyèl, kowòdone swen ak espesyalis yo, rete ajou ak mezi prevantif, epi bay konsèy jeneral sou sante. Pwofesyonèl sante ki ba ou swen prensipal la ede w pran swen kò w ak lespri w.
Kisa yon founisè swen prensipal ye?
Yon founisè swen prensipal (PCP) se founisè swen sante prensipal ou nan sitiyasyon ki pa ijans. Yo se an jeneral moun ou rankontre pi regilyèman pou egzamen woutin, enkyetid medikal komen, ak kesyon sou sante ou. Doktè, enfimyè pratisyen, enfimyè espesyalis klinik ak asistan doktè se tout egzanp PCP yo.
Pwofesyonèl sante ki bay swen prensipal yo souvan se premye moun nou wè lè nou bezwen swen medikal. Yo sèvi antanke yon pon ant pasyan yo ak sistèm swen sante ki pi laj la. Kit se yon konsiltasyon woutin, yon maladi ki pa grav oswa yon maladi kwonik, PCP yo la pou reponn ak enkyetid nou genyen sou sante nou.
Antanke ekspè nan ekip swen sante ou ki gen plis chans pou konnen ou pi byen, wòl PCP ou a se pou:
- Bay swen prevantif, fè depistaj sante regilyèman ak bay vaksen
- Gide w pou w fè chwa ki favorize yon vi an sante
- Idantifye epi trete pwoblèm sante komen
- Evalye si pwoblèm medikal ou yo ijan epi voye w kote pwofesyonèl sante ki pi apwopriye pou ba ou swen
- Ba ou yon referans pou w wè yon espesyalis medikal lè sa nesesè
Paske founisè sa yo devlope relasyon konfyans ki dire plizyè ane ak pasyan yo, yo gen tandans gen yon konpreyansyon ki pi konplè sou istwa medikal pasyan yo.
PCP yo bati relasyon alontèm ak pasyan yo. Kontinite swen sa a esansyèl. Yo aprann konnen istorik medikal, preferans, ak bezwen inik pasyan yo. Lè yo konnen pasyan yo byen konsa, yo ka ba yo swen ki adapte ak bezwen yo epi ede yo jwenn pi bon rezilta.
Èske gen diferan kalite PCP?
Wi. Doktè, enfimyè pratikan, enfimyè klinik, ak asistan doktè yo tout ka se PCP. PCP yo ka espesyalize nan anpil domèn, enkli domèn ekspètiz sa yo:
- Medsin fanmi, k ap trete ni timoun ni granmoun epi ki souvan pran swen tout fanmi
- Swen pou granmoun aje, k ap trete pasyan ki gen 65 an oswa plis
- Medsin entèn, k ap konsantre sou swen medikal pou granmoun
- Obstetrik ak jinekoloji, k ap espesyalize nan sante repwodiktif
- Pedyatri, k ap trete timoun depi yo tibebe jiska yo vin jèn adilt
Chwazi yon PCP
Li enpòtan pou w byen chwazi pwofesyonèl sante ki pral ba ou swen prensipal la. Apre tout, w ap chèche yon moun ou pral wè pandan lontan epi avèk ki w ap bati yon relasyon. Moun sa a pral konnen plis bagay sou istwa sante ou. Chwazi yon moun ki fè w santi w alèz epi ou ka fè konfyans.
PCP yo defann byennèt pasyan yo. Yo gide pasyan yo nan desizyon swen sante konplèks, yo ede yo navige nan sistèm nan. Yon pati nan wòl yo se bay sipò emosyonèl tou pandan maladi oswa moman difisil.
Lè w ap chwazi yon founisè, pran asirans sante ou an konsiderasyon. Anpil plan asirans limite founisè ou ka chwazi yo, oswa yo ofri ankourajman finansye pou ou si w chwazi nan yon lis founisè ki fikse. Anvan w kòmanse limite chwa ou yo, asire w ou byen konprann sa asirans ou kouvri. Anpil plan sante gen sit entènèt, anyè, oswa anplwaye sèvis kliyan ki ka ede w nan chwazi yon PCP. Pa egzanp, si w se yon manm Mass General Brigham Health Plan, yon plan asirans sante, ou ka jwenn yon pwofesyonèl sante nan rezo plan an.
Yon fwa ou fin idantifye yon lis founisè asirans ou kouvri, konsidere sa ki annapre yo:
- Kisa w ap chèche nan yon founisè swen sante?
- Èske biwo founisè a nan yon kote ki pratik pou ou? Èske li fasil pou ale la nan machin, nan tren, nan otobis oswa a pye?
- Èske w ap chèche swen prensipal pou tout fanmi w, pou yon moun aje ou renmen oswa pou tèt ou?
- Èske lè biwo a ouvè a mache ak orè w?
Pandan w ap chèche yon pwofesyonèl sante, mande fanmi, zanmi, vwazen ak kòlèg si yo ka rekòmande youn. Referans yo ka soti tou nan:
- Yon lòt pwofesyonèl sante ou fè konfyans, tankou dantis ou, famasyen ou oswa yon moun ki egzamine je w
- Asosyasyon medikal nan eta w la, asosyasyon enfimyè ak asosyasyon asistan doktè
- Gwoup defans ki ka ede w idantifye pi bon founisè a pou yon kondisyon kwonik oswa yon andikap espesifik
Aprann konnen PCP ou
Ou ka twouve li difisil pou pale ouvètman ak founisè swen sante yo—men transparans enpòtan anpil pou yon bon relasyon ant founisè ak pasyan. Poze pwofesyonèl sante w la kèk kesyon pou w ka konnen li pi byen ak konprann kijan li travay.
Kesyon yo ka enkli:
- Ki apwòch ou nan tretman?
- Kijan ou prefere jere kominikasyon ak pasyan yo? Èske ou prefere reponn pa mesaj tèks, imèl, telefòn oswa yon lòt mwayen?
- Kijan ou konsidere relasyon ant founisè ak pasyan? Èske ou konsidere pasyan yo antanke patnè nan swen yo, oswa èske ou pran yon apwòch ki pi endepandan?
- Kijan ou travay ak lòt manm ekip ou a?
Swen kowòdone: kijan pwofesyonèl swen prensipal yo travay ak espesyalis yo Kolaborasyon ant swen prensipal ak swen espesyalize
Yon fwa ou jwenn yon PCP ki satisfè bezwen w yo, w ap gen fondasyon pou yon ekip swen ou ka fè konfyans ki ede w jere chak aspè nan sante w.
Antanke ekspè ki gen pi bon konpreyansyon sou istorik medikal ou, PCP ou a ka etabli yon apwòch swen kowòdone pou ede w jwenn pi bon rezilta sante. PCP ou a refere w bay bon espesyalis yo ki ka trete kondisyon sante kwonik ak bezwen ijan. Rekòmandasyon yo se sèlman yon pati nan tablo a lè li rive nan sante jeneral ou. Kominikasyon klè ak kolaborasyon nan tout ekip swen ou a fè pi gwo diferans lan.
PCP yo kowòdone swen nan diferan espesyalite. Yo refere pasyan yo bay espesyalis lè sa nesesè, sa ki asire kominikasyon ak kolaborasyon san pwoblèm. Yo ede jere medikaman, rezilta tès, ak plan tretman antanke yon pati nan travay prensipal yo. Tout sa a se gras ak sipò yon rezo solid espesyalis Mass General Brigham.
Nan tout sistèm Mass General Brigham, founisè yo travay kole ansanm pou bay swen pèsonalize pou tout pasyan nan chak etap nan pakou yo. Yo bati relasyon ak pasyan yo pou yo bay swen prensipal, swen pou sante mantal ak konpòtman ak swen espesyalize.
PCP yo konsantre tou sou prevansyon maladi ak edikasyon pasyan yo sou fason pou yo viv yon vi ki pi an sante.
Swen prevantif ak konsèy sou fason pou viv an sante
PCP yo mete aksan sou swen prevantif epi yo ankouraje chwa mòdvi ki an sante. Yo edike pasyan yo sou nitrisyon, fè egzèsis, jesyon estrès, ak prevansyon maladi. Vizit regilye yo ede idantifye faktè risk yo nan yon etap prekòs epi ankouraje byennèt jeneral.
PCP ou a ka konseye w sou etap pou w rete an sante, tankou:
- Sispann fimen.
- Limite konsomasyon alkòl.
- Fè egzèsis regilyèman.
- Dòmi ase.
- Manje yon varyete manje ki bon pou sante w.
E si mwen pa gen yon PCP epi mwen bezwen swen?
Si w poko jwenn yon lòt pwofesyonèl pou swen prensipal ou lè yon ti pwoblèm sante parèt, kontakte sant swen ijan ki nan zòn ou an. Ekip swen ijan yo kapab trete maladi ak blesi komen pou pasyan ki vini san randevou. Yon lòt opsyon itil se swen vityèl 24/7 nan Mass General Brigham (sistèm swen sante). Li ouvri pou tout pasyan ki gen 3 an oswa plis, menm si yo pa janm wè yon founisè Mass General Brigham anvan. Nouvo pasyan ak pasyan ki deja la yo ka pran yon randevou Swen Vityèl 24/7 pou menm jou a oswa jou apre a sou Mass General Brigham Patient Gateway, pòtay entènèt pou pasyan yo.
Toujou ale nan yon sal ijans si ou gen yon blesi oswa yon maladi grav ki ka mete lavi w an danje.