Perimenopoz ak depresyon
Hadine Joffe, MD, MSc
Menm si perimenopoz pa gen yon gwo efè sou sante pifò fanm, chanjman nan òmòn yo ka fè kèk fanm gen plis risk pou fè depresyon.
Nan K&R sa a, Hadine Joffe, MD, MSc, yon sikyat Mass General Brigham ak espesyalis nan sante mantal fanm, reponn kesyon pasyan yo pi souvan chèche sou perimenopoz ak depresyon pandan perimenopoz.
Doktè. Joffe se direktè egzekitif Mary Horrigan Connors Center for Women’s Health Research nan Brigham and Women's Hospital. Travay klinik ak rechèch li konsantre sou kou, mekanis, ak tretman sentòm menopoz yo nan fanm ki an sante ak nan pasyan ki gen kansè nan tete.
"Nou la pou ou antanke klinisyen, antanke doktè, pou nou travay men nan men avèk ou, pou nou ede ou konprann epi adapte ou ak moman sa a nan lavi a, epi pou ba ou zouti ou bezwen pou ou travèse sa etap sa," se sa doktè Joffe di. "Gen bon tretman pou depresyon pandan perimenopoz."
K: Kisa perimenopoz ye?
Joffe: Perimenopoz se yon peryòd tan kote fanm yo gen chanjman nan modèl sik règ yo. An mwayèn, perimenopoz dire 4 an; epi li kòmanse an mwayèn nan mitan rive nan fen 40 an. Donk yon moun ki gen sik règ chak mwa ki previzib pral kòmanse gen sik ki pi kout oswa sik ki pi long. Yo ka varye epi yo ka enprevizib. Apre yon tan, yo ralanti. Yo vini mwens souvan. Yon fwa yon fanm fin pase 12 mwa san règ, li ofisyèlman nan pòs-menopoz. Sa vle di li rive nan menopoz.
Tout fanm pase nan menopoz epi pou pifò fanm, yo pase peryòd sa san gwo enpak sou byennèt yo. Se pa yon maladi; se pa yon pwoblèm sante. Se yon chanjman nan kapasite kò ou pou fè pitit, menm jan pibète se yon etap natirèl nan lavi. Lè yon fanm nan peryòd perimenopoz, sa li santi yo gen rapò ak chanjman k ap fèt nan kò li: ovè li yo ap vin pi gran, epi chanjman nan òmòn nan sèvo a montre kò li ap pase nan etap sa a. Òvè yo gen pi piti folikil ki lage ze pandan fanm yo ap antre nan laj.
K: Ki sentòm perimenopoz yo?
Joffe: Sentòm fanm souvan genyen yo se:
- Chanjman nan modèl sik règ
- Chanjman nan dòmi, dòmi ki koupe, oswa ensomni
- Gwo chalè toudenkou
- Mank enèji ak fatig pandan jounen an
- Chanjman nan imè
- Swe lannwit
- Sechrès nan vajen
Pou pifò fanm ki gen matris, règ yo se yon siy ki montre sa k ap pase nan kò yo. Men, pou fanm sa yo ki pa gen matris paske yo te retire l pou yon isterèktomi, oswa yo te gen yon lòt kalite tretman medikal, nou pa toujou gen siy règ ki montre sa k ap pase nan kò yo. Nou ka fè yon tès san pou ede konprann si yo nan perimenopoz.
K: Kisa depresyon pandan perimenopoz ye?
Joffe: Depresyon rive lè moun, nan ka sa a fanm, santi yon tristès yo pa ka chape oswa yo pa enterese nan fè aktivite yo abitye fè. Nan fòm ki pi modere li, fanm souvan gen pwoblèm sante depresif sa a pandan perimenopoz epi li ka dire pou yon peryòd tan ki long. Li vini epi li ale. Li vrèman lye ak chanjman òmòn ke nou konnen k ap fèt nan sèvo yo ak nan kò yo.
K: Ki siy ak sentòm gwo depresyon pandan perimenopoz?
Joffe: Gwo depresyon pandan perimenopoz se yon fòm depresyon pandan perimenopoz ki pi grav epi ki ka fè lavi chak jou vin pi difisil. Fanm genyen li mwens pase sa ki pi modere a. Anjeneral, fanm sa yo te deja gen depresyon anvan, men sa pa toujou konsa. Sa mache ansanm ak yon kantite lòt sentòm, tankou pwoblèm pou dòmi oswa dòmi twòp, manke motivasyon, manke enèji, pwoblèm konsantrasyon, chanjman nan apeti (manje twòp, manje twò piti), epi pafwa sa ki pi twoublan, panse ki fè ou santi bagay yo pap janm vin pi bon.
Depresyon difisil paske li ka pran tout fòs ak enèji yon moun. Ou konnen, moun ka santi se tankou yon vwal ki kouvri tout tèt yo ak tout kò yo, epi yo pa ka wè bagay yo klè. Se yon bagay ki difisil pou konprann. E se poutèt sa si yon moun remake li pa santi li menm jan li te konn ye a, li enpòtan pou li pale ak yon lòt moun. Si ou panse ou ka gen depresyon pandan perimenopoz, pale ak doktè swen prensipal ou. Yo konnen pasyan yo byen epi anjeneral yo gen anpil eksperyans nan trete depresyon.
K: Ki diferans ki genyen ant chanjman imè ki pi modere ak depresyon klinik oswa depresyon majè lè li grav?
Joffe: Depresyon majè ka lakòz li difisil pou yon moun fè travay li chak jou epi kenbe bon relasyon ak lòt moun. Fanm yo ka santi yo sanzespwa, oswa y ap panse san rete ak lanmò (yo rele sa tou ide swisid oswa panse swisid). Fanm pa souvan genyen depresyon ki pi grav la, depresyon majè ki gen rapò ak perimenopoz. Men, perimenopoz se yon peryòd ki gen risk. Se yon peryòd kote fanm yo ka pi fasil gen chanjman nan atitid, menm jan sa ka rive apre akouchman oswa anvan règ.
Se yon peryòd tan vilnerab ki ka kontinye pandan kèk ane paske perimenopoz ka dire pandan plizyè ane. Se poutèt sa, nou dwe fè plis atansyon ak fanm ki te deja abitye gen depresyon yo, sitou fanm ki sansib anpil ak chanjman nan òmòn yo. Nou vle kontwole yo pandan peryòd perimenopoz la. Lè yo rive nan pòs-menopoz, risk la sanble diminye lè òmòn yo vin pi estab. Depresyon ka rive nan nenpòt etap nan lavi. E li enpòtan pou sonje, li ka rive lè yon fanm rive nan perimenopoz, men li ka pa nesesèman gen rapò ak perimenopoz. Sa se yon pati enpòtan nan evalyasyon depresyon kay fanm ki nan perimenopoz.
K: Kijan yo trete depresyon ki gen rapò ak perimenopoz?
Joffe: Gen bon tretman pou depresyon ki gen rapò ak perimenopoz. Medikaman antidepresè se tretman yo pi souvan itilize, epi li prèske toujou abaz sewotonin (SSRI yo oswa SNRI yo). Pou kèk fanm, terapi pi enpòtan. Terapi sa a kote ou pale ak yon pwofesyonèl sante a kapab terapi ki ede chanje fason ou panse ak aji (CBT) oswa lòt apwòch sipò. Li vrèman enpòtan pou fanm yo konprann sentòm yo epi jere sentòm yo. Si yo gen difikilte pou konsantre oswa yo pa vle pase tan ak lòt moun, terapi ka ede yo chanje kèk abitid ak fason yo viv.
Lòt bagay ki ka ede trete oswa jere gwo depresyon se fè egzèsis, limite oswa sispann bwè alkòl, soti nan kay la, pase kò ou solèy oswa respire lè fre, pase tan ak lòt moun, epi veye chanjman nan atitid ou. Sa yo se bagay senp yo ka swiv sou yon kalandriye ak nan telefòn yo pou tcheke chanjman nan imè. Konbyen fwa yo santi yo deprime? Èske gen bagay ki deklannche yo? Kalite enfòmasyon sa a ka vrèman itil pou pote bay terapis yo oswa doktè yo lè y ap resevwa tretman pou depresyon an.