Prensipal sentòm ak siy yon timè nan sèvo: Sa ou dwe konnen
Panse ou ta ka gen yon timè nan sèvo se yon lide ki fè pè. Petèt ou te gen gwo mal tèt dènyèman. Petèt ou konnen yon manm nan fanmi w ki gen yon timè nan sèvo epi w ap mande tèt ou si ou ta ka gen youn tou. Sa yo se panse natirèl, men pa sote nan konklizyon pou kounye a.
“Erezman, timè nan sèvo se bagay ki ra anpil,” asire Doktè Omar Arnaout, yon chirijyen nan pati sèvo ak espesyalis timè nan sèvo nan Mass General Brigham. Doktè Arnaout trete pasyan nan Brigham and Women’s Hospital.
Li ensiste tou sou kesyon ke yon timè pa vle di kansè. “Yon timè, oswa yon mas, se jis yon kwasans anòmal ki pa sipoze la. Gen kèk ki kansè epi gen kèk ki pa kansè.”
Nan atik sa a, Doktè Arnaout revize prensipal sentòm ak siy avètisman yon timè nan sèvo ou ka veye.
Ki siy yon timè nan sèvo?
Konnen siy ak sentòm timè nan sèvo ka ede w santi w pi alèz. Nan ka ki pi grav la, ou ka konnen kilè ou dwe chèche swen medikal imedyatman.
Kriz
Kriz yo pwodui lè sèvo ou gen yon pakèt aktivite elektrik anòmal. “Yon kriz gen tandans pou l se siy ki pi komen nan timè ki nan tisi sèvo a,” se sa Doktè Arnaout di.
Yon timè nan sèvo ka lakòz yon gwo kriz evidan. Pandan kriz sa a, ou pèdi konesans epi misk ou yo souke san kontwòl.
Yon timè nan sèvo ka lakòz yon ti kriz tou, ki mwens aparan. Pa egzanp, ou ka santi bra w oswa figi w ap tranble san rete. Oswa ou ka sanble ap gade nan vid pandan yon minit.
Santi menm odè a yon fason repete ka yon siy kriz tou. Si w panse ou fè yon kriz, ou dwe chèche swen medikal tousuit.
Mal tèt ki soti nan timè nan sèvo
Gen moun ki ka gen yon gwo mal tèt akoz yon timè nan sèvo. Men, yon mal tèt se raman sèl sentòm yon mas nan sèvo.
Okontrè, mal tèt ki soti nan timè nan sèvo anjeneral:
- Santi yo diferan de mal tèt abityèl ou yo
- Vini ak kè plen ak vomisman
- Dire pandan plizyè jou
- Reveye w nan dòmi nan maten
- Vin pi mal lè w touse oswa estènen
Mal tèt yo se siy avètisman yon timè nan sèvo lè w gen tout sentòm sa yo ansanm. Nan ka sa a, ou dwe chèche swen medikal pou tcheke kòz mal tèt ou a.
“Yon mal tèt regilye ki vini epi ki ale san lòt sentòm pa twò enkyetan,” se sa Doktè Arnaout di. Li asire ke pifò mal tèt pa gen rapò ak yon timè nan sèvo. Pa egzanp, mal tèt migrèn ka lakòz kè plen ak vomisman tou.
Chanjman espesifik nan kapasite w oswa konpòtman w
Ou ka fè eksperyans lòt sentòm yon timè nan sèvo, selon kote ak gwosè mas la. Pandan yon timè ap grandi, li ka egzèse yon presyon sou estrikti ki bò kote l yo. Li ka lakòz gonfleman nan zòn ki antoure l yo tou.
Nan ka sa yo, sentòm yon timè nan sèvo ka gen ladan chanjman espesifik nan kapasite w oswa konpòtman w. Ou ka remake :
- Chanjman nan pèsonalite w
- Difikilte pou pale
- Pèt tande oswa yon son k ap sonnen tout tan nan zòrèy ou
- Pèt ekilib
- Angoudisman nan figi w
- Pwoblèm pou vale
- Difikilte pou konprann lapawòl
- Chanjman nan vizyon, ki gen ladan pèt vizyon oswa vizyon doub
- Feblès nan bra oswa janm ou
Doktè Arnaout note ke, apa de kriz, siy avètisman timè nan sèvo yo gen tandans devlope piti piti. Men, ou ta dwe evalye nenpòt chanjman bridsoukou nan kapasite w imedyatman.
Nan Mass General Brigham, n ap idantifye moun ki gen yon risk patikilyèman wo pou devlope timè ki gaye soti nan kò a rive nan sèvo a epi n ap chèche fè depistaj yo anvan menm yo devlope sentòm yo.
Omar Arnaout, MD
- Chirijyen nan Sèvo ak Espesyalis Timè nan Sèvo, Mass General Brigham
Èske timè nan sèvo ereditè?
Nan pifò ka yo, timè nan sèvo pa ereditè (yo pa transmèt de yon fanmi a yon lòt). “Pifò ka yo se evènman aksidantèl ki rive moun,” se sa Doktè Arnaout di.
“Gen kèk fanmi ki gen mitasyon jenetik (chanjman) ki fè yo pi sansib ak tout kalite kansè,” se sa li ajoute. “Men mitasyon sa yo ra anpil, epi tout moun nan fanmi an konnen maladi a.”
Espesyalis jenetik yo ka ede w aprann plis sou risk ou yo. Yo kowòdone tès depistaj pou tcheke siy timè nan sèvo si ou gen yon maladi ereditè. Founisè swen sante ou ka rekòmande tou depistaj jenetik si yo dyagnostike ou ak yon sèten kalite timè.
Kijan ou fè tcheke si ou gen yon timè nan sèvo?
Se sèlman imajri sèvo a ki ka di ou si ou gen yon mas nan sèvo. Founisè swen sante ou ka mande tès imajri, tankou yon eskanè tomografi òdinatè (CT) oswa yon eskanè imaj rezonans mayetik (MRI).
Depistaj pou kansè nan sèvo metastatik
Gen sèten kansè ki gen plis chans pou gaye (metastaze) nan sèvo a, tankou kansè nan tete, poumon, ak po. Doktè Arnaout rekòmande pou rete an kontak sere sere ak onkològ ou a si ou gen yon antesedan kansè. Doktè ou ka detèmine si ou bezwen yon MRI sèvo pou detekte kansè ki gaye bonè.
“Nan Mass General Brigham, n ap eksplore fason pou nou vin pi aktif toujou,” se sa Doktè Arnaout di. “N ap idantifye moun ki gen yon risk patikilyèman wo pou devlope timè ki gaye soti nan kò a rive nan sèvo a epi n ap chèche fè depistaj yo anvan menm yo devlope sentòm.”
Pwogrè nan swen timè nan sèvo
Lè yo dyagnostike ou ak yon timè nan sèvo, se yon evènman ki chanje lavi epi ki bay strès. Si ou gen yon mas nan sèvo, Doktè Arnaout asire ke yon doktè ap wè ou imedyatman. W ap gen yon ekip swen ki etabli epi yon plan tretman ki mete an plas nan yon jou oswa de.
Sa ki etonan, se pa tout timè nan sèvo ki bezwen tretman. Doktè ou ka sèlman rekòmande kontwòl regilye pou mas ki pa kansè ki pa lakòz sentòm.
Si ou bezwen tretman, w ap gen tout yon gam terapi avanse pou ede ou. Doktè Arnaout mete aksan sou kesyon ke tretman timè nan sèvo evolye dramatikman nan dènye ane yo. Ou gen aksè ak:
- Eskanè imaj detaye
- Operasyon ki pa twò envazif epi ki sekiritè
- Teknik terapi radyasyon avanse ki prezève tisi sèvo ki an sante
- Medikaman kansè inovatè, tankou iminoterapi ak terapi vize
“Yon timè nan sèvo se yon gwo zafè, e li souvan yon eksperyans ki ka fè ou pè,” se sa Doktè Arnaout di. “Men bagay yo pi bon nan tout domèn pase jan yo te ye 5 oswa 10 ane de sa.”