Migrèn vs. Maltèt: Diferans nan sentòm ak tretman
Pwen kle yo
Pou pi byen jere migrèn ak maltèt:
- Aprann diferans kle yo ant migrèn ak maltèt pou w ka konprann kilès nan yo ou genyen.
- Trete yon maltèt ak medikaman kont doulè ou ka achte san preskripsyon oswa ak glas. Evite bagay ki souvan deklanche maltèt tou.
- Trete yon migrèn ak medikaman sou preskripsyon, aparèy ki soulaje doulè oswa terapi ki ede w chanje fason w panse ak aji.
- Chèche swen ijans pou yon maltèt grav oswa toudenkou oswa sentòm konjesyon serebral tankou pèt vizyon oswa difikilte pou pale.
Pou anpil moun, mo “migrèn” lan vle di menm bagay ak “maltèt”. Byenke toude kondisyon yo ka lakòz doulè nan tèt epi deranje jounen w, migrèn se pi plis pase yon senp maltèt. Migrèn se yon pwoblèm ki afekte sèvo a ak nè yo. Li sanble soti nan pwoblèm nan fason diferan pati sèvo a kominike. Migrèn ka gen divès sentòm, pa sèlman doulè nan tèt. Kriz migrèn ka kwonik epi yo ka deranje lavi w si yo pa trete yo.
Newològ ak chèchè Andrea Harriott, MD, PhD, nan Mass General Brigham Neuroscience Institute, yon enstiti ki etidye sèvo ak nè, esplike kisa pwoblèm migrèn ye, diferans ant migrèn ak maltèt ak fason pou soulaje migrèn.
Kisa yon migrèn ye?
Migrèn se yon maladi newolojik ki afekte plis pase 40 milyon moun nan Etazini. Migrèn 3 a 4 fwa pi komen lakay fanm pase lakay gason, epi li gen tandans pi entans ant 20 ak 40 an.
Sentòm migrèn
Pifò moun abitye ak faz maltèt oswa doulè nan tèt yon kriz migrèn, men migrèn ka gen ladan yon varyete sentòm avèk oswa san doulè nan tèt.
Sentòm migrèn yo enkli:
- Doulè nan tèt ki bat, ki modere rive grav, anjeneral sou yon bò nan tèt la
- Sansiblite ak limyè, son, oswa sant
- Vant ki boulvèse, ki gen ladan kè plen oswa vomisman
- Chanjman nan sa ou wè, tankou limyè k ap flache oswa liy an zigzag
- Chanjman nan imè oswa ou fache fasil
- Fatig, pwoblèm konsantrasyon, oswa lespri ki twouble
Faz migrèn yo
Sentòm migrèn yo ka parèt an faz. Se pa tout moun ki pase nan chak faz. Konprann faz migrèn yo ka enpòtan pou ede w idantifye yon kriz migrèn k ap vini epi trete l nan yon faz prekòs. Trete kriz migrèn nan yon faz prekòs ka diminye gravite sentòm yo ak dire kriz la.
Kat faz yon kriz migrèn yo se:
1. Faz premye siy yo
Premye faz yon kriz migrèn, ki kòmanse kèk èdtan rive kèk jou anvan maltèt la, rele faz premye siy yo. Pandan faz sa a, imè w ka chanje san w pa konnen poukisa. Ou ka anvi kèk manje, kò w ka kenbe twòp dlo, epi ou ka gen difikilte pou konsantre, malèz nan kou oswa fatig.
2. Ora
Faz ora migrèn nan gen ladan sentòm vizyèl tankou wè limyè k ap flache oswa limyè klere, liy zigzag, oswa tach nwa nan vizyon w. Lòt sentòm tankou sansasyon pikotman oswa—raman—feblès nan misk ka rive pandan faz ora a. Faz ora a anjeneral kòmanse 5 minit rive yon èdtan anvan faz maltèt la epi li dire jiska yon èdtan anvan li disparèt nèt.
Se sèlman anviwon 1 moun sou 3 a 1 moun sou 5 ki fè kriz migrèn ki gen sentòm ora.
3. Maltèt
Faz sa a nan yon kriz migrèn ka dire kèk èdtan rive plizyè jou, byenke li posib tou pou fè yon kriz migrèn ak ora san maltèt.
Faz maltèt la gen ladan doulè nan tèt modere rive grav, anjeneral sou yon bò nan tèt la. Moun ka dekri doulè a kòm yon doulè k ap bat, k ap pike, k ap boule, oswa tankou kout kouto.
4. Faz apre maltèt la
Souvan yo rele faz sa a “malèz apre migrèn.” Li kòmanse apre maltèt la disparèt. Moun souvan rapòte fatig, chanjman nan apeti, lespri ki twouble ak chanjman nan imè pandan faz sa a. Faz apre maltèt la nan yon kriz migrèn ka dire jiska 2 jou anvan ou santi w byen ankò.
Migrèn ak maltèt: ki diferans ki genyen?
Menmsi migrèn ka bay maltèt, se pa tout maltèt ki migrèn.
“Yon maltèt òdinè pa t ap gen lòt sentòm grav sa yo,” se sa Doktè Harriott di. “Anjeneral, maltèt pa pase nan etap byen defini tankou yon kriz migrèn nonplis.”
Doktè. Harriott kontinye: “Gen moun ki vin sansib a limyè oswa son lè yo gen maltèt. Men, lè maltèt la soti nan tansyon nan misk, anjeneral ou pa gen tout sentòm ak faz yon kriz migrèn.”
Maltèt ka rive poukont li, oswa pwoblèm sante tankou tansyon wo oswa yon enfeksyon ka lakòz li. Newopati (doulè nan nè akòz domaj nan nè yo) oswa lòt pwoblèm ki afekte nè yo, dezidratasyon, estrès, mank dòmi, oswa misk ki sere nan kou ou ak nan zepòl ou ka lakòz maltèt tou.
Alòske doulè migrèn anjeneral sou yon bò tèt la, doulè lòt kalite maltèt ka parèt nan plizyè lòt zòn—sou pon nen an, dèyè je yo, sou fwon an, nan baz zo bwa tèt la, sou tèt la, oswa nan plizyè nan kote sa yo ansanm.
Lè yon maltèt se yon ijans
Sentòm maltèt ak migrèn ka sanble ak sentòm yon konjesyon serebral. Si ou gen nenpòt sentòm konjesyon serebral, rele 9-1-1 imedyatman. Sentòm konjesyon serebral yo enkli:
- Yon maltèt grav oswa toudenkou ki vin pi rèd posib nan kèk segonn, san kòz ou konnen (gen moun ki di se “pi move maltèt yo janm genyen”)
- Pèt vizyon toudenkou nan youn oswa toude je (sentòm vizyèl migrèn yo anjeneral fè moun wè bagay tankou liy oswa limyè k ap flache) oswa vizyon doub
- Feblès ki parèt toudenkou nan figi, nan bra ak/oswa nan janm
- Ou vin pa ka pale oswa konprann sa lòt moun di toudenkou
- Pwoblèm toudenkou pou mache
Aprann plis sou siy ak sentòm konjesyon serebral ak kijan pou reyaji oswa ede nan yon ijans.
Sa ki deklanche migrèn kont sa ki deklanche maltèt
Si ou ka idantifye sa ki gen tandans deklanche migrèn oswa maltèt ou, ou ka jwenn fason pou diminye oswa elimine faktè sa yo.
Doktè. Harriott eksplike, “Migrèn se yon maladi newolojik konplèks ki enplike tou de faktè jenetik ak faktè anviwònman. Sa sanble fè sèvo a reyaji pi fasil. Sa ka lakòz chanjman nan sa ou wè pandan faz ora migrèn nan oswa fè w vin pi sansib a bri ak chanjman tanperati.”
Bagay ki souvan deklanche migrèn ak maltèt yo se:
- Estrès
- Mank dlo nan kò a
- Mank dòmi
- Bri fò oswa limyè klere
- Twòp kafeyin oswa lè w sispann pran kafeyin
Doktè. Harriott eksplike kijan lòt faktè ka deklanche migrèn. “Yon lòt pati sèvo a, yo rele ipotalamis, jwe yon wòl nan swaf dlo, grangou, dòmi ak fason kò a kontwole òmòn yo,” li di. “Tout bagay sa yo gen rapò ak sa ki deklanche kriz migrèn.”
Lòt bagay ki ka deklanche kriz migrèn se:
- Chanjman nan òmòn (tankou anvan oswa pandan sik règ ou oswa si w ap swiv yon terapi òmòn)
- Sèten manje, tankou fwomaj yo kite pran laj, vyann yo trete, sik atifisyèl ak manje yo konsève nan vinèg oswa yo fèmante
- Chanjman nan tan an, patikilyèman nan presyon atmosferik
- Pran twòp medikaman pou doulè, menm sa yo itilize pou trete migrèn
- Dòmi twòp oswa twò piti
- Fimen oswa itilize pwodui tabak
Maltèt ak migrèn: ki diferans ki genyen?
Category
Headache
Migraine
Causes
Activation of pain sensing nerves as a result of variable causes that may or may not re-occur
A neurological disorder with genetic and environmental causes that result from changes in brain neural circuits and pain-sensitive nerves of the head and neck
Symptoms
- Pain or pressure in the head, neck, and/or shoulders
- Typically only includes the head pain phase, but may include mild sensitivity to light
- Moderate to severe throbbing head pain, usually on one side of the head
- Symptoms arrive in distinct phases and may start with visual, mood, or other neurological symptoms
- Marked sensitivity to light, sound, or smells
- Stomach upset, including nausea or vomiting
Triggers
- Stress
- Dehydration
- Lack of sleep
- Loud noises or bright lights
- Too much caffeine or caffeine withdrawal
- Other unknown causes
Triggers may be identified and include:
- Hormone changes
- Specific foods
- Changes in the weather
- Overuse of pain medications
- Sleeping too much or too little
- Stress
- Dehydration
- Smoking or using tobacco products
Treatments
- Over-the-counter medications
- Ice packs
- Lifestyle changes
Any of the treatments for headache plus:
- Prescription medications for symptom relief
- Prescription medications for migraine attack prevention
- Behavioral therapies including cognitive behavioral therapy (CBT), mindfulness-based meditation (MBM), or acceptance commitment therapy (ACT)
- Devices for neuromodulation
Gen de fason pou trete migrèn. Premye a se tretman ou ka pran pou soulaje sentòm yo pandan yon kriz migrèn. Dezyèm lan se tretman prevantif ki diminye kantite kriz migrèn ou fè chak mwa.
Andrea M Harriott, MD, PhD
- Neurologist, Mass General Brigham Neuroscience Institute
Tretman pou migrèn ak maltèt
« Gen de fason pou trete migrèn. Premye a se tretman ou ka pran pou soulaje sentòm yo pandan yon kriz migrèn », di Doktè Harriott. « Dezyèm lan se tretman prevantif ki diminye kantite kriz migrèn ou fè chak mwa. »
Men kèk nan tretman ki disponib yo:
- Chanje abitid ou, tankou bwè mwens bwason ki gen kafeyin ak mwens alkòl oswa kite fimen
- Sipleman alimantè tankou riboflavin, yon plant ki rele krizantèm parteniyòm, koanzim Q10 oswa mayezyòm (pale ak doktè w anvan w pran nenpòt sipleman oswa medikaman)
- Medikaman san preskripsyon tankou ibipwofèn
- Medikaman pou migrèn tankou triptan ak medikaman ki bloke CGRP, yon sibstans ki jwe yon wòl nan migrèn
- Medikaman sou preskripsyon ki ede anpeche migrèn epi diminye gravite doulè a ak frekans kriz yo.
- Terapi ki ede w chanje fason w panse ak konpòte w (CBT) ak meditasyon
- Aparèy ki itilize leman oswa kouran elektrik pou chanje aktivite nè yo (pale ak doktè w sou opsyon ou ka itilize lakay ou oswa nan kabinè doktè a)
Pale ak doktè w pou konnen ki tretman ki ka pi byen ede w soulaje migrèn ou yo.
Prevansyon migrèn ak maltèt
“Pa gen yon sèl metòd prevansyon ki mache pou tout moun kont migrèn ak maltèt,” dapre Doktè Harriott. “Gen kèk moun ki idantifye sa ki deklanche maltèt yo epi ki ka senpleman evite bagay sa yo. Gen lòt moun ki pa gen okenn bagay ki deklanche maltèt yo. Pou kèk moun, mete yon konprès glas lè yo gen maltèt ka ede soulaje doulè a.”
Kit ou konnen sa ki deklanche maltèt ou yo kit ou pa, pou ede w anpeche migrèn ak maltèt, Doktè Harriott rekòmande pou ou:
- Suiv yon rejim alimantè ekilibre epi ki bon pou sante w
- Dòmi ase epi fè egzèsis
- Bwè ase dlo
- Rekonèt epi jere faktè ekstèn ki lakòz estrès
Doktè w ka ede w konnen si w bezwen medikaman pou anpeche migrèn oswa lòt tretman pou ede w alontèm.
Doktè. Harriott di: “Migrèn afekte plizyè milya moun atravè lemond, men yo ka trete l. Gen plis medikaman ki disponib, tankou piki ou ka bay tèt ou chak mwa. Piki sa yo ka amelyore lavi moun ki gen migrèn anpil epi soulaje sentòm yo.”