Siy ak sentòm zona
Ou gen yon gratèl ki fè mal epi ki gen anpoul. Èske ou ta ka gen zona?
Gen anpil chans ou ka genyen li. "Plis pase yon milyon moun pa ane ap fè yon atak zona." An reyalite, anviwon yon tyè nan moun yo pral fè zona nan yon moman nan lavi yo," se sa doktè medsin ijans Mass General Brigham Joseph W. Kopp, MD di.
Erezman, yon enfeksyon zona an jeneral fasil pou dyagnostike, ni an pèsòn ni nan vizit doktè vityèl. "Se pa yon bagay ou ta dwe inyore," se sa Doktè Kopp di tou.
Kòz ak sentòm zona
Zona se yon enfeksyon nan nè yo. Se èpès zoster ki lakoz li, menm viris ki lakòz varisèl la. Apre yon moun fin geri anba yon enfeksyon varisèl, viris la rete andòmi, li kache anndan sèten selil nè. Men viris la ka reveye plizyè ane apre, sa ki deklanche zona.
Moun ki gen plis pase 50 an ak moun ki gen sistèm defans kò yo ki febli, gen zona pi souvan. Men li ka rive nenpòt moun ki te gen varisèl, kèlkeswa laj li. Estrès ka deklannche li—oswa jis move chans.
Menm jan ak varisèl, zona lakoz yon gratèl. Li kòmanse kòm tach wouj, ki tounen ti zanpoud ki fè kal apre yon semèn konsa. Gratèl la ka fè w santi pikotman epi li ka grate, epi souvan li lakoz doulè ki boule oswa doulè ki tire sou nè ki enfekte yo. "Malerezman, yon enfeksyon zona ka bay gwo doulè, se sa Doktè Kopp di.
An reyalite, li pa etranj pou doulè parèt anvan gratèl la parèt. Li di: "Si ou gen doulè oswa pikotman sou yon zòn nan po a, epi apre sa devlope yon gratèl nan menm zòn nan, sa ka vle di ou gen zona."
Yon lòt siy ki ka montre ou gen zona: Gratèl la anjeneral parèt nan yon sèl zòn, swa sou bò gòch ou oswa sou bò dwat ou. Zona enfekte nè epinyè yo ki pwolonje soti nan mwèl epinyè a rive sou chak bò kò a. Piske zona swiv chemen nè li enfekte a, li jeneralman parèt nan yon bann sou yon sèl bò kò a.
Tretman zona anliy
Èske yo ka trete zona nan yon vizit doktè vityèl? Anjeneral, repons lan se wi. Doktè yo fè dyagnostik zona lè yo poze pasyan an kesyon sou sentòm yo epi yo egzamine gratèl ki distenk la. Piske yo pa bezwen fè okenn tès laboratwa pou konfime dyagnostik la anjeneral, li fè anpil sans pou ou wè yon doktè sou entènèt pou zona, se sa Doktè Kopp di.
Sepandan, gen kèk rezon ki fè ou ta ka vle ale nan ijans oswa nan yon klinik swen rapid si ou sispèk ou gen zona. Rezon sa yo enkli:
- Zona ki pwopaje nan tout kò a: Zona ka pi grav nan moun ki gen yon sistèm defans kò ki fèb Si ou gen yon pwoblèm sante tankou VIH oswa kansè, oswa si ou te fè yon transplantasyon ògàn oswa mwèl zo, zona ta ka vin yon enfeksyon ki pi pwopaje nan kò a. Nan kèk ka, li ka menm pwopaje sou tou de bò kò ou. "Li ra, men lè sa rive, se yon ijans medikal epi ou ta dwe ale lopital," se sa Doktè Kopp di.
- Zona sou figi a: Nan kèk ka, zona ka atake nè yo nan je ou, sa ki ka domaje vizyon ou. Mwens souvan, zona ka frape nè yo nan zòrèy entèn ou. Pou anpeche domaj ki dire lontan nan vizyon ak tande, li enpòtan pou jwenn tretman rapid. "Si ou gen yon gratèl zona nenpòt kote sou figi ou, mwen rekòmande pou yon doktè wè ou an pèsòn—jodi a," se sa Doktè Kopp konseye.
Si ou panse ou gen zona, kontakte doktè swen prensipal ou imedyatman. Biwo doktè ou a ka rekòmande pwochen etap yo. Tanpri rele biwo doktè swen prensipal ou a pou pwoblèm ijan. Anpil klinik swen prensipal Mass General Brigham pou granmoun ak timoun ofri vizit an pèsòn ak vizit vityèl menm jou a.
Yon lòt opsyon itil se Swen Vityèl 24/7 Mass General Brigham. Li ouvri pou tout pasyan ki gen 3 lane oswa plis, menm si yo pa janm wè yon pwofesyonèl Mass General Brigham anvan. Tou de nouvo pasyan ak pasyan aktyèl yo ka pran yon randevou Swen Vityèl 24/7 pou jou sa a oswa jou ki vin apre a sou Mass General Brigham Patient Gateway.
Kilè ou ta dwe chèche tretman zona sou entènèt?
Yon lòt avantaj lè ou wè yon doktè pou zona atravè vizit vityèl? Ou gen plis chans pou ou wè yon doktè touswit. E lè ou sispèk ou gen zona, gen bon rezon pou ou fè dyagnostik la pi vit posib:
- Li ka trete: Doktè yo ka preskri medikaman antiviral pou sible viris ki lakoz zona a. Medikaman sa yo ka soulaje kèk sentòm, diminye dire enfeksyon an, epi redwi chans pou pwoblèm alontèm. "Pa gen anpil viris nou gen bon medikaman pou yo—men pou zona, nou genyen," se sa Doktè Kopp di.
- Doulè a ka trete tou: Anplis antiviral yo, doktè yo ka preskri medikaman pou ede diminye doulè zona lakoz nan nè a. "Medikaman sa yo travay vrèman byen pou kontwole doulè,"se sa Doktè Kopp di. "Pa gen okenn rezon pou w oblije andire sa."
- Tan an ap kouri: Si w kòmanse tretman an nan 72 èdtan apre gratèl la parèt, medikaman antiviral yo travay pi byen pou diminye sentòm yo epi diminye tan enfeksyon an.
- Efè yo ka pèsiste: Menm apre gratèl zona a fin disparèt, gen kèk moun ki kontinye santi doulè nan nè. Kondisyon sa a, yo rele nevralji pòs-èpetik, ka dire pandan plizyè mwa. Bon nouvèl la: Medikaman antiviral yo diminye chans pou w devlope nevralji pòs-èpetik. "Medikaman antiviral yo ka diminye chans pou doulè a rete jiska 50%." se sa Dr. Kopp di.
Lè w pran vaksen an, sa diminye chans pou w trape zona a pa anviwon 90%.
Joseph W. Kopp, MD
- Emergency Medicine Doctor, Mass General Brigham
Vaksen kont zona
Tretman pou zona efikas, men li pi bon anpil pou evite enfeksyon an depi nan kòmansman. Vaksen kont zona yo ede anpeche ou trape zona a. Ekspè yo rekòmande vaksen an pou tout granmoun ki gen 50 an oswa plis, menm si ou te deja gen zona anvan.
Avèk tan, sistèm iminitè kò w kòmanse bliye viris èpès zoster la. "Vaksen an mete viris la ankò nan sistèm defans kò ou, pou l aprann rekonèt viris la ankò" se sa Doktè Kopp di. “Lè w pran vaksen an, sa diminye chans pou w trape zona a pa anviwon 90%.”
Nenpòt moun ki te deja gen zona ap di w: Sa pa blag menm. Erezman, vaksen modèn yo ak tretman antiviral yo ka soulaje doulè enfeksyon komen sa a.
Nouvo rechèch sou zona ak bès mantal
Nouvo rechèch ki soti nan Brigham and Women’s Hospital, ki te pibliye nan Alzheimer’s Research & Therapy, jwenn yon posib lyen ant zona ak bès mantal.
Dapre etid la, moun ki te gen zona te gen 20% plis chans pou rapòte pwoblèm mantal alontèm, tankou pèt memwa oswa konfizyon. Rechèch la te jwenn tou ke risk pou bès mantal te pi wo nan gason ki gen yon jèn espesifik ki lye ak demans. Malgre plis etid nesesè pou konprann koneksyon an, etid sa a ajoute nan prèv ki sipòte vaksinasyon kont zona, sitou nan granmoun aje yo.
Otè korespondan Sharon Curhan, MD, nan Channing Division for Network Medicine, mete aksan sou enpòtans vaksinasyon kont zona.
"Etandone kantite Ameriken k ap ogmante ki an risk pou yon maladi ki lakòz anpil doulè epi souvan lakoz andikap, epi ak yon vaksen ki trè efikas disponib, vaksinasyon kont zona ta ka ofri yon opòtinite enpòtan pou redwi kantite ka zona a epi petèt diminye efè negatif sou kapasite mantal ki ka parèt apre a," se sa Curhan di.
Si ou panse ou ka gen zona, chèche swen touswit. Tretman prekòs ka ede soulaje sentòm yo epi redwi konplikasyon.