false

Randevou swen vityèl: Kesyon ak repons avèk Alexei Wagner, MD

Imaj yon pasyan ki ap pale ak yon pwofesyonèl sante sou yon òdinatè pòtab.
/content/dam/unified-xwalk/cf/providers/3002518

Nenpòt moun ki te janm gen yon bezwen swen sante ki mande swen rapid oswa ki parèt sanzatann konnen li ka difisil pou jwenn swen byen vit. Sa rive sitou nan sezon fredi, lè maladi ki afekte respirasyon ap ogmante, plis moun ap chèche swen epi moun ap tann lontan nan depatman ijans ak sant swen ijan yo.

Mass General Brigham kounye a ofri plizyè fason pratik pou jwenn aksè nan swen vityèl pou anpil pwoblèm sante ki mande swen byen rapid, men ki pa ijans. Opsyon vityèl sa yo ka evite pasyan yo deplase pou ale nan yon sant swen ijan oswa yon depatman ijans.

Kisa ou ta dwe fè si ou gen yon bezwen sante ijan ki pa yon ijans? Founisè swen prensipal ou a se yon bon kote pou kòmanse. Biwo doktè ou a ka rekòmande pwochen etap yo. Tanpri rele biwo doktè swen prensipal ou a pou pwoblèm ijan. Anpil kabinè swen primè Mass General Brigham pou granmoun ak timoun ofri vizit an pèsòn ak vizit vityèl nan menm jou a.

Yon lòt opsyon itil se Swen Vityèl 24/7 Mass General Brigham. Li ouvri pou tout pasyan ki gen 3 lane oswa plis, menm si yo pa janm wè yon pwofesyonèl Mass General Brigham anvan. Tou de nouvo pasyan ak pasyan aktyèl yo ka pran yon randevou Swen Vityèl 24/7 pou jou sa a oswa jou ki vin apre a sou Mass General Brigham Patient Gateway.

“Ann di pitit ou a gen malozye nan gadri. Avèk yon vizit vityèl, olye pou w chanje tout plan jounen ou pou mennen yo nan klinik la, ou ka fè yo chita sou janm ou lakay la, pwofesyonèl sante a ka evalye yo epi deside ki tretman ki apwopriye touswit. Pou anpil nan pasyan nou yo, li pi pratik pou fè sèten bagay lakay yo,” se sa Alexei Wagner, MD, MBA di, yon doktè medsin ijans ak direktè medikal pou swen vityèl nan Mass General Brigham.

Nan Mass General Brigham, nou gen kapasite espesyal pou nou wè pasyan yo yon fason vityèl epi voye yo fè tès laboratwa oswa radyografi nan youn nan sit swen ijan nou yo. Sa fè bagay yo pi fasil epi pi rapid pou pasyan an ak pou sistèm swen sante a.

Alexei Wagner, MD, MBA

  • Emergency Medicine Doctor, Mass General Brigham

K: Kilè pasyan yo ta dwe itilize Swen Vityèl 24/7 olye pou yo ale nan yon depatman ijans?

Wagner: Swen Vityèl 24/7 disponib pou pasyan nan Massachusetts ak New Hampshire ki gen pwoblèm sante ki mande swen rapid men ki pa menase lavi yo.

“Depatman ijans yo fèt pou pran swen pasyan ki malad grav ak ki gen pwoblèm sante ki konplèks, epi moun ki gen pwoblèm ki mwens grav yo ap fè plis tan ap tann,” se sa Doktè Wagner di. “Nan Mass General Brigham, nou gen kapasite espesyal pou nou wè pasyan yo yon fason vityèl epi voye yo fè tès laboratwa oswa radyografi nan youn nan sant swen rapid nou yo. Sa fè bagay yo pi efikas pou pasyan an ak pou sistèm swen sante a.”

K: Kijan pasyan yo pran yon randevou pou swen vityèl 24/7? Kijan pwofesyonèl sante yo evalye eta sante yon pasyan a distans?

Wagner: "Pasyan ki vle jwenn swen pi rapid ka pran yon randevou swen vityèl pou menm jou a oswa jou k ap vini an atravè pòtay pasyan Mass General Brigham nan." Gen kèk moun ki prefere vizit pwograme kote yo konnen y ap wè yon pwofesyonèl sante nan yon lè fiks. Se paske li pi fasil pou yo jwenn swen konsa.””

Pwofesyonèl sante pou swen vityèl 24/7 yo resevwa fòmasyon espesyalize pou egzamine pasyan yo nan vizit vityèl. "Pa egzanp, si yon pasyan ki resevwa swen vityèl vini ak doulè nan zepòl, pwofesyonèl sante nou yo aprann kijan pou yo montre pasyan an fè egzamen fizik nou ta fè nòmalman nan klinik la. Èske yo ka manyen lòt zepòl yo a? Kijan yo santi yo lè yo peze sou klavikil yo a? Sa mache vrèman byen pou sèten pwoblèm sante," se sa Doktè Wagner di.

Amelyorasyon nan teknoloji videyo pèmèt yo bay swen pou plis pwoblèm sante, tankou maladi po. "Kalite videyo a bon ase pou nou anjeneral wè gratèl yo byen, sa ki pèmèt nou bay pi bon dyagnostik," se sa Doktè Wagner di.

K: Ki pwoblèm yo ka trete ak swen vityèl 24/7?

Wagner: "Nou ka jere pifò maladi ak blesi minè nan vizit vityèl, depi sa pa mande yon egzamen fizik konplèks oswa tès," se sa Doktè Wagner di.

Swen Vityèl 24/7 se yon bon opsyon pou pwoblèm sante ki pa twò grav men ki bezwen swen rapid, tankou blesi minè, malozye, enfeksyon respiratwa oswa enfeksyon nan sinis ak enfeksyon nan aparèy pou pipi. Gade lis konplè pwoblèm sante yo ka trete atravè Swen Vityèl 24/7.

“Sa ki bon ak platfòm nou an, sèke si pasyan yo bezwen plis swivi oswa lòt tès, tankou radyografi oswa tès laboratwa, n ap voye yo nan youn nan sant swen ijan nou yo,” Doktè Wagner eksplike. Pou ijans medikal, pasyan yo ta dwe rele 911.

K: Èske yo ka preskri medikaman atravè swen vityèl 24/7 la?

Wagner: Dapre règleman yo, pwofesyonèl sante pou swen vityèl yo pa preskri sèten medikaman kontwole tankou nakotik, konprime pou dòmi, oswa antidepresè. “Pwofesyonèl sante nou yo sèvi ak enfòmasyon medikal ki verifye ansanm ak gid medikal pou deside si yo dwe bay medikaman. Si yon preskripsyon apwopriye pou pasyan an, tankou antibyotik, anti-enflamatwa, medikaman pou opresyon, oswa estewoyid, nou ka preskri yo byen fasil," se sa Doktè Wagner di. "Epi tout bagay entegre nan dosye medikal ou ki egziste deja, kidonk si nou preskri yon medikaman, lòt doktè ou yo ap wè li epi l ap sou lis medikaman ou an."

K: Ki avantaj inik swen vityèl 24/7 la nan Mass General Brigham?

Wagner: Paske Swen Vityèl 24/7 fè pati rezo Mass General Brigham nan, pasyan yo jwenn swen ki kowòdone san entèripsyon.

"Pwofesyonèl k ap ba ou swen vityèl yo ka konsilte dosye medikal ou, antesedan medikal ou, medikaman w ap pran yo, wè dènye vizit ou kay doktè, epi evalye si se yon nouvo pwoblèm sante ijan oswa yon epizòd yon maladi kwonik ou deja genyen. Lè nou konnen plis sou pasyan an, sa pèmèt nou pran pi bon desizyon epi bay pi bon dyagnostik," se sa Doktè Wagner di.

“Yon lòt gwo avantaj platfòm swen vityèl nou an, sèke nou ka bay referans pou jwenn swen nan sistèm Mass General Brigham nan. Nou kominike ak pwofesyonèl sante ki ba ou swen prensipal la, nou bay referans pou w wè espesyalis nan medsin espòtif menm jou a ak pou lòt sèvis ou bezwen. Nòt ki soti nan vizit swen vityèl 24/7 ou a ap nan dosye ou, epi nenpòt espesyalis ap kapab wè sa ki te fè pasyan an vin jwenn yo. Tout bagay fèt san pwoblèm.”

primary
internal
Aprann plis sou swen vityèl 24/7 la ak fason pou pran yon randevou
/content/unified-xwalk/ht/find-care/virtual-care/24-7