Blese nan cheviy — Kilè pou w wè yon doktè
Blesi nan cheviy trè komen, sitou si w aktif oswa si w fè espò. Si w blese oswa si w gen doulè toudenkou nan cheviy, èske w bezwen swen medikal? Oswa èske w ta dwe repoze w epi wè si l amelyore?
Si w gen sèten sentòm, pa eseye sipòte doulè a oswa kontinye jwe malgre doulè a, dapre Gregory Waryasz, MD, CSCS, yon espesyalis nan medsin espò nan Mass General Brigham ak yon espesyalis sètifye nan fòs ak kondisyònman fizik. Doktè. Waryasz se direktè medsin espò pou pye ak cheviy nan Massachusetts General Hospital, konsiltan òtopedik pou Northeastern University ak doktè ekip pou Boston Public Schools ak ekip bezbòl Beep Boston Renegades la.
Doulè toudenkou, anflamasyon, difikilte pou mache ak lòt sentòm ka montre ou bezwen swen medikal. Tann twò lontan ka lakòz blesi repete, tretman ki pi konplike, pi move rezilta alontèm e menm atrit.
“Yon blesi nan cheviy souvan lakòz gwo doulè ki parèt toudenkou apre yon chòk,” se sa Doktè Waryasz di. “Si w santi yon bagay fè ‘pop’, oswa si w santi se kòmsi yon moun te ba w yon kout pye dèyè janm ou, men pa gen pèsonn la, ou ta dwe al konsilte yon pwofesyonèl sante nan lespas 24 a 48 èdtan.”
Anatomi cheviy la
Cheviy la se yon jwenti kote twa zo rankontre:
- Tibia, oswa zo devan janm nan, fòme pati anndan cheviy ou
- Fibula, yon zo ki pi piti nan pati anba janm ou, fòme pati deyò cheviy ou
- Talus, yon ti zo ki gen fòm kòn, chita ant talon ou ak tibia oswa fibula ou
Cheviy la gen ladan l tou:
- Katilaj: Katilaj se yon sibstans ki ede zo yo glise youn kont lòt. Li ede tou absòbe chòk lè w ap mache, kouri oswa sote.
- Ligaman: Ligaman yo se bann tisi solid ki kenbe zo w yo ansanm epi ki ede estabilize jwenti yo. Cheviy ou gen twa gwoup ligaman prensipal: ligaman sou bò anndan, ligaman sou bò deyò ak ligaman ki kenbe de zo anba janm yo ansanm.
- Tandon: Tandon yo se bann ki tankou kòd ki konekte misk yo ak zo yo. Cheviy ou gen tandon ki dèyè zo devan janm nan, de tandon sou bò deyò janm nan ak tandon Achil la. Tandon Achilles la se pi gwo tandon nan kò w. Li gen tandans blese fasil lakay moun ki aktif.
Kalite blesi nan cheviy
Ou ka santi yon doulè toudenkou nan cheviy lè nenpòt nan estrikti sa yo blese. Blesi nan cheviy ki pi komen lakay moun ki aktif oswa ki fè espò se:
Anpil moun ka panse: Se jis yon antòs nan cheviy. Men, antòs se pa yon blese pou pran alalejè. Anpil antòs ka lakòz enstabilite kwonik ak pwoblèm alavni.
Gregory Waryasz, MD, CSCS
- Sports Medicine Specialist, Mass General Brigham
Èske mwen dwe al wè doktè pou yon blesi nan cheviy?
Doktè. Waryasz sijere swen medikal pou nenpòt nan sentòm sa yo, sitou si yo dire plis pase 24 a 48 èdtan:
- Mak ble oswa anfle nan zòn nan
- Defòmasyon, sa vle di cheviy ou parèt defòme
- Yon bri tankou yon bagay k ap pete oswa k ap krake, sitou lè li vini ak doulè
- Yon doulè toudenkou ki pike
- Sansiblite lè ou manyen kote ki blese a
- Difikilte pou deplase cheviy ou, mache, mete pwa sou li, oswa leve pye ou
Yon antòs nan cheviy ak yon cheviy kase ka bay menm sansasyon, epi toude ka grav. “Anpil moun ka panse, ‘Se jis yon antòs nan cheviy,’” Doktè Waryasz di. " Men, antòs se pa yon blese ki pa grav. Anpil antòs ka lakòz enstabilite kwonik ak pwoblèm alavni. Yon bon kantite antòs lakòz enstabilite kwonik nan cheviy la ki ka mande operasyon.”
Kisa ki ka lakòz doulè nan cheviy san blesi?
Doulè nan cheviy pa toujou soti nan yon chòk toudenkou oswa yon blesi. Li kapab tou kwonik, oswa li ka dire lontan. Kondisyon ki lakoz doulè kwonik nan cheviy gen ladan yo:
- Atrit: Plizyè fòm atrit ka afekte cheviy ou. Atrit gen tandans lakoz doulè oswa sansasyon doulè ki pèsistan.
- Boul san nan janm ou: Yon boul san nenpòt kote nan janm ou ka lakoz doulè nan cheviy. Anjeneral, li rive ansanm ak anfle ak doulè nan lòt pati nan janm nan, tankou dèyè jenou ou.
- Pwoblèm tandon ki dire lontan, enflamasyon tandon oswa deteryorasyon tandon: Sa yo se blesi nan tandon yo ki soti nan itilizasyon twòp oswa mouvman repete, epi yo ka bay anpil doulè.
- Gout: Gout ka santi nan plizyè zòn nan pye ou. Li ka fè po ki nan zòn nan vin wouj oswa santi l cho lè w manyen li. Gout souvan parèt yon ti tan apre yon moun fè yon gwo chanjman nan fason li manje.
- Enfeksyon: Enfeksyon bakteri ak chanpiyon ka mennen nan doulè nan cheviy epi yo ka trè grav. Maladi Lyme se yon egzanp yon enfeksyon komen nan New England.
- Blesi nan nè: Domaj nan yon nè nenpòt kote nan janm ou ka lakòz doulè nan cheviy ou ak lòt kote. Sa a souvan santi l plis tankou pèt sansasyon oswa pikotman.
- Enflamasyon tisi anba pye a: Menmsi pwoblèm sa a afekte pye a, doulè ak sansiblite ka rive jouk nan cheviy ou.
- Maladi ki afekte jwenti ak lòt pati nan kò a: Kondisyon oto-iminitè kwonik tankou atrit rimatoyid ak loupis ka mennen nan enflamasyon jwenti ak tandon.
- Frakti akòz twòp efò: Presyon sou yon zo ka lakòz ti fant ki bay doulè ki pa pike oswa doulè ki pike. Doulè a anjeneral konsantre sou zo ki konsène a.
Si ou gen doulè kwonik nan cheviy, Doktè Waryasz konseye w repoze jwenti a epi suiv metòd RICE la, ki sèvi ak premye lèt etap yo ann angle:
- R Repoze jwenti a
- I Mete glas sou li (10 a 20 minit chak kèk èdtan pandan jounen an)
- C Vlope jwenti a pou fè yon ti presyon sou li
- E Leve jwenti a
Ou ka konsidere pran medikaman pou doulè san preskripsyon, tankou asetaminofèn, ibipwofèn oswa napwoksèn. Doulè kwonik ka disparèt apre kèk jou repo, se sa Doktè Waryasz di. Fizyoterapi bonè kapab itil tou pou travay sou kontwòl enflamasyon, detire, ak ranfòsman. Men, si sentòm yo toujou ap parèt apre plizyè semèn repo, sa ta ka yon rezon pou wè yon doktè, se sa li ajoute.
Kisa doktè yo fè pou yon antòs nan cheviy ak lòt blesi nan cheviy?
Pou konnen sa ki lakòz doulè nan cheviy, yon pwofesyonèl sante ap mande w sa ki te pase, ki sentòm ou genyen ak kote egzak doulè a ye. Y ap egzamine w epi yo ka fè egzamen pou pran imaj, tankou radyografi, ekografi oswa yon egzamen ki sèvi ak leman pou pran imaj.
“Fason pye a ak cheviy la fèt senp e sa ka ede nou jwenn kote pwoblèm nan ye,” Doktè Waryasz di. “Pa egzanp, si ou te pran yon kou oswa te sibi yon chòk epi li fè w mal sou bò deyò pye a, gen yon posibilite ou te kase senkyèm zo metatasyen an—zo long ki sou bò deyò pye a epi ki konekte ak ti zòtèy la. Si li fè w mal sou ligaman lateral yo men li pa fè w mal sou zo a, li gen plis chans pou se yon antòs lateral nan cheviy.”
Selon sa doktè a jwenn, li ka konseye w sèvi ak yon sipò pou cheviy, yon bòt pou mache, yon atèl, yon platr oswa beki. Ou ka bezwen plis pase youn ladan yo. Yo ka rekòmande tou fizyoterapi (PT), ki anseye w egzèsis pou ranfòse misk ak ligaman ki toutotou cheviy ou. PT ka amelyore fleksibilite ak ekilib tou. Blesi ki pi grav yo ka mande operasyon.
Tretman prekòs ka bay pi bon rezilta
Atlèt ak lòt moun ki aktif ka ezite chèche tretman paske yo pa vle sispann fè espò oswa fè egzèsis. Men Doktè Waryasz mete aksan sou lefètke tretman an ka pi efikas si yo kòmanse li nan yon etap prekòs.
“Mwen te gen pasyan ki te tann 3 oswa 4 mwa anvan yo chèche èd pou blesi nan cheviy. Yo te bezwen tretman ki pi konplike, sa ki te fè yo pase plis tan san espò oswa egzèsis,” se sa li di.
Li pa etranj pou yon moun chanje fason li mache pou konpanse pou doulè nan cheviy. Sa ka lakòz pwoblèm nan lòt jwenti, tankou jenou oswa anch ou. Yon blesi ki pa trete ka fè cheviy ou pa kenbe byen, sa ki ka lakòz ou fè antòs plizyè fwa.
“Si ou santi cheviy ou tòde fasil, pa egzanp lè w ap mache nan lari, ou pile yon ti wòch epi cheviy ou lage tousuit, sa ka vle di cheviy ou pi fèb. Epi si ou fè antòs nan cheviy repete, sa ka lakòz atrit avèk letan si yo pa trete l,” Doktè Waryasz di.
Entèvansyon prekòs souvan gen ladan l terapi fizik, ki ka efikas anpil epi ede ou kontinye fè sa ou renmen.
“Terapi fizik prekòs ede anpil moun ki gen pwoblèm sante sa yo. Objektif la souvan se kenbe ou aktif pandan w blese—w ap resevwa tretman pou w ka kontinye rete aktif.”