Poukisa swen ijan se yon bon opsyon pou tretman STI
Si ou sispèk ou gen yon enfeksyon moun pran nan fè sèks (STI), se pa yon bon chwa pou rete ap tann san ou pa chèche jwenn tretman.
Ka gen konsekans grav pou tout lavi lè yo pran tan pou trete sèten STI — tankou sante seksyèl ki afekte, kapasite pou fè pitit, doulè kwonik, ak domaj newolojik. Si ou pa gen yon doktè swen prensipal (PCP) oswa si pa gen randevou ki disponib, ou ka ale nan yon sant swen ijan.
Vania Landers, DO, yon doktè medsin ijans nan Mass General Brigham Express Care, di swen ijan kapab opsyon ideyal la pou yon tretman STI alè.
"ifò sant swen ijan gen disponiblite pou vizit san randevou pou swen menm jou a," se sa doktè Landers di. "Nou pran tan pou nou koute sa pasyan an ap di nou epi nou fè li konnen nou tande li e nou pran enkyetid li oserye.
Vin gen plis moun ki gen STI
Gen kèk STI ki vin pi plis Ozetazini. Dapre Rapò Siveyans STISant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi yo:
- Ka sifilis yo ogmante prèske a 79% ant 2018 ak 2022.
- Ka gonore yo te monte a 11.1% pandan menm peryòd tan sa a.
- Yo te dyagnostike plis pase 2.5 milyon ka klamidya, gonore, ak sifilis Ozetazini an 2022, yon ogmantasyon 2% depi 2018.
Sitiyasyon an menm pi grav andeyò Etazini. Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) estimeplis pase 1 milyon moun trape STI chak jou atravè lemond.
- An 2020, te gen yon estimasyon 374 milyon nouvo ka enfeksyon STI ki ka geri kay moun ki gen 15 a 49 an — klamidya, gonore, sifilis, ak trikomonyaz.
- Yo estime 8 milyon adilt nan menm entèval laj sa a te trape sifilis apati 2022.
- Yo estime plis pase 500 milyon moun ki gen 15 a 49 an te gen viris èpès senplèks.
Moun yo toujou gen yon sèten ezitasyon pou yo chèche swen konsènan kèk nan kalite pwoblèm sa yo. Yo ka pa santi yo alèz pou yo pale sou yo, epi se travay nou pou nou fè yo santi yo alèz yon fason pou yo ka pataje yo san ezite.
Vania Landers, DO
- Doktè nan medsin ijans, Mass General Brigham
Avantaj swen ijan bay pou tretman STI
Anplis ou fè mwens tan ap tann anvan doktè wè ou, swen ijan bay lòt avantaj pou moun ki gen enkyetid konsènan STI. Pifò sant swen ijan yo ouvri bonè epi fèmen ta, menm nan aswè ak nan wikenn. Anjeneral, moun fè mwens tan ap tann nan sal atant lan pase yon lòt opsyon tretman yo itilize souvan yo— sal ijans lan.
"Si ou chèche swen medikal pou yon STI nan yon sal ijans, w ap gen anpil chans pou ou tann lontan pandan y ap evalye ijans medikal yo an premye," se sa doktè Landers di. "Pou kalite pwoblèm sa yo, tan datant nan sant swen ijan yo konn pi kout."
Yon lòt opsyon itil se Swen Virtyèl 24/7 Mass General Brigham. Li ouvri pou tout pasyan ki gen 3 an oswa plis, menm si yo pa janm wè yon pwofesyonèl sante Mass General Brigham anvan. Ni nouvo pasyan ni pasyan ki deja la ka pran yon randevou konsiltasyon anliy 24 èdtan chak jou, 7 jou chak semèn, pou menm jou a oswa pou jou kap vini an, atravè pòtay pasyan Mass General Brigham nan.
“Swen Virtyèl 24/7 se yon bon opsyon pou pasyan ki konnen yo te ekspoze a yon STI epi ki gen swa sentòm minim oswa pa gen okenn sentòm ditou," se sa doktè Landers di. "Swen vityèl 24/7 se yon bon kote tou pou resevwa konsèy nan konfò lakay ou."
Men sa pa fè l tounen yon bon opsyon pou tout ka. Doktè. Landers di moun yo ta dwe vini nan yon sant swen ijan fizik si yo gen doulè nan vant oswa nan basen, doulè oswa malèz lè yo pipi (yo rele li tou diziri), ekoulman, blesi, gratèl, oswa lafyèv.
Swen ijan — vityèl oswa an pèsòn — se yon bon chwa tou pou moun ki kwè yo te ekspoze a yon STI men ki poko gen sentòm. Jwenn yon dyagnostik bonè pèmèt kominikasyon pi rapid ak patnè seksyèl moun nan epi li ka limite pwopagasyon STI.
Doktè swen ijan yo anjeneral konseye pasyan ki teste pozitif pou yon STI sou enpòtans pou yo kominike kondisyon yo bay patnè yo.
"Mwen konseye pasyan mwen yo pou yo kominike rezilta pozitif bay patnè yo, paske patnè yo ta dwe fè yon evalyasyon tou," se sa doktè Landers di. "Men, se chwa yo k ap chwazi fè sa paske rezilta yo konfidansyèl."
Gen kèk STI, tankou gonore, klamidya, ak sifilis, ki se pwoblèm sante yo dwe rapòte. Sa vle di laboratwa ki bay rezilta tès ou yo ap avèti Depatman Sante Piblik Massachusetts la otomatikman. Yon anplwaye nan Pwogram Sèvis Patnè Depatman Sante Piblik la ka kontakte ou. Yo ka ede ou avèti patnè ki ka te ekspoze a yon STI. Yo kapab ede ou antre an kontak tou ak patnè yo epi fè tès ak resevwa swen medikal.
Kisa pou w atann nan swen ijan pou STI
Yon vizit swen ijan sanble ak yon vizit swen primè. Ou bay istwa sante ou ak enfòmasyon asirans ou, epi yon asistan medikal wè ou ki pran siy vital ou yo epi diskite sou enkyetid ou yo. Apre sa, yon pwofesyonèl sante ki bay swen avanse oswa yon doktè wè ou pou yon egzamen.
Pwofesyonèl sante a ta ka bay lòd pou fè tès ki gen ladan tès san, analiz pipi, oswa prelèvman. Rezilta pou anpil tès retounen nan yon jou oswa de jou, se sa doktè. Landers di.
Tretman STI
Pifò ka STI yo, dapre doktè Landers, ka STI yo ka trete ak antibyotik. Gen kèk, tankou èpès, ki se pwoblèm pou tout lavi men yo ka kontwole ak medikaman antiviral. Sant swen ijan yo ofri tès swivi tou pou verifye si STI ki ka geri yo vrèman geri.
"Yon moun ka santi l pi byen lè li konnen pwoblèm sante a geri," se sa doktè Landers di. "Nou renmen lè lespri moun yo trankil."
Prevansyon kont STI
Swen ijan gen ladan tou enfòmasyon sou prevansyon STI — tout bagay soti nan edikasyon sou abstinans rive nan fason kòrèk pou itilize kapòt ak vaksen.
Ou ka pale ak pwofesyonèl sante ou a sou bagay tankou doxy PEP (doxycycline post-exposure prophylaxis). Yon antibyotik ki rele doxycycline ka ede diminye risk pou ou pran sèten enfeksyon bakteri lakoz apre ou te petèt ekspoze ak yo. Yo sitou itilize l nan sitiyasyon kote yon moun ka te ekspoze a STI, tankou klamidya, gonore, ak sifilis.
Kounye a, vaksen egziste sèlman pou HPV ak epatit A ak B. Se sèlman kèk sant swen ijan ki ofri yo, se sa doktè Landers di, kidonk pasyan yo ta dwe wè doktè swen prensipal yo.
Pa pran tan pou jwenn swen pou STI
Bagay ki pi enpòtan pou moun ki sispèk yo gen yon STI se chèche tretman yon kote, se sa Landers di — kit se nan yon sant swen ijan, sal ijans, klinik, oswa doktè swen prensipal.
"Moun yo toujou gen yon sèten ezitasyon pou yo chèche swen konsènan kèk nan kalite pwoblè," se sa doktè Landers di. "Yo ka pa santi yo alèz pou yo pale sou yo, epi se travay nou pou nou fè yo santi yo alèz yon fason pou yo ka pataje yo san ezite."