Doulè nan vant: Ki lè pou vizite Swen Ijan kont Depatman Ijans
Pa gen anyen ki ka gate jounen ou tankou trape yon viris nan vant oswa yon entoksikasyon manje inatandi. Souvan, pwoblèm sa yo ak lòt fòm doulè nan vant ka trete lakay ou, avèk yon rejim alimantè ki lejè, repo, ak likid. Men, nan lòt moman, ou ka vle wè yon pwofesyonèl swen sante pou asire w li pa yon kondisyon sante grav.
Doktè Ronak V. Shah, MD, direktè medikal Mass General Brigham Express Care, diskite sou kalite twoub dijestif ki komen yo epi li dekri ki lè li ka pi bon pou chèche swen ijan oswa vizite yon depatman ijans.
Swen ijan pou doulè nan vant
Si ou gen doulè nan vant ki fèk parèt, dyare, oswa konstipasyon, Doktè Shah rekòmande pou rele founisè swen prensipal (PCP) ou. Si ou pa gen yon PCP oswa si pa gen randevou ki disponib, li rekòmande pou ale nan swen eksprè. “Nenpòt moun k ap fè eksperyans doulè nan vant ki fèk parèt pou yo oswa ki grav, mwen ta ankouraje yo wè yon doktè an pèsòn,” li di.
Selon sentòm ou yo, founisè swen sante yo evalye doulè nan vant nan fason sa yo:
- Pran siy vital tankou tanperati ou, tansyon, ak batman kè oswa ritm kè
- Fè yon egzamen fizik nan vant ou pou detèmine kote ak gravite doulè ou
- Diskite sou istwa fanmi ak istwa medikal ou, enkli pèt oswa pran pwa dènyèman
- Fè etid sou poupou pou dyagnostike parazit oswa enfeksyon bakteri
- Pran echantiyon san pou evalye anzim ki montre kijan ògàn ou ap fonksyone
- Fè referans bay espesyalis tankou gastwoantewològ, oswa nan depatman ijans si sa nesesè
- Preskri antibyotik oswa medikaman pou soulaje malèz nan vant, dyare, konstipasyon ak plis
“Egzamen an pèsòn sa yo apwofondi, epi n ap jwenn yon pi bon imaj sou sa k ap afekte pasyan an,” Doktè Shah di. Pa egzanp, apenndisit anjeneral make pa doulè grav nan bò dwat anba vant lan. “Men souvan, apenndisit kòmanse kòm yon doulè vag ki lokalize yon fason pi jeneral pito.” Nan swen ijan, nou ka ede idantifye bagay konsa nan yon etap pi bonè epi edike pasyan yo sou sa pou yo veye anvan li vin tounen yon vrè ijans,” li eksplike.
Kilè pou w ale nan sal ijans pou doulè nan vant
Si w fè eksperyans sentòm grav sa yo, Doktè Shah rekòmande pou w ale nan yon sal ijans olye pou w ale nan swen ijan:
- Doulè nan vant grav ki fè li difisil pou fonksyone, deplase, manje, oswa bwè
- Aparisyon toudenkou nan doulè nan vant
- Gwo lafyèv
- San nan poupou ou oswa nan vomisman ou
- Doulè nan vant apre yon aksidan ki lakòz chòk nan vant la
Maladi kè, enkli atak kè, ka pafwa prezante kòm malèz grav oswa doulè nan pati anwo vant la anba zo kòt yo. Si ou gen nenpòt dout, ale nan sal ijans.
“Pa inyore okenn nan siy avètisman sa yo,” Doktè Shah avèti. Si sa nesesè, rele 911 pou yon anbilans.
Mwen ta ankouraje nenpòt moun k ap fè eksperyans doulè nan vant ki nouvo pou yo, ki grav, oswa ki gen sentòm avètisman sa yo, pou yo wè yon doktè an pèsòn.
Ronak V. Shah, MD
- Direktè Medikal, Mass General Brigham
Èske yo ka trete doulè nan vant vityèlman?
Nan pifò ka doulè nan vant, li pi bon pou w wè yon pwofesyonèl swen sante an pèsòn paske doktè yo tcheke siy vital yo epi yo fè yon egzamen fizik. Sepandan, gen kèk kondisyon ki lakòz doulè nan vant yo ka trete avèk swen vityèl. Pa egzanp, si yo te deja dyagnostike w ak maladi rflu gastro-ezofajyen (GERD) oswa maladi entesten iritab, yon vizit vityèl ka apwopriye.
Mass General Brigham kounye a ofri plizyè fason pratik pou jwenn swen vityèlman pou anpil kondisyon sante ki mande swen alè, men ki pa ijans sante. Opsyon vityèl sa yo ka fè ou pa oblije vwayaje pou ale nan swen ijan oswa nan sal ijans.
Kisa ou ta dwe fè si ou gen yon bezwen sante ijan ki pa yon ijans? Founisè swen prensipal ou a se yon bon kote pou kòmanse. Biwo doktè ou a ka rekòmande pwochen etap yo. Tanpri rele biwo founisè swen prensipal ou a pou pwoblèm ijan. Anpil pratik swen prensipal Mass General Brigham pou granmoun ak timoun ofri vizit menm jou a, an pèsòn ak vizit vityèl.
Yon lòt opsyon itil se Mass General Brigham 24/7 Virtual Care. Li ouvri pou tout pasyan ki gen 3 an oswa plis, menm si yo pa janm wè yon founisè Mass General Brigham anvan. Tou de nouvo pasyan ak pasyan aktyèl yo ka pran yon randevou Swen Vityèl 24/7 pou jou sa a oswa pou demen sou Mass General Brigham Patient Gateway.