Gratitid yon Fanmi: Swen Konpasyonèl pou moun nan dènye etap lavi yo lakay li
Pafwa, pi bon swen sante a pa konsiste nan pwolonje lavi yon moun—men pito nan ede yon moun pwofite pi plis nan tan li rete vivan an..
Pou defen Bill Hanafin, ki te mouri a laj 95 lane, sa te vle di rete lakay li antoure ak moun li renmen yo. Atravè Mass General Brigham Healthcare at Home, Mesye Hanafin te resevwa swen ki gen konpasyon ak bon kalite pandan dènye jou lavi li yo, ki te ann akò ak volonte li. Kòm rezilta, li menm ak fanmi li te kapab konsantre sou sa ki te vrèman enpòtan: rete ansanm.
"Anpil manm fanmi nou te kapab chita avèk li, kenbe men li, pale avè l, epi priye avèk li,” Mary Hourihan, pitit fi Mesye Hanafin, te di. "Sa te fè fason li te kite lavi a vin yon eksperyans ki te pote gerizon pou tout fanmi an.”
Swen ekspè nan nivo lopital bay lakay pasyan an
Mesye Hanafin te yon veteran Marin ki te fyè dèske li te sèvi pandan Lagè Kore a, epi li te yon rezidan depi lontan nan katye West Roxbury nan Boston. Li menm ak madanm li, Mary, te marye pandan 69 lane epi yo te gen senk pitit, uit pitit pitit, ak kat pitit pitit pitit..
Pandan dènye ane lavi li yo, Mesye Hanafin te gen difikilte ak ensifizans kadyak konjestif ak maladi poumon obstriktif kwonik (COPD). Kòm rezilta, li te ale plizyè fwa nan sal dijans (ER) nan Lopital Brigham and Women's Faulkner.
Pandan youn nan vizit li yo, ekip swen li a te pale avè l souLopital Mass General Brigham Home. Pwogram sa a bay swen ekspè nan nivo lopital nan konfò lakay pasyan an. Ide sa a te enterese Mesye Hanafin tousuit. Depi moman sa a, chak fwa li te fini nan sal dijans (ER) epi li te gen chwa a, li te chwazi Home Hospital.
Pandan sante Mesye Hanafin t ap vin pi fèb, ekip swen Home Hospital li a te rekòmandeMass General Brigham Home-based Palliative Care. Sèvis sa a konsantre sou soulaje doulè, jere sentòm yo, epi bay sipò emosyonèl ak pratik.
"Healthcare at Home te yon resous ekstraòdinè pou nou,” pitit fi li Mary, yon enfimyè retrete ki te travay nan Faulkner pandan 43 lane, te di. “Yo te pran bèl swen papa m, epi nou te santi nou an sekirite anpil paske nou te konnen yo te reponn ak tout bezwen swen li yo. Apre yon ti tan, nou te santi tankou yo te vin fè pati fanmi an.”
Bill Hanafin ak madanm li, Mary, chita ansanm
Bill ak madanm li, Mary
Healthcare at Home te yon resous ekstraòdinè pou nou. Yo te pran bèl swen papa m, epi nou te santi nou an sekirite anpil paske nou te konnen yo te reponn ak tout bezwen swen li yo. Apre yon ti tan, nou te santi tankou yo te vin fè pati fanmi an.
Mary Hourihan, pitit fi Bill
Yon ekspansyon swen ki fèt san pwoblèm
Yon jou, yo te admèt Mesye Hanafin nan Faulkner paske li te gen difikilte pou respire. Apre li te pase yon nwit lopital, li te retounen lakay li anba swen Home Hospital ak Home-based Palliative Care.
Men, lè li te rive lakay li, li te vin klè kò li t ap lite anpil. Poumon li yo te kontinye plen ak likid, epi ren li yo te kòmanse pa fonksyone byen. Mesye Hanafin te eksprime volonte li byen klè li te vle yo fè tout efò posib pou kenbe l vivan, sof si sa ta mande entibasyon (mete yon tib nan gòj li pou ede l respire). Men, malgre ajisteman yo te fè nan medikaman li yo ak lòt entèvansyon yo, anyen pa t ap mache.
Enfimyè pratikan Kayla Quinn, NP, ki t ap travay ak Home Hospital, te gen yon konvèsasyon difisil ak fanmi li. Pandan li t ap eksplike yo avèk anpil dousè, li te di kò li t ap sispann fonksyone. Anplis de sa, kontinye fè tretman agresif yo pa t ap chanje rezilta a. Daprè opinyon li, moman an te rive pou yo konsantre sou konfò li—pou soulaje sentòm li yo epi asire li te anpè.
Lè fanmi an te konprann sa ki te pi enpòtan pou Mesye Hanafin, yo te aksepte chanjman nan fason yo t ap pran swen li a.
Bay konfò priyorite jiska lafen
Sis jou apre li te retounen lakay li, kondisyon Mesye Hanafin te vin pi mal. Pandan dejene, li te kòmanse fè kriz kontraksyon nan misk. Kristin Wharton, CNP, yon enfimyè pratikan nan Home-based Palliative Care, te rive pita nan maten an.
Kristin te pran swen Mesye Hanafin pandan anviwon twa mwa, kidonk li te byen konnen li, fanmi li, ak objektif yo pou swen li. Apre yo te pale ak fanmi an, Kristin ak enfimyè pratikan Home Hospital la, Hilary Waitner, CNP, te fè kèk chanjman nan medikaman Mesye Hanafin yo. Nan aswè a, kriz kontraksyon misk yo te finalman anba kontwòl, epi li t ap repoze anpè.
“Sa te pèmèt li pase nwit la ap repoze, sa ki te itil anpil paske kriz kontraksyon yo te tèlman boulvèsan pou tout moun—sitou pou manman m,” Mary te di. “Ekip swen yo te pran anpil prekosyon pou yo chwazi bon konbinezon medikaman yo, paske sa te vin pi konplike akòz ren li yo ki te sispann fonksyone.”
Pandan tout jounen ki te vin apre a, Hilary, Kristin, ak lòt moun te pran swen Mesye Hanafin avèk anpil afeksyon. Manm fanmi yo te antre soti nan chanm nan, yo t ap pase moman trankil avèk li pou di li orevwa.
A 10:26 p.m., kèk minit sèlman apre dènye vizitè li yo te kite, Mesye Hanafin te mouri.
Kolaborasyon ant ekip swen yo ak fanmi an
Hilary, Kristin, ak Kayla te travay ansanm sere pou jere swen fen lavi Mesye Hanafin. Yo te konsilte youn lòt regilyèman ansanm ak fanmi li pou adapte plan swen li an pandan kondisyon li t ap chanje.
“Pi gwo bagay ki te enpòtan pou fanmi li se te asire li te lakay li, alèz, epi antoure ak fanmi li,” Hilary te di. “E chak fwa mwen te la pandan dènye jou li yo, tout moun te la—madanm li, pitit li yo, pitit pitit li yo, nyès li yo ak neve li yo. Sa te yon pati enpòtan nan sa ki te konte pou yo nan fen lavi li.”
“Kolaborasyon ant Home Hospital, Home-based Palliative Care, ak fanmi mwen te pèmèt papa m gen yon lanmò ki te anpè,” Mary te ajoute. “Se te yon modèl sou fason ekip swen yo ta dwe travay ansanm ak fanmi an, epi nou santi nou beni dèske se nou menm ki te benefisye kalite swen sa a.”"
Lefètke pwofesyonèl Healthcare at Home yo te disponib ni lakay la ni nan telefòn, sa te ede diminye enkyetid Mary pandan yon peryòd ki te chaje ak estrès ak tristès.
“Yo te ekstraòdinè nan fason yo te eksplike tout sa ki t ap pase yo ak rezon ki fè yo te pran mezi yo te pran yo,” li te di. “Sa te pote anpil konfyans pou mwen antanke pitit fi li, paske mwen te konnen nou t ap fè tout sa nou te kapab pou soulaje soufrans papa m epi respekte volonte li. Sa yo te fè pou nou gen plis valè pase sa yo ta janm ka konnen.”
Bill antoure ak madanm li, pitit pitit li yo, ak pitit pitit pitit li yo