false

Swen Palyatif Lakay

Pwogram Swen Palyatif Lakay Mass General Brigham bay swen espesyalize pou kontwole sentòm yo, sipò sikososyal, konsèy pou pran desizyon medikal ki konplike ansanm ak sipò pou moun k ap bay swen yo, objektif la se ede moun ki gen maladi grav amelyore kalite lavi yo pandan y ap resevwa swen nan pwòp lakay yo.

Ki sa ki swen palyatif lakay?

Swen Palyatif Lakay pote swen medikal ekspè, jesyon sentòm, ak sipò emosyonèl dirèkteman nan kay ou ki ede ou menm ak pwòch ou jere difikilte sante ki konplike alèz ak diyite.

Swen palyatif se swen medikal espesyalize ki konsantre sou amelyore kalite lavi pou moun k ap fè fas ak maladi grav, tankou kansè, ensifisans kè, COPD, demans avanse, ak lòt maladi pwogresif oswa ki limite lavi.

Swen palyatif nan kay fèt pou pasyan ki:

  • Gen maladi avanse ki konplike ki fè yo rete lakay yo.
  • Prefere resevwa swen palyatif espesyalize nan lakay ou olye de nan lopital oswa yon etablisman swen.
  • Bezwen sipò konplè pou jere sentòm, planifye pou swen alavni, ak amelyore kalite lavi.

Lè nou bay swen palyatif Lakay la, nou ede pasyan yo kenbe endepandans yo, diminye vizit lopital ki pa nesesè, ak resevwa swen konpasyon, pèsonalize ki adapte ak objektif ak valè yo.

Swen palyatif kont swen ospis

Menm si swen palyatif ak swen ospis toulede konsantre sou konfò ak kalite lavi, gen kèk diferans enpòtan ant yo.

  • Swen ospis se pou moun ki gen yon esperans lavi sis mwa oswa mwens ki chwazi konsantre sou konfò olye de tretman ki ka geri yo.
  • Swen palyatif ki disponib ansanm ak tretman ki ka geri yo ak nan nenpòt etap maladi. Yon eleman esansyèl nan swen palyatif ede pasyan ak fanmi deside si swen ospis ka bon pou yo.

Pati nan Sante Lakay

Metòd nou nan Swen Palyatif ki fèt nan Kay

Swen Palyatif ki fèt nan kay ofri swen medikal espesyalize pou moun k ap viv ak maladi grav.
Kijan nou sipòte ou

Nan vizit lakay kay ak telemedsin, ekip ki gen plizyè espesyalis nan diferan branch nou an nan espesyalis medsin palyatif (doktè, enfimyè praktisyen, enfimyè, ak travayè sosyal) bay:

  • Yon plan swen pou jere sentòm lakay, tankou doulè, malèz nan lestomak, fatig, ak souf kout.
  • Sipò emosyonèl, sikolojik, ak espirityèl, ede ou konprann maladi ou ak sa pou atann nan lavni.
  • Planifikasyon swen avanse pou asire ke plan swen medikal ou a aliyen ak valè ou.
  • Kowòdinasyon swen ant sèvis medikal ak sosyal pou èd kontinyèl, tankou èd finansye ak avantaj gouvènman yo.
  • Sipò pou moun ki bay swen, ede yo fè fas ak difikilte nan bay swen.
  • Si kalifye, sipò fizik nan Mass General Brigham Home Hospital, ki pèmèt aksè a swen medikal nan nivo lopital nan kay.
Kisa pou w atann antanke yon pasyan
  • Premye konsiltasyon pou evalye bezwen ou yo ak kreye yon plan swen pèsonalize.
  • Vizit regilye lakay ou pou jere sentòm ak sipò san rete.
  • Sipèvizyon vityèl ak sipò telefòn pou pwoblèm ki ijan.

Tout manm ekip nou an kominike regilyèman ak founisè swen prensipal ou, espesyalis, ak lòt founisè nan kominote a.

Pasyan yo ka resevwa swen sa a pandan plizyè mwa jiska plizyè ane, selon bezwen ak preferans yo.

Maladi pou swen palyatif lakay

Pou yo kalifye, pasyan yo dwe:

  • Gen yon maladi grav ki limite lavi.
  • Viv nan zòn sèvis jeyografik nou an.
  • Gen yon founisè swen prensipal Mass General Brigham oswa yon espesyalis prensipal.

Kijan pou ou jwenn aksè a swen palyatif lakay

Pou kòmanse swen palyatif ki fèt nan kay, kòmanse pa pale ak founisè swen prensipal ou oswa espesyalis la epi mande yon referans. Yon fwa nou resevwa referans lan, ekip nou an ap revize istwa medikal ou pou detèmine si ou kalifye.

Kesyon yo souvan poze

Kisa swen palyatif lakay ye?
Swen palyatif ki fèt nan kay Mass General Brigham bay swen medikal espesyalize, jesyon sentòm, ak sipò emosyonèl pou moun ki gen maladi grav nan pwòp kay yo.
Ki diferans ki genyen ant swen palyatif ak swen ospis
Swen palyatif disponib pou nenpòt etap maladi epi li konsantre sou soulajman sentòm ansanm ak tretman sa rete. Swen ospis se sitou pou pasyan ki gen yon esperans lavi sis mwa oswa mwens ki chwazi resevwa swen pou li alèz olye de tretman ki geri.
Èske mwen ka kontinye avèk doktè mwen genyen nan moman sa a?
Wi! Ekip nou an travay ansanm ak doktè ou yo pou bay plis sipò.
Esi kondisyon mwen amelyore?
Ou ka resevwa swen palyatif lakay ou toutan ke ou gen bezwen swen palyatif? Si kondisyon ou amelyore, nou pral fè doktè prensipal ou oswa espesyalis ou a konnen kijan pou voye ou tounen ba nou si sa nesesè alavni.
Èske swen palyatif lakay la vle di mwen ap abandone tretman m?
Pa ditou! Sèvis sa a se pou fè ou alèz ak kalite lavi w ap viv, kèlkeswa chwa tretman ou yo.
Èske asirans kouvri swen palyatif lakay?
Pifò plan asirans prive, ansanm ak Medicaid ak Medicare, kouvri sèvis swen palyatif. Detay asirans yo depann de plan espesifik ou a, kidonk nou rekòmande pou ou verifye avantaj yo ak asirans ou.
Kijan mwen ka jwenn swen palyatif lakay?
Pale ak founisè swen prensipal ou oswa espesyalis ou a pou yon referans. Ekip nou an pral revize istwa medikal ou pou detmiène kalifikasyon w.

Karyè pwofesyonèl

Dekouvri opòtinite karyè pwofeesyonèl nan Mass General Brigham Healthcare at Home epi aprann poukisa founisè swen adomisil nou yo renmen travay nan youn nan domèn ki ap grandi pi vit nan Etazini.
Yon fanm ki gen rad medikal sou li kanpe devan pòt yon kay, pote yon gwo valiz nwa.
secondary
external
Dekouvri karyè pwofesyonèl nan Swen sante Lakay