Kesyon yo souvan poze sou Faktirasyon
Ou te resevwa yon bòdwo pou youn nan rezon sa yo:
- Ou pa gen asirans sante.
- Sèvis ou te resevwa a pa kouvri pa asirans sante ou.
- Ou gen yon ko-pèman, ko-asirans, oswa dediktib ou pa t peye pandan vizit ou a.
- Ou pa t jwenn yon referans ki nesesè nan men doktè w.
- Ou te resevwa swen deyò rezo founisè w.
- Ou te itilize avantaj asirans sante ou yo. (Kèk konpayi asirans sante limite kouvèti asirans lan.)
Si ou gen HSN, (yo rele l tou Swen Gratis), nou voye bòdwo ba ou si:
- Ou gen yon dediktib HSN.
- Ou gen asirans prive, ak HSN men ou pa t peye ko-pèman asirans prive ou a nan vizit ou a. (HSN pa kouvri ko-pèman asirans prive).
- Ou te wè yon doktè ki pa aksepte HSN.
HSN se yon pwogram leta ki peye lopital ak sant sante men pa peye pifò doktè. The Mass General Physicians Organization, the Brigham and Women’s Physicians Organization, the North Shore Physicians Group, ak Newton Wellesley Ambulatory Services:
- Y ap voye bòdwo a bay pasyan ki sou Full HSN
- Y ap diminye bòdwo a pou pasyan ki sou Partial HSN jiska 70%
Si doktè w la pa yon manm nan youn nan gwoup sa yo, ou ka resevwa yon bòdwo.
Ou ka resevwa bòdwo separe pou sèvis ki sòti nan lopital la ak nan men doktè a, tankou bòdwo ki sòti nan pratik prive ki afilye ak Massachusetts General Hospital ak Newton-Wellesley Hospital.
Pati lopital la se pou atik, tankou ekipman medikal, teknoloji, materyèl medikal, tès laboratwa, radyoloji, ak chanm lopital.
Pati pwofesyonèl la se pou tan moun ki bay swen an pase pandan vizit la ap trete w, li rezilta tès yo, ak kowòdone swen an.
Si ou pa sèten kijan plan asirans sante ou a ap trete reklamasyon pou sit doktè ou a, kontakte nou nan patientbilling@partners.org oswa 617-726-3884 pou mande sa ou pral peye soti nan pòch ou.
Kèk plan asirans sante konsidere sant sante nou yo ak pratik doktè yo kòm kote lopital ekstèn ak pa kòm biwo doktè. Sa ka chanje kijan asirans sante ou a peye pou swen w.
Sa vle di si ou vizite youn nan sit sa yo, yo ka chaje ou pou yon sèvis lopital ekstèn, olye pou yon vizit doktè. Ko-pèman w, ko-asirans, oswa dediktib ou ka diferan de sa yo ta dwe ye pou yon vizit doktè.
Tanpri li sou bòdwo nan adrès lopital ekstèn.
Epitou, kèk vizit gen frè pou depatman sipò (pa egzanp, Radyoloji, Patoloji, Anestezi, elatriye); tanpri tcheke pou wè si bòdwo ou a gen yon frè anplis.
Si w toujou kwè ou te resevwa yon bòdwo pa erè, tanpri kontakte Solisyon Bòdwo:
Telefòn: 617-726-3884
Lendi: 8:00 a.m. - 4:30 p.m.
Madi: 8:00 a.m. - 4:30 p.m.
Mèkredi: 8:00 a.m. - 4:30 p.m.
Jedi: 9:00 a.m. - 4:30 p.m.
Vandredi: 8:00 a.m. - 4:30 p.m.
Voye imèl: patientbilling@partners.org pou kesyon jeneral sèlman; yon reprezantan ap reponn jeneralman nan twa jou ouvrab.
(Tanpri ale souwww.patientgateway.org pou gade detay yo sou kont ou, voye mesaj ak enfòmasyon konfidansyèl, oswa peye bòdwo ou.)
Adrès PostalKorespondans sèlman (pa gen chèk)
Mass General Brigham
Solisyon Bòdwo Pasyan
399 Revolution Drive, Suite 410
Somerville, MA 02145-1462
Pasyan yo resevwa bòdwo pi vit posib apre randevou founisè yo oswa sejou lopital:
- Anjeneral, yo pa voye bòdwo yo jiskaske yo fin trete tout reklamasyon asirans yo.
- Pasyan ki pa gen asirans resevwa bòdwo dirèkteman.
- Sik bòdwo yo se chak 30 jou.
- Yon fwa ou resevwa yon bòdwo, pasyan yo gen 25 jou pou peye bòdwo yo an antye; yo make dat limit la sou bòdwo w la.
Lè w gen randevou pou Egzamen Sante Prevansyon anyèl ou, anjeneral pa gen okenn ko-pèman.
Sepandan, pafwa, yo ka tounen Egzamen Sante Prevansyon Anyèl ou, Vizit Byennèt Anyèl Medicare, oswa Vizit Byenvini nan Medicare aprè vizit maladi
Pandan vizit ou, founisè ou a ka bezwen trete yon nouvo pwoblèm medikal oswa yon pwoblèm kwonik ki chanje. Si sa rive, yo rele pati sa a nan vizit la yon Vizit Maladi e sa ka lakòz yo chaje sèvis adisyonèl sou asirans ou an.
Pifò konpayi asirans ap peye pou evalyasyon, tès, ak trètman Vizit Maladi, men plan asirans ou an ka mande w pou peye yon ko-pèman, dediktib, ak/oswa pèman ko-asirans pou Vizit Maladi la, menm lè yo fè l pandan menm randevou ak egzamen sante prevantif ou a.
Anplwaye biwo a pa konnen nan moman ou anrejistre a ki sèvis yo pral bay pandan vizit ou a, paske sa se ant ou ak founisè ou a. Nou pral voye yon bòdwo pou ou si gen nenpòt balans ou pa peye aprè nou resevwa pèman pou vizit ou an nan men konpayi asirans ou.
Li enpòtan pou ou konprann avantaj asirans sante w, e nou ankouraje w kontakte plan asirans sante ou si ou gen nenpòt kesyon sou sa ki enkli nan egzamen sante prevansyon w lan.
Tanpri li paj nou an sou bòdwo pou egzamen sante prevansyon.
Sèvis Swen Ijan disponib nan plizyè kote nan Mass General Brigham. Plan asirans sante pa konsidere kèk nan kote sa yo kòm Sant Swen Ijan, e poutèt sa, anjeneral, yo pa ajoute avantaj ko-pèman w pou sèvis swen ijan.. Olye de sa, pou vizit ou a nan kote sa yo pral pwobableman chaje w swa kòm yon vizit nan biwo doktè oswa kòm yon vizit ekstèn nan lopital la.
Yo pa aplike enfòmasyon bòdwo ki anba a pou sèvis Swen Ijan ki bay nan sant ki rele "Mass General Brigham Urgent Care" (anvan yo te rele l "Partners Urgent Care") ki sitiye nan Boston ak kominote ki antoure yo. Pou vizit nan Mass General Brigham Urgent Care (anvan sa yo te rele l Partners Urgent Care), anjeneral yo pa aplike avantaj asirans swen ijans ou a.
Pou adrès biwo doktè yo:
Anjeneral, yo fè bòdwo Sèvis Swen Ijan yo kòm yon vizit doktè oswa enfimyè pratisyen, epi anjeneral, yo limite depans ou yo ak ko‑pèman plan asirans sante ou a egzije. Nou pral mande ko-pèman ou an lè ou anrejistre pou vizit la.
Pou kote lopital ki bay sèvis pou pasyan ekstèn:
Anjeneral, yo limite depans ou pou vizit ou ak doktè oswa ak enfimyè pratisyen an ak ko-pèman plan asirans sante ou a egjize. Nou pral mande ko-pèman ou an lè ou anrejistre pou vizit la.
Ou pral tou resevwa yon bòdwo pou sa yo souvan rele yon "frè etablisman" pou itilizasyon espas lopital la, ekipman, ak sipò pou anplwaye yo.
Plan asirans sante ou an ka aplike frè lopital sa yo sou dediktib anyèl ou, e aprè ou fin peye dediktib ou a an antye, ou ka resevwa yon bòdwo pou yon pèman ko-asirans.
Nou pral voye yon bòdwo ba ou si gen nenpòt balans ou pa peye aprè nou resevwa pèman pou vizit ou a nan men plan asirans sante ou.
Tanpri li plis enfòmasyon sou bòdwo swen ijans, epi dekouvri kilès nan sant swen ijans yo konsidere kòm kote biwo doktè epi kilès ki konsidere kòm kote lopital ki pa bay sèvis ekstèn.
Gen kè opsyon pou pèman.
- Peye bòdwo ou sou entènèt nan Mass General Brigham Patient Gateway (ou ka konekte sou kont ou oswa paye kòm envite).
- Rele 617-726-3884 epi peze 1 pou peye bòdwo ou pa telefòn
- Voye yon chèk oswa lòd lajan bay Mass General Brigham nan adrès postal sa a:
Mass General Brigham
P.O. Box 418393
Boston, MA 02241-8393
Wi, nou aksepte Visa, MasterCard, Discover, American Express, ak chèk elektwonik.
Ale sou www.patientgateway.org pou peye bòdwo ou sou entènèt.
Tanpri rele Solisyon pou Fatirasyon (Billing Solutions) nan 617-726-3884 pou trete kat kredi ou atravè telefòn.
Nou ofri plizyè pwogram pou pasyan ki pa gen ase kouvèti asirans oswa ki pa gen asirans ditou.
Si ou rete nan Massachusetts, ou ka jwenn asirans sante oswa èd pou peye bòdwo swen sante ou a atravè yon pwogram leta tankou MassHealth, Health Connector, oswa Health Safety Net.
Epitou, ou ka pale ak yon konseye finansye pou pasyan. Epitou, ou ka kontakte Patient Billing Solutions ak kesyon sou sa pou fè si ou pa gen asirans.
Fason ki pi rapid pou aktyalize kouvèti asirans ou se atravè Patient Gateway. Yon fwa ou konekte, chwazi rezime asirans nan meni prensipal la.
Epitou, ou ka kontakte Sant Sèvis Pasyan nan 866-489-4056 e nou ka mete ajou enfòmasyon asirans ou.