Dosye Medikal
Konsènan dosye medikal
Dosye medikal yo enkli, men yo pa limite a, antesedan medikal yon pasyan, rezilta tès, nòt vizit biwo, rezime egzeyat, ak rapò operasyon sou tretman ak sèvis medikal yo. Depatman Dosye Medikal la kapab ba ou kopi dosye medikal ou ki gen rapò avèk swen yo te ba ou nan yon etablisman.
Biwo dosye medikal yo pa disponib pou sèvis pasyan ki vini san randevou. Si ou bezwen ranmase dosye an pèsòn, tanpri kontakte nou nan 617-726-2361 pou opsyon posib yo.
Mande dosye medikal pasyan anliy
Ou kapab itilize Patient Gateway, pòtal anliy sekirize nou an pou enfòmasyon sou sante w. Enfòmasyon sou sante w disponib pou w wè, telechaje, transmèt, epi enprime dokiman yo.
Yon fwa ou fin konekte, klike sou "Menu" nan ba anlè a epi klike sou "Request Records (Mande Dosye)."
Si ou pa enskri sou Pòtal Pasyam an, ale sou patientgateway.massgeneralbrigham.org epi klike sou "Enroll Now (Enskri kounye a)." Reponn kesyon yo epi klike sou "Next (Pwochen)" pou konplete pwosesis enskripsyon an.
Mande dosye medikal pasyan pa lapòs oswa faks
1. Telechaje fòm otorizasyon an pou etablisman kote w ap mande dosye yo. Si ou te resevwa swen nan plizyè etablisman nan Mass General Brigham (ki te rele Partners HealthCare anvan) epi ou ta renmen jwenn tout dosye medikal ou, tanpri itilize fòm otorizasyon Mass General Brigham/Partners HealthCare la.
Fòm otorizasyon
Mande dosye medikal nan lopital oswa pratik nou yo
Si ou te resevwa swen nan lopital oswa pratik sa yo, tanpri vizite sit entènèt konsène a pou enfòmasyon sou fason pou jwenn dosye medikal ou:
- Brookside Community Healthcare
- Dana-Farber Cancer Institute
- Cooley Dickinson VNA & Hospice
- Martha's Vineyard Hospital
- Mass General Brigham Home Care
- Milford Regional Physician Group
- North Shore Physician's Group
- Southern Jamaica Plain Health Center
2. Ranpli fòm otorizasyon an. Tanpri ranpli espas obligatwa sa yo kòrèkteman pou trete demann lan:
- Non konplè pasyan an (mete non jenn fi, si sa aplikab)
- Adrès ak nimewo telefòn
- Adrès imèl
- Dat nesans
- Nimewo dosye medikal, si li disponib
- Dat sèvis la
- Non founisè a oswa non etablisman an oswa klinik kote w ap mande dosye yo
Idantifye metòd pou nou pataje dosye medikal yo mande yo lè w endike klèman adrès lapòs la, nimewo faks, adrès imèl, oswa Pòtal Pasyan (si li disponib).
3. Siyen epi mete dat sou fòm otorizasyon ki ranpli a.
4. Avèk tout enfòmasyon obligatwa yo enkli, tanpri faks oswa poste demann ou an :
Faks pou Divilgasyon Enfòmasyon : 617-726-3661
Adrès Lapòs:
Mass General Brigham
Inite Divilgasyon Enfòmasyon
121 Inner Belt, Room 240
Somerville, MA 02143-4453
Pa voye demann sa a pa imèl. Nou pa kapab garanti sekirite tout Enfòmasyon Pèsonèl ki ka Idantifye w ki enkli nan fòm lan si yo soumèt li pa imèl.
Remak: Ranmase dosye an pèsòn pa disponib kounye a. Biwo dosye medikal yo fèmen pou yon tan moun pa konnen pou sèvis pasyan ki vini san randevou depi Jedi 19 Mas 2020 akòz COVID-19.
Yo ka mande otorizasyon adisyonèl tou pou divilgasyon enfòmasyon ki espesyalman pwoteje oswa privilejye. Sèten enfòmasyon kapab pran jiska 30 jou pou trete.
Pou kesyon sou Divilgasyon Enfòmasyon, tanpri rele Sèvis Kliyan nan 617-726-2361.
Pou kesyon ki gen rapò avèk Odit, tanpri rele 857-282-8730 oswa faks 617-726-3025.
Detay adisyonèl
Mass General Brigham Imaging bay pasyan yo imaj ak rapò egzamen radyoloji yo elektwonikman. Ou kapab wè imaj ak rapò ou yo sou Pòtal Pasyan an depi yon radyològ fin finalize yo. Ekip swen ou nan Mass General Brigham ka wè imaj ak rapò ou yo tou nan sistèm sekirize nou yo. Si ou bezwen yon kopi rapò a epi ou pa bezwen imaj yo, tanpri kontakte Dosye Medikal nan 617-726-2361.
Yon radyològ entèprete imaj ki soti nan egzamen ou an epi li voye yon rapò bay doktè w la avèk rezilta yo. Gen kèk imaj ki pran plis tan pou trete pase lòt. Ou ka wè rapò w la anvan ekip swen w lan jwenn chans pou revize li. Tanpri ba yo kèk jou pou yo egzamine rezilta yo anvan yo kontakte ou.
Mass General Brigham Imaging ap fè ekip swen w lan konnen pi vit posib si rezilta ou yo montre yon bagay ki dwòl. Si ou gen nenpòt kesyon sou rapò w la, tanpri kontakte ekip swen w lan. Si ou gen yon kont sou Pòtal Pasyan an, ou kapab voye mesaj ba yo dirèkteman sou pòtal la.
Ki jan pou pataje imaj ak rapò ou yo
Si ou vle pataje imaj ak rapò ou yo avèk yon founisè andeyò Mass General Brigham oswa fè yon demann entèn, tanpri itilize fòm sa a pou plase yon kòmand sou entènèt. Tout kòmand dwe gen ladan yon fòm otorizasyon ki siyen.
Yo voye tout imaj yo pa mwayen transfè elektwonik. Si ou bezwen yon CD oswa DVD, nou kapab poste li ba ou oswa ou kapab vin chèche li. Pou vin chèche yon CD oswa DVD, tanpri pote yon pyès idantite ki gen foto ak yon pèmisyon alekri nan men pasyan an (si sa nesesè) nan biwo nou an. Nou louvri lendi rive vandredi, 8:00 a.m. – 6:00 p.m. epi nou sitiye nan:
55 Fruit Street, Blake Building
Blake Subbasement 0029
Boston, MA 02114
Telefòn: 617-726-1798
Faks: 617-724-0264
Imèl: ImageServiceCenter@mgb.org
Sèvis dezyèm opinyon
Radyològ nou yo kapab bay ou menm ak doktè ki refere w la yon dezyèm opinyon ekri sou tès imaj dyagnostik ou yo, ki gen ladan X-ray, CT, MRI, PET, ak iltrason. Entèpretasyon w lan fèt pa yon radyològ ki gen fòmasyon espesyalize nan pati kò y ap etidye a.
Sèvis dezyèm opinyon nou an disponib atravè Mass General Brigham Dezyèm Opinyon sou Entènèt.
Depatman Dosye Medikal la pa kapab bay sètifika nesans oswa lanmò. Tanpri kontakte biwo vil oswa biwo minisipalite ki apwopriye a pou jwenn yon kopi.
Pou mande kopi dosye medikal yon pasyan ki mouri, demann lan dwe akonpaye pa otorizasyon nan men Egzekitè, Egzekitris, Administratè Byen an oswa Reprezantan Pèsonèl la, ansanm ak dokiman ki endike otorite legal.
Pou mande yon amannman pa lapòs, faks, oswa imèl, tanpri ranpli fòm ki anba a epi voye l bay Inite Koreksyon Dosye a (Chart Correction Unit).
Demann pou Amannman nan Dosye Medikal
Lapòs:
399 Revolution Drive, Suite 970
Somerville, MA 02145
Faks: 857-282-8110
Imèl: HIMChartcorrection@partners.org
Si w gen kesyon sou pwosesis amannman dosye medikal la, tanpri rele 857-282-9736.
Si w gen yon kont Pòtal Pasyan aktif, demann Amannman Pasyan yo kapab ranpli epi soumèt sou Pòtal la. Ale sou kont Pòtal Pasyan w lan epi nan bouton "Menu" ki sou bò gòch la, chwazi "FAQs" epi apre sa "Chart Correction". Epi sa a pral montre demann amannman an.