Ekip konsiltasyon pou adiksyon
Konsènan pwogram nan
Ekip konsiltasyon pou adiksyon (ACT) an bay swen espesyalize pou adiksyon pou pasyan ki entène, ki gen ladan tretman pandan yo entène lopital ak oryantasyon dirèk pou yo kontinye jwenn swen apre yo fin kite lopital la. Objektif nou se pou nou bay swen ki imedya, ki bon kalite epi ki santre sou moun, pou tout pasyan ki gen pwoblèm konsomasyon sibstans nan lopital la, fè li pi fasil pou yo jwenn tretman, ede yo pase nan yon nivo swen a yon lòt pi fasil, epi amelyore sante pasyan yo ak kalite lavi yo. Nou ofri tretman ki santre sou moun pou tout kalite pwoblèm konsomasyon sibstans, ki gen ladan jesyon sentòm sevraj, kòmanse yon tretman avèk medikaman, evalyasyon sikososyal, epi sèvis pou ede w geri nan men moun ki viv menm sitiyasyon.
Pandan ou entène lopital la, ekip klinik prensipal la ap mande pou fè yon konsiltasyon pou adiksyon. Youn nan manm ekip nou an ap fè yon evalyasyon ak kreye yon plan tretman avèk pasyan an epi l ap bay rekòmandasyon pou ekip klinik prensipal la. Travayè sosyal nou yo, espesyalis nan zafè resous yo, ak moun ki viv menm sitiyasyon ak ou k ap ede nan pwosesis gerizon ou a, yo disponib pou bay sipò anplis epi ede w jwenn tretman. Ekip nou an travay an kolaborasyon ak ekip klinik prensipal la pou yo kreye yon plan egzeyat epi mete chak pasyan an kontak avèk sèvis kominotè yo pou yo kontinye jwenn swen.
Pwogram sa a aksepte pasyan sou referans sèlman.
Pati nan sèvis sante mantal ak sèvis sikyatrik yo
Sèvis
ACT bay yo:
- Evalyasyon ak dyagnostik pou tout kalite pwoblèm konsomasyon sibstans, tankou alkòl, opiyoyid, estimilan, ak lòt sibstans
- Jesyon sentòm sevraj
- Kòmanse ak kontinye yon tretman abaz medikaman pou pwoblèm konsomasyon sibstans
- Terapi bò kabann pasyan ansanm ak konvèsasyon pou motive pasyan
- Kreye yon plan tretman pou pwoblèm konsomasyon sibstans epi refere pasyan bay pwofesyonèl swen sante ki nan kominote a¨
- Planifikasyon pou lè ou soti kite lopital la
- Edikasyon pasyan
- Rekòmandasyon pou tès depistaj pwoblèm sante ki komen ki gen rapò ak sibstans, tankou epatit viral ak depistaj VIH
- Reyinyon regilye avèk sèvis ki travay an kolaborasyon yo, tankou maladi enfektye, chiriji kadyak, sikyatri, ak jesyon ka
- Sipò nan men moun ki viv menm sitiyasyon ak ou, pou ede w nan pwosesis gerizon ou
Pwoblèm medikal ak tretman ki gen rapò yo
- Substance Use Disorder or Dependence
- Opiate Use Disorder
- Alcohol Withdrawal
- Opioid Withdrawal
- Alcohol Intoxication
- Benzodiazepine Withdrawal
- Marijuana Use Disorder
- Cannabis Hyperemesis Syndrome (CHS)
- Alcohol-Induced Liver Disease
- HIV AIDS
- Substance Use Disorder
- Alcohol Use Disorder (AUD)
- Drug Withdrawal
- Treating Substance Use Disorders and Addiction
- Treating Heroin Addiction
- Giving Emergency Nasal Naloxone for Opioid Overdose
- Shoulder Replacement
- Using Nicotine Gum
- Total Joint Replacement
- Hepatic Artery Infusion Pump
- Treating Inhalant Abuse