false

Pwogram Tretman Entansif Konpòtman Mantal pou Granmoun

Pwogram Tretman Entansif Konpòtman Mantal (AICBT) pou Granmoun nan Mass General Brigham ofri tretman entansif konpòtman mantal pou yon seri de maladi anksyete ak maladi ki ki fè pati epèk twoub obsesif-konpilsif (OCD).
primary
phone
617-643-6095

Rele Pwogram Tretman Entansif Konpòtman Mantal pou Granmoun nan 617-643-6095.

6176436095

Konsènan pwogram lan

Anksyete ka yon maladi ki afekte tout aspè nan lavi nou. Anksyete fè nou santi nou pa alèz epi li ka rann li difisil pou angaje nèt nan aktivite tankou travay, fanmi, lekòl ak zanmi. Nou fini pa patisipe nèt nan lavi a, men se pa yon bagay nou oblije sipòte.

Terapi konpòtman mantal (CBT) se tretman ki pi etidye pou enkyetid ak lòt maladi ki gen rapò. CBT se yon tretman ki oryante sou objektif, ki santre sou pwoblèm epi konsantre sou konpetans; li vize twa aspè anksyete ak panse, konpòtman ak fizyoloji ak ke anjeneral maladi sa yo afekte. Divès eleman nan CBT kapab aplike selon bezwen pasyan yo.

Pati Sèvis Sante Mantal ak Sikyatrik

Terapi pèsonalize

Pwogram Tretman Entansif Konpòtman (AICBT) pou granmoun nan Mass General Brigham ofri tretman entansif konpòtman mantal pou yon seri maladi anksyte ak maladi ki sou espek obsesis-konpulsif (OC).

Pwogram AICBT a fèt espesyalman pou moun ki gen 18 lane oswa plis, ki pa kapab pase plizyè mwa nan terapi chak semèn, epi ki bezwen fè pwogrè rapid. Li kapab nan avantaj moun k ap lite pou fè pwogrè nan modèl tretman yon fwa pa semèn, ki bloke oswa ki gen yon pwogrè ralanti.

Avantaj pwogram lan

Pwogram AICBT la ka trè benefik paske li ofri:

  • Randevou chak jou: Pasyan yo wè terapet yo chak jou (nan jou travay) pandan tretman an. Tretman konsantre sa a ogmante chans pou abòde avèk efikasite evitasyon ak konpilsivite.
  • Sesyon chak jou travay: Dapre plan tretman an, nòmal pandan premye semèn lan, pasyan yo pase twazèdtan chak jou ak terapet yo, sa ki pèmèt yon pratik konpetans ki byen gide. Pandan dezyèm ak twazyèm semèn yo, seyans yo se swa de oswa twazèdtan pa jou
  • Dire tretman kout: Dire tretman an varye de 5 a 15 jou travay (ki totalize twa semèn maksimòm), selon bezwen pasyan an. Pasyan yo resevwa yon eksperyans tretman solid nan yon ti tan pou yo ka rapidman retounen nan lavi yo amelyore. Sa a elimine tou deranjman pou pran tan chak semèn pandan plizyè mwa pou vwayaje ak patisipe nan terapi
  • espas ki aksesib: Tretman an ka fèt nan biwo nou an oswa nan kominote a. Ekip nou an vwayaje nan zòn Boston pou ke tretman ka fèt nenpòt kote, kote pasyan yo souvan gen krent.
  • Ekip tretman : Terapet nou yo se sikològ nivo doktora ki espesyalize nan tretman enkyetid ak maladi nan espek OC.
  • Swen pèsonalize: Nou angaje anpil pou ogmante efikasite tretman an, kidonk nou pèsonalize li pou satisfè bezwen chak pasyan.

Maladi nou trete

Pasyan ki angaje nan Pwogram Tretman Entansif Konpòtman pou Granmoun nan Mass General Brigham dwe dispoze pou pase twazèdtan pa jou ap travay ak terapet yo pandan tout pwosesis tretman an. Yo dwe tou dispoze pou pratike konpetans yo aprann pandan seyans yo nan pwòp tan pa yo.

Maladi ki trete nan pwogram AICBT la gen ladan:

  • Maladi panik
  • Agorafobi (krent kote oswa sitiyasyon kote sove ka difisil)
  • Fobi espesifik
  • Maladi enkyetid sosyal
  • Maladi obsesis-konpulsif (OCD)
  • Maladi Tourette ak maladi tik
  • Trichotillomania (maladi rale cheve)
  • Maladi ekskoriyasyon (rake po)

Ki moun ki ka benefisye de AICBT?

AICBT ka apwopriye pou ou si:

  • Pwoblèm prensipal ou se enkyetid oswa maladi ki nan espek obsesis-konpulsif, oswa yon konbinezon de pwoblèm enkyetid
  • Ou dispoze angaje nan tretman ki baze sou konpetans terapi konpòtman mantal (CBT), ki gen ladan ekspozisyon (ak gid)
  • Ou pa gen itilizasyon dwòg oswa alkòl anpil nan moman sa a oswa sa pa gen lontan
  • Ou pa toujou gen panse swisid nan moman sa a oswa sa pa gen lonta
  • Ou pa gen panse sikotik

Yon evalyasyon konplè ap fèt nan kòmansman pou asire ke tretman sa a se yon bon chwa. Yon fwa evalyasyon an fini epi ou te aksepte nan pwogram lan, y ap pwograme an nan yon lè k ap bon pou ou ak terapet ou a. Nou pral travay ansanm pou detèmine objektif tretman an ak pi bon kalite ekspozisyon oswa egzèsis pou reyalize objektif sa yo. Remake byen, yo pap janm fòse pasyan yo fè egzèsis ekspozisyon yo, chak pasyan ap fè yo selon rit pa yo, avèk ankourajman ak sipò terapet la.

Pri pwogram lan

Pwogram Terapi Entansif Konpòtman Mantal pou Granmoun pa aksepte okenn asirans epi se yon pwogram kote pasyan an dwe peye tout depans yo dirèkteman. Depans pou deplasman pwofesyonèl swen an soti lopital la pou ale nan lòt zòn, ansanm ak tout depans ki nesesè pou fasilite egzèsis ekspozisyon yo, pa antre nan pri debaz pwogram lan. Y ap ajoute depans sa yo apa.

Nou pral ba ou yon estimasyon sou pri tretman pèsonalize ou a yon fwa nou fin diskite sou opsyon tretman sa yo avèk ou epi plan tretman ou a fèt.

Kouvèti asirans

Akòz fason pwogram lan òganize ak kalite sèvis li bay yo, yo konsidere li kòm yon tretman ochwa (elektif), se poutèt sa, majorite konpayi asirans yo pa kouvri depans tretman sa a. Ou pral responsab pou peye tout frè yo nan kòmansman tretman an, kèlkeswa si ou asiste tout jou ki nan kontra oswa non.

Nou pa ka ede ou jwenn okenn ranbousman asirans pou sèvis sa yo, ni anvan ni apre ou fin konplete pwogram entansif la.

Espesyalis nou yo

Kèlkeswa maladi oswa kondisyon ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis ki toupre ou ki ka ede.
Yon ilistrasyon yon ekip swen.
primary
phone
617-643-6095

Rele Pwogram Tretman Entansif Konpòtman Mantal pou Granmoun nan 617-643-6095.

6176436095

Kontakte Pwogram Tretman Entansif Konpòtman Mantal pou Granmoun lan

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede w konprann opsyon ou yo epi gide w nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowòdone, ekspè.
primary
phone
617-643-6095

Rele Pwogram Tretman Entansif Konpòtman Mantal pou Granmoun nan 617-643-6095.

6176436095
secondary
internal
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact