false

Sèvis Maladi obsesif-konpilsif (OCD)

OCD se yon kondisyon sikyatrik ki enplike panse ke pa vle, ki anvayi lespri a ak konpòtman repetitif oswa konpilsif. Konpòtman sa yo souvan fèt pou diminye anksyete oswa anpeche yon bagay rive. Founisè nou yo rekonèt nan tout peyi a pou ekspètiz yo nan ede pasyan yo devlope konpetans pou jere OCD.

Sèvis OCD konplè

Si ou oswa yon moun ou renmen gen OCD, ou konnen de premye men kijan li ka afekte lavi chak jou, ki gen ladan relasyon, travay, ak lekòl. Nou ofri dènye tretman yo nan anviwònman ekstèn, pasyè¨l, ak rezidansyèl, ki gen ladan youn nan premye klinik espesyalize OCD nan peyi a ak premye pwogram tretman rezidansyèl OCD nan peyi a.

Pati Sèvis Sante Mantal ak Sèvis Sikyatrik

Ki sa ki OCD?

OCD se yon maladi sikyatrik ki karakterize pa obsesyon ki pèsistan ak/oswa konpòtman konpilsif ki pran tan. Konpòtman konpulsif sa yo fèt repete pou diminye anksyete ki asosye ak yon obsesyon ak/oswa pou anpeche yon rezilta ki fè pè. Pandan OCD souvan se yon maladi ki dire tout lavi, tretman yo ka soulaje sentòm yo ak amelyore kalite lavi ou.

Siy komen OCD

Obsesyon se panse oswa dezi ki anvayi lespri a e ki lakòz malèz. Obsesyon komen yo gen ladan yo :

  • Enkyetid konsènan lòd, simetri, oswa presizyon egzak
  • Laperèz pou lakòz domaj aksidantèlman
  • Panse ki repete sou kèk son, imaj, mo, oswa chif an patikilye
  • Panse seksyèl ki bay gwo malèz
  • IImaj vyolan oswa imaj ki boulvèse moun

Konpilsiyon ki pi komen yo gen ladan:

  • Netwayaj oswa lave twòp (pa egzanp, lave men plizyè fwa, bwose dan plizyè fwa oswa nan yon fason espesifik)
  • Verifye(pa egzanp, verifye plizyè fwa si fou a etenn oswa si pòt la fèmen ak kle)
  • Ranje objè nan yon fason patikilye
  • Ritiyèl mantal (pa egzanp, bay tèt ou asirans, repete kèk fraz espesifik)

Metòd nou nan swen OCD

Nou bay zouti pou ede ou rekonèt siy OCD yo ak bati konpetans pou jere sentòm ou yo pou alontèm.
Yon metòd ann ekip pou tretman
Sikyat, sikològ, entèn anvan ak apre doktora, ansanm ak rezidan nou yo, fè evalyasyon konplè pou idantifye sentòm OCD yo epi verifye si gen lòt pwoblèm sante mantal ki prezan ansanm avè l. Nou itilize kritè dyagnostik ki etabli pou adapte tretman an ak kreye yon plan swen pèsonalize ki reponn ak bezwen espesifik ou yo.
Ekspozisyon ak prevansyon repons (ERP) pou OCD

ERP se yon kalite terapi konpòtman mantal (CBT) ak tretman sikolojik ki pi efikas pou OCD. Avèk gid yon pwofesyonèl sante mantal ki fòme, ERP ede pasyan yo fè fas ak sitiyasyon ki deklanche panse obsesif pandan y ap aprann diminye oswa sispann konpòtman konpilsif.

Tretman an fèt an kolaborasyon epi adapte pou chak pasyan. Klinisyen yo ka ajoute lòt metòd tou, tankou restriktirasyon mantal, terapi akseptasyon ak angajman (ACT), konsyans, ak konpetans terapi konpòtman dyalektik (DBT), pou sipòte pwogrè ak amelyore kalite lavi.

Fòmasyon ranvèse abitid pou konpòtman repetitif ki konsantre sou kò
Fòmasyon pou ranvèse abitid yo souvan itilize pou trete konpòtman repetitif ki konsantre sou kò a, tankou rale cheve ak rache po. Li ede pasyan yo vin pi konsyan de anvi yo genyen yo, idantifye sa ki deklanche yo, tankou siyal sansoryèl, emosyonèl oswa sitiyasyonèl, epi sèvi ak lòt konpòtman altènatif pou entèwonp epi ranplase abitid sa yo.
Entèvansyon konpòtman konplè pou tik
Entèvansyon konpòtman konplè pou tik se yon kalite entèvansyon konpòtman ki itilize pou trete sendwòm Tourette ak lòt maladi tik. Li ede pasyan yo vin pi konsyan de siy avètisman bonè yon tik, itilize lòt konpòtman pou entòwonp oswa diminye tik la, epi fè chanjman nan anviwònman yo pou jere estrès ak faktè deklanche.

OCD ak maladi ki gen rapò nou trete

Maladi sa yo souvan gwoupe ansanm paske yo pataje sentòm ki sanble e yo ka gen faktè biyolojik ak jenetik ki gen rapò. Kèk pasyan ka genyen plis pase youn nan maladi sa yo.