false
Pwogram pou Alèji kont Ensèk ki Pike
Gen kèk moun ki fè reyaksyon alèjik ak pwazon myèl oswa lòt ensèk ki pike, e reyaksyon sa yo ka mete lavi yo an danje. Espesyalis alèji nou yo ofri piki kont alèji pou minimize reyaksyon sa yo epi pwoteje sante w.
primary
phone
617-726-3850
6177263850
Swen espesyalize pou alèji ak ensèk ki pike
Venen myèl oswa lòt ensèk ki pike ka lakòz anafilaksi lakay kèk moun; se yon reyaksyon alèjik grav ki ka mete lavi an danje epi ki afekte kapasite moun nan pou l respire. Espesyalis nan domèn alèji ak iminoloji k ap travay nan Pwogram Ensèk ki Pike nou an bay moun ki gen gwo risk pou fè reyaksyon grav sa a bon jan swen ekspè. Nou ofri piki kont alèji nan yon anviwònman ki byen siveye, pou ede re-edike sistèm iminitè w yon fason pou l pa reyaji twò fò lè yon ensèk pike w alavni.
center
tertiary
internal-arrow
Yon pati nan sèvis Alèji ak Iminoloji Klinik
Aprann plis sou alèji ak iminoloji klinik nan Mass General Brigham.
Apwòch nou anvè swen pou alèji ak ensèk ki pike
Nou swiv direktiv nasyonal yo pou fè dyagnostik ak trete alèji ak ensèk ki pike. Nou ofri vaksen kont alèji, ki se pi bon tretman posib pou moun ki fè reyaksyon alèjik ki afekte tout kò a.
Èd pou tout kalite reyaksyon alèjik kont pwazon ensèk
Yo konnen ensèk sa yo ki pike lakòz gwo reyaksyon alèjik lakay moun k ap viv nan rejyon New England la:
- Abèy ki fè siwo myèl
- Wèp
- Wèp ak figi blan
- Frelon ki gen figi jòn
- Wèp jòn
Dyagnostike reyaksyon alèjik kont ensèk ki pike
Nou fè tès apwofondi pou detèmine ki pwazon ensèk ki lakòz reyaksyon alèjik. Tès sa yo ka gen ladan yo:
- Tès san
- Tès pike sou po
Trete reyaksyon alèjik kont pwazon ensèk
Piki kont alèji (imunoterapi pou alèjèn) diminye reyaksyon sistèm iminitè w la fas ak pwazon ensèk. Tretman an ka dire jiska senk ane oswa menm pou tout lavi. Nou byen siveye w pou wè si w gen reyaksyon alèjik. Etap tretman yo gen ladan yo:
- Faz devlopman: Nou ogmante dòz pwazon ensèk la piti piti pandan plizyè jou oswa plizyè semèn.
- Faz antretyen: Ou resevwa piki venen chak mwa ki ekivalan ak plizyè pike ensèk.
Imunoterapi rapid kont alèjèn
Ekip nou an ka rekòmande iminoterapi alèrjèn rapid si ou gen yon risk ekstrèmman wo pou anafilaksi ki menase lavi ou akòz venen ensèk. Tretman sa a enplike nan ogmante rapidman dòz pwazon ensèk yo bay nan vaksen kont alèji, yon fason pou ranfòse tolerans sistèm iminitè w la nan espas kèk jou.
Prevansyon kont pike ensèk
Ekip nou an bay estrateji pou evite pike ensèk, tankou pa mete pafen oswa rad ki gen koulè byen klere. N ap montre w tou kijan pou w itilize yon aparèy pou enjekte tèt ou epinefrin nan ka anafilaksi. Li enpòtan pou ou menm ak lòt moun konnen kijan pou itilize aparèy sa a yon fason efikas, sitou si w toujou nan premye faz tretman piki kont alèji a.
Pwoblèm medikal ak tretman ki gen rapò yo
Espesyalis nou yo
Kèlkeswa maladi oswa kondisyon sante ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis toupre w ki ka ede w.
primary
phone
617-726-3850
6177263850
Kontakte Pwogram Ensèk ki Pike yo
Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo epi gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk sant nou yo ki sitiye toupatou nan New England ak sipò pou pasyan k ap vwayaje soti deyò Etazini, nou rann li pi fasil pou jwenn swen espesyalize ki byen kòòdone.
primary
phone
617-726-3850
6177263850
secondary
internal
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal
Enfòmasyon pou kontakte pou pasyan entènasyonal yo