false

Sèvis pou Maladi Bipolè

Maladi bipolè se yon maladi sikyatrik ki lakòz chanjman nan atitid ki ka deranje lavi ou ak afekte fason ou panse, santi, manje, ak dòmi. Nan Mass General Brigham, nou ofri tretman ki baze sou pwèv pou trete maladi grav sa a.

Swen ekspè ki baze sou rechèch pou maladi bipolè

Nan Mass General Brigham, ou resevwa swen nan men ekspè ki angaje pou delivre tretman kalite ki baze sou dènye rechèch yo. Kit ou bezwen tretman antanke pasyan ki entène oswa sèvis antanke pa syan ekstèn pou maladi bipolè, nou ka ede. Nou ofri yon bann pwogram ak resous nan plizyè etablisman sante, ki gen ladan enstitisyon sante mantal ki pi bon nou an, Lopital McLean.
center
tertiary
internal-arrow
Pati nan sèvis swen sante mantal ak sikyatrik
/content/unified-xwalk/ht/services/mental-health-psychiatry

Swen avèk konpasyon pou maladi bipolè.

Maladi bipolè se yon maladi nan sèvo konplike ki benefisye de swen espesyalize. Ekip nou an bay tretman avèk respè, ki santre sou ou, epi ki konsantre sou objektif, fòs, ak sante ou pou lontan.
Swen maladi bipolè pou granmoun

Nou bay sèvis konplè pou jenn moun ki gen 18 lane ak plis, tankou:

  • Dauten Family Center for Bipolar Treatman Innovation (Sant Fanmi Dauten pou Inovasyon Tretman Bipolè): Swen ekspè ansanm ak rechèch san rete ki konsantre sou amelyore tretman bipolè.

  • Ospitalizasyon pandan yon titan pou granmoun ki gen maladi bipolè: Tretman entansif koutèm ki fèt pou moun ki nan kriz men ki ka rete lakay yo san danje. Swen an ka gen ladan l :

    • Jesyon ka ak planifikasyon swen apre
    • Terapi an gwoup
    • Terapi endividyèl, ki itilize teknik tankou CBT, DBT, ak terapi akseptasyon ak angajman
    • Konsiltasyon medikaman
  • Tretman rezidansyèl atravè Appleton: Yon pwogram tretman rezidansyèl pou moun ki ap fè gen sikoz. Swen an ka gen ladan l :

    • Egzèsis, nitrisyon, ak jesyon estrès
    • Terapi an gwoup
    • Terapi endividyèl
    • Aktivite rekreyatif
    • Gwoup pou ede tèt ou
  • Swen nan kay ak nan kominote nan Pwogram Tretman Kominotè Asètif (PACT): Klinisyen PACT yo rankontre avèk ou lakay ou oswa nan kominote ou, abòde sentòm yo ak ede ak terapi oswa jesyon medikaman.

Pwogram Bipolè pou Timoun

Sentòm bipolè souvan kòmanse pandan adolesans epi yo ka kòmanse nan timoun piti. Pwogram Bipolè Timoun bay swen klinik espesyalize pou ede timoun ak adolesan jere sentòm yo ak devlope kapasite adaptasyon.

Pou kèk adolesan, swen an ka gen ladan l sipò nan lekòl atravè pwogram tankou Arlington School (Lekòl Arlington), yon lekòl segondè ki prepare elèv pou invèsitej ki asosye ak Lopital McLean ki melanje akademik ak swen klinik sou plas.

Tretman konplè pou maladi bipolè

Anpil moun ki gen maladi bipolè benefisye de youn oswa yon konbinezon de tretman, ki gen ladan l:

Ekip swen ou an ofri tou gid sou estrateji vi ak pratik swen pèsonèk ki jwe yon wòl enpòtan nan jesyon sentòm alontèm.

Maladi ak tretman maladi bipolè

Maladi bipolè se yon maladi ki afekte atitid ki lakòz peryòd depresyon (atitid ba) ak mania (atitid elve oswa anpil kòlè). Anpil moun ki gen maladi bipolè gen lòt maladi tou, tankou anksyete ak maladi mantal.