Tretman ak Sipò pou Twoub Pèsonalite
Apwòch konpasyon pou tretman twoub pèsonalite
Si w ap viv ak yon twoub pèsonalite, ou pa poukont ou. Espesyalis yo nan Mass General Brigham se ekspè nan trete twoub pèsonalite. Nou ede w konprann dyagnostik ou ak eksplore opsyon tretman ki ofri w pi bon kalite lavi posib.
U.S. News & World Report klase lopital Mass General Brigham yo pami pi bon lopital nan peyi a pou swen sikyatrik.
Yon pati nan sèvis swen sante mantal ak sikyatrik
Apwòch nou anvè swen pou twoub pèsonalite
Twoub pèsonalite ka lakòz plizyè kalite sentòm, sa ki rann li difisil pou fè yon dyagnostik egzak. Sepandan, bon dyagnostik la enpòtan anpil pou jwenn yon tretman efikas.
Sikyat, psikològ ak travayè sosyal klinik nou yo ofri evalyasyon apwofondi sou sentòm ou yo, eksperyans ou yo ak istwa fanmi w. Yo gide w nan direksyon tretman ak sipò ou bezwen pou yon avni ki pi an sante.
McLean's Pwogram Rezidans Gunderson ofri sèvis swen rezidansyèl pou fanm cisgender ak transgender, ansanm ak moun ki pa binè yo te idantifye kòm fi lè yo te fèt. Pwogram sa a mande pou ou peye swen ou pa ou menm. Swen an gen ladan l terapi endividyèl, familyal ak an gwoup, ansanm ak jesyon medikaman. Nou adapte tretman an selon bezwen ou yo, lè nou itilize teknik tankou :
- DBT
- DBT pou twoub estrès pòs-traumatik (DBT-PTSD)
- Tretman ki baze sou mantalizasyon (MBT)
- Radically open DBT (RO-DBT)
- Psikoterapi ki konsantre sou transfè (TFP)
- Good Psychiatric Management (GPM)
- Acceptance and Commitment Therapy (ACT)
Klinik anbilatwa McLean Mentalization-Based Treatment (MBT) ofri tretman espesyalize ki baze sou prèv pou twoub pèsonalite borderline ak lòt twoub pèsonalite ki baze antyèman sou asirans. Opsyon yo enkli terapi an gwoup MBT sèlman oswa konbinezon terapi an gwoup ak terapi endividyèl plis jesyon sikyatrik.
Pwogram gwoup Dialectical Behavior Therapy (DBT) MGH a ofri gwoup DBT pou moun ki resevwa swen medikal alontèm oswa swen sante mantal endividyèl atravè MGH. Yon terapis endividyèl (nan MGH oswa yon lòt kote) obligatwa tou pou pwogram nan.
Kondisyon medikal ak tretman ki gen rapò yo
Kontakte Tretman ak Sipò pou Twoub Pèsonalite
Lopital McLean
3East: 617-855-2804
Tretman anbilatwa pou twoub pèsonalite borderline: 617-855-3452
Rezidans Gunderson: 617-855-4250