false

Pwogram Sante Mantal pou Elèv Lekòl Segondè McLean nan Arlington School

McLean Hospital Arlington School (Lekòl Arlington Lopital McLean) se yon lekòl segondè akredite, ki rekonèt nan tout peyi a pou elèv ki gen pwoblèm sante mantal. Nou bay yon anviwònman ki an sekirite ak sipò kote adolesan yo ka grandi sou plan akademik ak pwogrese sou plan emosyonèl.
primary
phone
617-855-2124
6178552124

Gwo sipò pou sante mantal elèv segondè yo

Lekòl Arlington ka apwopriye pou elèv ki nan klas 9-12 lane ki gen dyagnostik tankou depresyon, anksyete, maladi bipolè, maladi pwoblèm atansyon ak twò aktif (ipèraktivite) (ADHD), oswa lòt pwoblèm sante mantal. Nou ede adolesan yo mete tout kapasite yo an valè, pou yo ka vin pi byen enfòme, kreyatif, endepandan, epi rezilyan.

Ekip nou an gen ekspè klinik ki travay ak elèv yo sou jere sentòm sante mantal. Pwogram san parèy nou an pèmèt elèv segondè yo jwenn sipò sante mantal yo bezwen pandan y ap fini yon pwogram preparatwa pou inivèsite.

center
tertiary
internal-arrow
Yon pati nan sèvis swen sante mantal ak sikyatrik
/content/unified-xwalk/ht/services/mental-health-psychiatry

Filozofi ki vize pwogrè

Nan Lekòl Arlington, nou kwè pwogrè posib pou chak elèv, ke aprantisaj renouvle valè pwòp tèt ou, epi elèv yo ka simonte defi ki anpeche yo fè sikè. Nou la pou ede ou nan chak etap chemen an.
Pwogram Preparasyon pou Inivèsite
Pwogram nou an reponn ak tout estanda ak règleman pou prepare elèv lekòl segondè pou yon diplòm ak edikasyon nivo inivèsite. Paske nou kapab adapte pwogram aprantisaj la selon difikilte sosyal ak emosyonèl elèv yo ap fè fas, elèv nou yo souvan jwenn yon edikasyon ki pi regilye.
Sipò akademik
Nou ofri yon seri sèvis sipò pou ede elèv yo jere egzijans travay lekòl yo. Pwogram nou an gen ladan konpetans esansyèl, tankou refleksyon kritik, rezoud pwoblèm, ak kolaborasyon. Elèv yo aprann devlope fonksyon egzekitif yo ak konprann kijan teknoloji ka ede yo travay bynen.
Sèvis tranzisyon
Espesyalis tranzisyon nou yo ede gide elèv yo nan preparasyon pou inivèsite oswa retounen nan kominote yo. Pati nan objektif nou se ede elèv yo vin jenn granmoun endepandan. Jiska 90% nan elèv nou yo ale nan yon inivèsite de ane oswa kat ane imedyatman apre yo fini lekòl segondè
Sipò klinik

Sèvis klinik yo se yon pati esansyèl nan Lekòl Arlington la. Yo ka gen ladan:

  • Konsèy endividyèl lekòl
  • Konsiltasyon sikyatrik
  • Gwoup konsèy chak semèn

Ekip jesyon ka nou an gen ladan yon sikològ klinik, travayè sosyal, ak etidyan ki gradye yo. Espesyalis sa yo swiv elèv yo regilyèman pou ede yo rive reyalize objektif sosyal ak emosyonèl yo.

Klèb ak aktivite ki pa nan pwogram lan
Klèb ak aktivite yo se yon pati esansyè; nan eksperyans lekòl segondè a. Nou ofri yon bann evènman eskolè, klèb, ak opòtinite pou konekte ak lòt elèv pandan ane lekòl la.

Espesyalis nou yo

Kèlkeswa maladi oswa kondisyon ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis ki toupre ou ki ka ede.
Yon ilistrasyon yon ekip swen.
primary
phone
617-855-2124
6178552124

Kontakte Pwogram Sante Mantal Lekòl Segondè McLean nan Lekòl Arlington

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede w konprann opsyon ou yo epi gide w nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowòdone, ekspè.
primary
phone
617-855-2124
6178552124
secondary
internal
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact