false

Pwogram Sèvo ak Kè

Pwogram Sèvo ak Kè a bay ansyen jwè NFL aksè ak swen ki nan nivo mondyal. Ekip nou an travay ansanm pou idantifye risk sante yo bonè, abòde difikilte aktyèl yo, ak bati yon plan alontòm pou pwolonje HealthSpan ou.

Pwonlonje HealthSpan ou

Pwogram Sèvo ak Kè a ede ansyen jwè NFL yo rete nan pi bon fòm yo pi lontan ke posib. Metòd nou an konsantre sou ane HealthSpan ou viv nan pi bon sante fizik, mantal, ak emosyonèl ou. Atravè evalyasyon avanse, deteksyon bonè ak tretman pèsonalize, ekip nou an travay avèk ou pou pwolonje ane ou pase an sante yo epi sipòte byennèt ou nan tout aspè.

Pwogram Sèvo ak Kè a disponib sèlman pou ansyen jwè NFL atravèThe Trust (fondasyon konfyans), yon benefis nan Asosyasyon Jwè NFL la. Jwè yo kalifye pou yon evalyasyon konplè chak senkan.

Lòt pasyan ki gen chòk nan tèt (konkisyon) oswa pwoblèm ki gen rapò ak sa dwe kontakte Mass General BrighamSèvis Sports Concussion oswa Newolojy.

Pati nan Medsin Fizik ak Reyabilitasyon

Metòd nou pou sante fizik, mantal, ak emosyonèl

Grasa yon konbinezon anplwaye ki gen gwo fòmasyon ansanm ak tretman reyabilitasyon ak rechèch ki pi avanse ki egziste, nou la pou n fè yon diferans nan lavi w epi ede w pran chemen byennèt la.
Espesyalis ki konprann jwèt la

Ekip nou an gen anpil eksperyans nan swen pou atlèt pwofesyonèl. Antanke yon pati nan Mass General Brigham, ou gen aksè ak ekspè ki pi renome nan lemonn nan domèn:

  • Reyabilitasyon blesi nan sèvo
  • Newoloji ak newosikoloji
  • Medsin espòtif ak òtopedi
  • Sikyatri ak sikoloji
  • Medsin entèn ak kadyoloji
  • Terapi fizik, terapi okipasyonèl, ak terapi pawòl
  • Nitrisyon, swen lavi, ak sipò sosyal
  • Imaj avanse ak radyoloji

Chak jwè ap asosye ak yon espesyalis reyabilitasyon chòk,blesi nan sèvo ki kowòdone swen avèk espesyalis ki nan plizyè branch, asire w ke ou jwenn sa ou bezwen, lè ou bezwen li.

Evalyasyon konplè

Anvan vizit ou, nou revize istwa medikal ou ak objektif ou yo. Pandan evalyasyon sou plas ou, ou ka resevwa:

  • Tès mantal emosyonèl, ak newolojik
  • Evalyasyon misk ak eskelèt ak mouvman
  • Tès kadyovaskilè
  • Analiz konpozisyon kè ak nitrisyon
  • Evalyasyon dòmi, atitid, ak òmòn
  • Imaj ak travay laboratwa
  • Konsèy pou tranzisyon lavi ak bezwen fanmi
Byennèt alontèm

Pwogram nan mete aksan sou estrateji pou pwolonje HealthSpan ou, pa sèlman trete pwoblèm egi yo. Sa gen ladan l:

  • Evalyasyon konplè sou sante mantal, emosyonèl, fizik, kadyovaskilè, ak nitrisyon
  • Entèvansyon ki vize sou estil de vi pou diminye risk maladi alontòm
  • Kowòdinasyon ak espesyalis ki nan tèt yo pou jere bezwen medikal ki konplike
  • Edikasyon ak sipò pou jwè yo ak fanmi yo pou kenbe byennèt sou tan

Ou kite ak yon plan klè, endividyèl pou kenbe pèfòmans sèvo ak kè pou ane kap vini yo.

Sipò pou tout lavi apre vizit ou
Nou rete kolaboratè ou apre ou fin kite. Nou rete konekte ak sipèvize w regilyèman, adapte plan ou jan sa nesesè, ak kowòdone ak founisè lokal ou prefere pou kenbe ou sou bon chemen.

Disponib sèlman pou ansyen jwè NHL

Ansyen jwè NFL yo ka mande pwogram sa a atravèThe Trust, yon avantaj nan Asosyasyon Jwè NFL la. Jwè yo kalifye pou yon evalyasyon konplè chak senkan.