false

Newoloji nan Mass General Brigham

Newològ sètifye nou yo dyagnostike ak trete maladi ki afekte sèvo, kolòn vètebral (rèl do), nè, ak misk yo. Nou kreye plan tretman pèsonalize pou maladi newolojik ki senp ak maladi newolojik ki konplike ki adapte ak bezwen ak objektif ou.

Sèvis newolojik konplike pou maladi komen ak konplike

Nan Enstiti syans newolojik Mass General Brigham, plis pase 480 espesyalis newoloji ofri swen medikal ekspè pou yon bann maladi ki afekte sèvo, kolòn vètebral, nè, ak misk. Nou konsantre sou dyagnostik egzat, terapi medikal avanse, ak jesyon maladi alontèm.

Antanke yon pasyan, ou gen aksè ak swen kowòdone nansi stèm nou an, soti nan sant medikal akademik nou yo rive nan lopital kominotè ak sant anbilatwa nou yo. Newològ nou yo se nimewo 1 nan rechèch pou pi byen konprann maladi newolojik ak amelyore opsyon tretman.

center
tertiary
internal-arrow
Yon pati nan Enstiti syans newolojik

Aprann plis sou enstiti syans Newolojik Mass General Brigham

/content/unified-xwalk/ht/services/neuroscience

Metòd nou nan swen newolojik

Nan Mass General Brigham, newològ nou yo fè yon evalyasyon detaye epi bay plan tretman pèsonalize ki fèt selon bezwen ou.
Ekspètiz konplè nan espesyalite newoloji

Newològ nou yo ofri swen eksepsyonèl nan espesyalite segondè tankou :

  • Andikap mouvman
  • Twoub memwa ak mantal
  • Epilepsi (Malkadi)
  • Atak serebral (AVC)
  • Maladi newomiskilè
  • Maladi tèt fè mal ak migrèn
  • Maladi newolojik ki gen rapò ak dòmi
  • Maladi otonomik
Tretman plizyè espeyalis diferan, pèsonalize
Nou travay sere ansanm ant divès espesyalis diferan tankou chiriji newo sikoloji, ak reyabilitasyon pou revize dyagnostik ou, diskite sou opsyon tretman, ak devlope yon plan pèsonalize ki adapte ak bezwen medikal ou ak objektif ou.
Kapasite dyagnostik avanse
Entablisman modèn nou yo gen ladan yo dènye teknoloji pou imajri, ekografi karotid, elektwoansèfalogram (EEG), tès sistèm nè otonòm, etid kondiksyon nè (NCS), elektwomyografi (EMG), ansanm ak ekipman ak tès pou etid dòmi. Tout sa ede ekip swen ou an fè yon dyagnostik ki egzak ak efikas sou kondisyon ou epi kreye yon plan tretman pèsonalize ki adapte ak bezwen ou. Ekspè nou yo gen eksperyans nesesè pou dyagnostike ak trete nenpòt maladi nan sèvo, kolòn vètebral (zo do), oswa sistèm nève periferik, kit li senp oswa konplike.
Rechèch ak inovasyon klinik
Newològ Mass General Brigham yo se nimewo 1 nan rechèch syans newolojik pou pi byen konprann maladi newolojik ak amelyore opsyon dyagnostik ak tretman. Ekip nou yo patisipe nan esè klinik ak tradui nouvo dekouvèt syantifik nan swen pasyan lè sa apwopriye. Pou pasyan ki kalifye yo, etid rechèch yo ka bay aksè a terapi ki fenk ap parèt.

Istwa pasyan an

Jwenn soulajman pou distoni

Yon fwa yon atlèt ki te renmen kouri ak monte bisiklèt, Paul Horrigan te oblije konte sou yon chèz woulant lè li te gen devlope doulè grav nan do ak janm, ki finalman te lakoz distoni. Apre setan ap eseye diferan tretman, etimilasyon sèvo pwofon (DBS) finalman te ede l jwenn soulajman ak retounen sou pye li.
Paul ak madanm li kanpe ak chen yo.
tertiary
internal-arrow
Li istwa Paul la
/content/unified-xwalk/ht/patient-stories/pauls-dystonia-relief

Espesyalis syans newolojik nou yo

Yon ekip espesyalis nan newoloji, newochiriji, imajri sèvo avanse ak enfimyè kowòdone swen ou. Dapre kondisyon ou, ekip swen ou a ka gen ladan tou ekspè nan newosikoloji, reyabilitasyon, jenetik, travay sosyal, ak sante mantal. Ekip sa a travay ansanm pou konprann kondisyon nèwolojik ou a nan tout ang epi devlope yon plan swen ki adapte ak ou.
Yon ilistrasyon ekip swen an.
primary
internal
Jwenn yon espesyalis newolojik
/content/unified-xwalk/ht/search/doctors/results#provider.specialties.name:Neurology

Swen syans newolojik ki touprè ou

Mass General Brigham ofri swen newolojik ak newochiriji nan New England, ki bay aksè pratik a swen ki tou pre lakay ou ak yon koneksyon san pwoblèm ak sèvis espesyalize.
Yon kat senplifye montre rejyon lès Massachusetts ak plizyè pwen ki make.
secondary
internal
Gade etablisman newolojik yo
/content/unified-xwalk/ht/search/locations/results#specialties.specialty:Neurology

Rechèch ak esèy klinik nan syans newolojik

Rechèch nou an ap ede defini avni swen syans newolojik Nou ofri aksè ak esèy klinik ak terapi ki fen ap parèt, ki gen ladan tretman ki ka poko disponib tout kote Kondisyon pou patisipasyon yon moun depann de dyagnostik moun lan, istwa tretman, ak lòt ankò. Eksplore rechèch ak esè klinik nou yo oswa pale ak ekip swen ou a pou aprann sou opsyon ki disponib.
Yon syantis ki gen yon blouz blan sou li kenbe yon ti tib tès ki plen ak likid jòn.
tertiary
external
Dekouvri rechèch syans newolojik nou an

Aprann kijan rechèch syans newolojik ede pran bonjan desizyon nan swen pasyan yo

https://research.massgeneralbrigham.org/en/institutes-centers/neuroscience-institute
tertiary
external
Chèche esèy klinik

Chèche esèy klinik ki ouvè pou kondisyon newolojik.

https://rally.massgeneralbrigham.org/

Istwa pasyan an

Rejwenn ekilib avèk swen lakay li

Apre yon tonbe grav, Joann Byrne te kòmanse gen pwoblèm ekilib. Aprè yon dyagnostik ak vètigo, yo te lage li nan Mass General Brigham Home Care, kote li te resevwa swen pou ekilib kò l ki chanje lavi li nan konfò lakay li.
Yon enfimyè fanm kote kabann yon pasyan nan yon anviwònman swen lakay pasyan an
tertiary
internal-arrow
Li istwa Joann
/content/unified-xwalk/ht/patient-stories/joanns-story-home-care

Kontakte Newoloji

Kontakte yon etablisman newoloji oswa yon espesyalis newoloji pou aprann sou opsyon swen ou yo. Avèk etab;isman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini nou fè li pi fasil pou ou jwenn swen kowòdone, ekspè.
primary
internal
Jwenn yon espesyalis

Jwenn yon espesyalis newolojik

/content/unified-xwalk/ht/search/doctors/results#provider.specialties.name:Neurology
secondary
internal
Gade etablisman yo

Gade etablisman newolojik yo

/content/unified-xwalk/ht/search/locations/results#specialties.specialty:Neurology
tertiary
internal-arrow
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal yo

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact