false

Sèvis pou Twoub Idantite Dissosiyatif

Twoub idantite disosyatif (DID) se yon kondisyon ki ka devlope kòm yon repons ak chòk, li souvan parèt akoz yon konbinezon faktè biyolojik ak sikososyal, tankou abi repete sou timoun ak neglijans. Nan Mass General Brigham, nou trete yon seri sentòm aprè yon chòk, ki gen ladan yon dekoneksyon ki ka afekte lavi chak jou.
primary
phone
617-855-3100
6178553100

Konbat move lide ak prejije twoub idantite disosyatif

Nan Mass General Brigham, ki gen ladan Lopital McLean, nou bay swen konplè ak konpasyon pou moun ki gen DID.

Twoub idantite dissosiyatif (DID) souvan mal konprann ak mal reprezante, sa ki ka fè li pi difisil pou moun chèche swen oswa santi moun kwè yo. Li pi souvan devlope nan timoun kòm yon repons ak chòk, sa ki ede yon moun adapte l nan separe panse, santiman, memwa, oswa konpòtman, souvan san moun lan pa konsyan de sa.

center
tertiary
internal-arrow
Pati nan sèvis swen sante mantal ak sikyatrik

Aprann plis sou sante mantal ak sèvis sikyatrik nan Mass General Brigham

/content/unified-xwalk/ht/services/mental-health-psychiatry

Metòd nou nan swen twoub idantite dissosiyatif

Ekip nou an ap travay pou diminye move lide ak kreye yon anviwònman ki an sekirite, ki sipòte kote gerizon ka kòmanse.
Ekspètiz nan maladi sante mantal ki konplike
Twoub idantite dissosiyatif souvan mal dyagnostike oswa neglije. Espesyalis nou yo konprann kijan pou rekonèt ak trete DID nan itlize swen ki baze sou pwèv, ki baze sou enfòmasyon sou chòk, ki ede ou travay pou plis estabilite ak bon jan kalite lavi.
Sipò nan faz gerizon

DID egzije yon metòd tretman espesyalize ki diferan de swen sante ki nòmal. Ekip nou an swiv yon modèl ki baze sou rechèch ki souvan gen ladan yon konbinezon de sa yo:

  • Sekirite ak estabilite: Devlope konpetans pou adaptasyon ak diminye sentòm ki deranje, tankou dekoneksyon, fè tèt yo mal, oswa panse swisid
  • Tretman chòk: Devlope ak anpil atansyon yon konpreyansyon sou eksperyans chòk ki te pase yo, ansanm ak kapasite pou pran kontwòl sou fason eksperyans sa yo afekte fonksyònman moun nan jodi a, nan yon fason ki fèt pa etap epi ki byen kontwole.
  • Entegrasyon ak rekiperasyon:: Devlope nouvo estrateji pou jere relasyon ak lòt objektif ki baze sou valè san dekoneksyon

Maladi ak tretman ki gen rapò

Jeneralman moun ki gen DID ap lite ak maladi estrès aprè yon chòk ki te rive yo, men yo ka bezwen èd tou pou depresyon, anksyete, itilizasyon sibstans, oswa maladi alimantè. Espesyalis nou yo se ekspè nan trete plizyè dyagnostik an menm tan, kèlkeswa konpleksite sentòm ou yo.

Espesyalis nou yo

Kèlkeswa maladi oswa kondisyon ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis ki toupre ou ki ka ede.
Yon ilistrasyon yon ekip swen.
primary
phone
617-855-3100
6178553100

Kontakte Sèvis pou Twoub idantite dissosiyatif la

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowòdone, ekspè.
primary
phone
617-855-3100
6178553100
secondary
internal
Sèvis pou Pasyan Entènasyonal yo

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact