false

Pwogram sipò, tretman, ak rezilyans nan McLean

Pwogram sipò, tretman, ak rezilyans (STAR) la bay swen sante mantal, san ou pa bezwen entène, pou adolesan ak jèn adilt. Mass General Brigham, ki gen ladan lopital selèb McLean Hospital la, bay swen konplè ak ekspètiz pou tout kalite pwoblèm sante mantal ak sikiyatrik.
primary
phone
617-855-4519

Pwogram sipò, tretman, ak rezilyans nan McLean

6178554519

Konsènan pwogram nan

Pwogram sipò, tretman, ak rezilyans (STAR) la bay swen, san ou pa bezwen entène lopital, pou adolesan ak jèn adilt ki gen 14 a 25 an ki ka gen yon gwo risk pou yo soufri maladi sikoz. Pwogram nan ofri evalyasyon risk sikoz, terapi endividyèl, jesyon medikaman, ak sipò fanmi pou jèn ki ap fè eksperyans chanjman nan panse, emosyon, konpòtman, oswa fonksyone chak jou. Mass General Brigham se yon lidè nan domèn swen sante mantal ak swen sikiyatrik, McLean Hospital se youn nan pi gwo referans nan mond lan nan domèn swen, rechèch ak edikasyon.

Yon pati nan sèvis sante mantal ak sikyatrik la

Apwòch nou nan zafè swen

Yon moun ka gen plis risk pou devlope sikoz si li kòmanse gen kèk sentòm sikoz ki pa twò grav nan dènye ane a, oswa si li fèk kòmanse gen plis difikilte nan lavi chak jou epi li gen yon fanmi pwòch (tankou yon frè, yon sè, oswa yon paran) ki te gen sikoz.
Sentòm yo

Si ou menm oswa yon moun ou renmen te kòmanse gen nenpòt nan chanjman sa yo pandan dènye ane a, pwogram STAR la ka kapab ede:

  • Santi ou konfonn paske ou pa sèten si yon bagay te yon rèv oswa si li te rive toutbon
  • Chanjman nan fason ou panse, tankou vin sispèk lòt moun, gen panse ki pa nòmal, oswa kòmanse kwè bagay ou pa konn abitye kwè
  • Chanjman nan sa ou wè oswa tande, tankou vin pi sansib ak son oswa limyè, tande yo rele non ou lè pa gen moun, oswa wè oswa tande bagay lòt moun pa wè oswa pa tande
  • W ap mande tèt ou si lòt moun kapab li panse ou
  • Ou panse gen yon relasyon espesyal ant bagay ki pa sanble gen okenn lyen
  • Difikilte pou panse byen, konsantre, oswa di sa ou vle di
  • Ou gen mwens anvi oswa mwens enèji pou fè aktivite ou
  • Ou kòmanse rete lwen zanmi ak fanmi
  • Ou kòmanse gen pwoblèm nan lekòl oswa travay ou, tankou nòt ou yo bese oswa ou gen difikilte pou fini devwa oswa travay ou
  • Difikilte pou pran swen pwòpte pèsonèl ou

Pifò plan asirans kouvri sèvis pwogram STAR la. Dire tretman an varye selon bezwen chak moun. Dire maksimòm tretman an se 3 an.

Si ou bezwen tretman apre premye fwa ou fè yon epizòd sikoz, Pwogram OnTrack la ka yon bon chwa pou ou.

Metòd tretman

Objektif Pwogram STAR la se bay èd bonè pou ankouraje bon sante mantal, ede moun devlope fason pou fè fas ak difikilte, diminye risk pou devlope sikoz ak lòt pwoblèm sante mantal, epi amelyore fason yo viv lakay, lekòl, travay, ak nan relasyon ak lòt moun.

Pou jèn ak jèn adilt ki gen sentòm ki ka montre yo gen risk pou devlope sikoz, etid yo montre ke lè yo aprann fason pou fè fas ak difikilte epi yo jwenn tretman bonè, sa ka ede diminye risk pou yo devlope pwoblèm sante mantal ki pi grav. Sa ka ede tou diminye soufrans, amelyore fason yo viv kounye a ak alavni, epi ede yo bati bon relasyon ak lòt moun.

Pwogram STAR la ede adolesan ak jèn adilt vin pi fò devan difikilte epi li sèvi ak terapi konpòtman ki ede moun chanje fason yo panse ak aji (CBT), nou ede chak moun konprann risk yo genyen pou yo soufri maladi sikoz epi fè yon plan ki adapte ak bezwen yo pou jere sentòm yo, estrès, santiman yo, ak lè yo pa konnen sa k ap vini.

Klinisyen Pwogram STAR la ede pasyan yo kenbe bon abitid chak jou, fikse objektif epi reyalize yo, bati bon rezo sipò, epi pran swen tèt yo..

Tretman an adapte ak bezwen chak mou, ak diferan konpozan tretman ki enkli selon bezwen klinik pasyan an ak objektif gerizon li yo.

Ekip nou an kreye plan tretman ki vize sou bezwen espesifik, valè, idantite, fòs, ak kilti pasyan an.

Tretman ka enkli:

  • Evalyasyon risk pou sikoz, planifikasyon tretman, ak edikasyon
  • Yon seri kou terapi byen kout pou sentòm risk pou soufri maladi sikoz
  • Tretman konbine ki gen ladan terapi endividyèl kontinyèl, tretman medikaman, ak si sa nesesè, terapi byen kout pou fanmi

Yon pati enpòtan nan misyon nou se travay pou devlope tretman efikas ak pèsonalize pa fè rechèch syantifik. Se poutèt sa, nou bay opòtinite pou patisipe volontè nan etid rechèch ki vize konprann idantifikasyon bonè ak entèvansyon pou risk sikoz. Malgre pasyan yo ka mande pou patisipe nan rechèch, patisipasyon pa obligatwa e li pa afekte aksè a swen.

Admisyon

Pwogram STAR la fèt pou adolesan ak jèn adilt ki gen 14–25 an ki te kòmanse fè chanjman nan fason yo panse, konpòte yo, santi yo, oswa fonksyone pandan dènye ane a, epi yo idantifye yo kòm moun ki gen risk pou devlope sikoz.

Pwogram pou pasyan ki pa entène lopital nou an se pou moun k ap viv nan Massachusetts.

Tanpri sonje, Pwogram STAR la pa yon pwogram pou moun ki fè premye epizòd sikoz yo. Pwogram STAR la pa apwopriye pou moun ki deja gen yon dyagnostik sikoz, oswa ki fèk resevwa yon dyagnostik sikoz (tankou eskizofreni, twoub bipolè, oswa depresyon ak sikoz), oswa moun ki fèk entène lopital akoz sentòm sikoz.

Pale ak yon pwofesyonèl ki resevwa fòmasyon sou dyagnostik ak tretman se yon premye etap enpòtan pou jwenn èd bonè, konprann pwoblèm nan, epi jwenn fason pou fè fas ak li.

Pou plis enfòmasyon sou pwogram nan oswa pou jwenn èd pou ou menm oswa fanmi ou, tanpri rele 617-855-4519.

Pri

Pifò plan asirans kouvri sèvis pwogram STAR la.

McLean Hospital aksepte Medicare, Massachusetts Medicaid, ak anpil plan asirans prive ak swen jere. Aprann plis enfòmasyon sou plan asirans McLean Hospital aksepte yo.

Li ka ede ou tou pou gade enfòmasyon sou peman swen sante ak èd pou peye.

Swen pou pasyan an kolaborasyon ak ekip la

Nan STAR, sikològ nou yo ak travayè sosyal klinik nou yo travay ansanm ak sikyat nou yo pou nou bay swen. Ekip la ap fè efò pou bati relasyon ki baze sou konfyans ak kolaborasyon ak pasyan ak manm fanmi nan yon anviwònman ki bay swen ak sipò.

Kesyon yo poze souvan

Ki kote STAR lokalize?
Pwogram nan sitiye sou kanpis Belmont lan nan batiman admisyon an. Dekouvri plis enfòmasyon sou direksyon ak pakin nan McLean Hospital.
Pou ki moun Pwogram STAR la pi apwopriye?
Swen STAR pou pasyan ki pa entène lopital la konsantre sou entèvansyon bonè pou sentòm ki ka lakòz oswa ki gendwa pa lakòz yon maladi sikotik. Adolesan ak jèn adilt ki gen 14–25 ka ap viv chanjman nan panse, emosyon, fonksyonman, oswa konpòtman.
Èske fanmi an patisipe nan tretman an?
Li enpòtan anpil pou fanmi an patisipe nan tretman moun pwòch yo a. Nou bay manm fanmi yo sipò.
Èske pasyan yo gen dwa fimen?
Ou ka fimen sèlman nan zòn deyò yo mete apa pou fimen yo. Ou pa ka fimen anndan okenn kote nan bilding nou yo.
Èske yo otorize telefòn?
Tanpri pa sèvi ak telefòn selilè pandan tretman oswa nan sal datant lan, pou sa pa deranje pwogram nan ak lòt pasyan yo.
Èske ansyen pasyan yo ka jwenn dosye medikal yo?
Vizite paj resous konsènan dosye medikal nou an pou jwenn enfòmasyon sou demann pou dosye medikal ak plis ankò.

Kontakte pwogram sipò, tretman, ak rezilyans nan McLean lan

Rele nou pou pale ak yon manm ekip la ki ka ede ou konprann opsyon ou genyen yo epi ede ou jwenn swen ki apwopriye pou ou a. Gras ak lokal nou genyen toupatou nan New England yo ansanm ak sipò pou pasyan ki vwayaje soti deyò Etazini yo, nou fè li pi fasil pou jwenn swen ki kowòdone, nan men moun ki ekspè.
primary
phone
617-855-4519

Kontakte pwogram sipò, tretman, ak rezilyans nan McLean lan

6178554519
secondary
internal
Sèvis pou pasyan entènasyonal

Kontak sèvis pou pasyan entènasyonal

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact