false

Pwogram sante konplè

Pran yon poz nan tout aktivite pou ou konsantre ou sou byen ou genyen ki pi enpòtan an: sante ou.
primary
phone
617-726-4444
6177264444

Konsènan pwogram nan

Evalyasyon sante pèsonalize ak konplè nou an ede ou pran swen sante ou san sa pa twò afekte travay ou ak lavi pèsonèl ou.
center
tertiary
internal-arrow
Yon pati nan swen prensipal la
/content/unified-xwalk/ht/services/primary-care

Sèvis pwogram swen fizik konplè

Egzamen fizik konplè a ofri yon egzamen prevantif konplè e li fèt dapre enkyetid pèsonèl ou genyen konsènan sante ou ak objektif ou pou gen yon bon sante. Lè ou idantifye faktè risk oswa premye siy maladi a, ou gen konesans esansyèl ou bezwen pou jere sante ou yon fason pi efikas.

Konplè ak pèsonalize

Chak evalyasyon sante konplè kòmanse ak yon konvèsasyon detaye avèk yon doktè nan Mass General. Pasyan nou yo ka atann pou yo fè plizyè kalite tès ak pou yo gen yon diskisyon detaye sou pwoblèm sante ak enkyetid yo genyen nan moman, epi pou yo jwenn rekòmandasyon sou kijan pou yo viv lavi yo yon fason ki bon pou sante, lakay yo ak nan travay yo. Tanpri sonje, egzamen fizik konplè a pa fèt pou ranplase swen prensipal regilye.

Pratik epi san pwoblèm

Nou konprann tan ou enpòtan anpil Ekip nou an travay avèk chak pasyan pou yo planifye yon tan k ap bon pou yo, pou konsantre sou sante yo, pou yo kowòdone tout randevou yo san sa pa twò afekte travay yo ak lavi pèsonèl yo.

Detaye ak pèsonalize

Egzamen fizik konplè a gen ladan:

  • Egzamen fizik: yon revizyon detaye sou istwa medikal, egzamen, ak rapò.
  • Evalyasyon risk pou maladi kè ak veso sangen: Nòt kalsyòm nan yon CT pou kè a, egzamen laboratwa espesifik pou kè a, yon EKG, ak yon entèpretasyon rezilta yo ak rekòmandasyon nan men yon espesyalis kè ki gen eksperyans nan Mass General.
  • Konsèy sou nitrisyon ak konpozisyon kò a: yon konsiltasyon avèk yon dyetisyen ki anrejistre ki gen ladan yon analiz konpozisyon kò a gras ak balans SECA ak revizyon rezilta yo.
  • Rezilta tès: egzamen laboratwa konplè pou bay yon apèsi global estati sante ou.
  • Lòt sèvis anplis yo yo disponib tou, tankou: tès depistaj anevris awòt abdominal (AAA), egzamen pou verifye si ou tande, tès pou tcheke dansite zo ou yo, kolonoskopi, egzamen po, egzamen je ak depistaj glokòm, tès grail galleri, mamogram, jesyon estrès, ak konsiltasyon pou sante global ou ak pwochen etap yo.

Kontakte nou pou aprann plis

Tanpri sonje: pri ak disponiblite yo disponib sou demann e yo ka depann de akò konpayi ou a.

Espesyalis nou yo

Kèlkeswa maladi oswa pwoblèm sante ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis ki tou pre ou pou ede ou.
Yon imaj ki montre yon ekip swen.
primary
phone
617-726-4444
6177264444

Kontakte pwogram sante konplè a

Rele nou pou pale ak yon manm ekip la ki ka ede w konprann opsyon ou genyen yo epi ede ou jwenn swen ki apwopriye pou ou a. Gras ak lokal nou genyen toupatou nan New England yo ansanm ak sipò pou pasyan ki vwayaje soti deyò Etazini yo, nou fè li pi fasil pou jwenn swen ki kowòdone, nan men moun ki ekspè.
primary
phone
617-726-4444
6177264444
secondary
internal
Sèvis pou pasyan entènasyonal

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact