Sant Telanjiyektazi Emorajik Ereditè (HHT)
617-724-3705
Rele Sant HHT nan 617-724-3705.
Sou pwogram nan
Telanjiyektazi emorajik ereditè (HHT), yo rele tou maladi Osler-Weber-Rendu, se dezyèm maladi senyen ereditè ki pi souvan rankontre Ozetazini ak atravè lemond., ak yon prevalans ki de fwa plis pase emofili. Nan moun ki gen HHT, kèk veso sangen pa devlope nòmalman. Sa lakòz senyen nan nen ki repete ansanm ak lòt kalite senyen ki ka parèt nan plizyè pati nan kò a. Anplis sa, malfomasyon ateryovenoz (AVM), ki se veso sangen ki pa devlope nòmalman, kapab lakòz lòt konplikasyon grav, sitou nan poumon, sèvo, fwa ak kè. Sant HHT Mass General Brigham la ofri dyagnostik, konsèy jenetik, terapi avanse, evalyasyon plizyè disiplin medikal ansanm, ansanm ak kowòdinasyon swen pou moun ki gen maladi jenetik sa a, ki afekte anviwon 1 moun sou chak 5,000. Sant la mete anpil enpòtans sou premye etap la, ki se rive fè yon dyagnostik ki egzak. Nou fè tout efò pou kreye yon "kay medikal HHT" pandan n ap ofri pasyan nou yo yon pakèt espesyalis, tretman ak pwogram edikasyon. Sant HHT Mass General Brigham la rekonèt atravè lemond pou ekselans li nan swen klinik ak rechèch. Fondasyon Cure HHT sètifye li kòm yon Sant Ekselans HHT.
Sant nou an gen ladan Mass General, Mass General Brigham pou Timoun, ak Mass Eye and Ear. Kolaborasyon sa a pèmèt nou bay swen espesyalize pou pasyan tout laj, depi timoun rive granmoun..
Josanna Rodriguez-Lopez, MD ak Hanny Al-Samkari, MD, Direktè Sant HHT Mass General Brigham, ak rès ekip nou an ofri yon apwòch miltidisiplinè pou pran swen tout aspè maladi a.
Dyagnostik HHT
Dyagnostik HHT gen ladan:
- Istwa medikal pèsonèl ak fanmi, sitou istwa senyen nan nen
- EEgzamen ki konsantre sou telanjiyektazi (sa vle di aparans veso sangen ki dilate oswa ki kase toupre sifas po a oswa manbràn mikez yo)
- Revizyon gid klinik HHT
- Konsiderasyon pou fè tès jenetik ki baze sou ADN
- Konsèy jenetik.
- Referans bay lòt espesyalis HHT.
Sèvis nou yo
Nou travay ak yon seri espesyalite pou bay pi bon swen.
- Pilmonoloji
- Jenetik medikal ak konsèy jenetik
- Otolaregoloji
- Radyoloji: dyagnostik, radyoloji entèvansyon vaskilè, CT, neyoradyoloji
- Ematoloji/Epatoloji
- Gastroenteroloji
- Kadyoloji, medsin vaskilè
- Neyoloji
- Neyochiriji
- Dèmatoloji, chiriji lazè
- Swen palyatif
- Obstetrik ak jinekoloji
- Chiriji, chiriji pedyatrik
Kondisyon ak tretman ki gen rapò
- Anemia
- Huntington's Disease
- Shortness of Breath (Dyspnea)
- Arteriovenous Malformations
- Nosebleed (Adult)
- Iron-Deficiency Anemia
- Hemoptysis
- Lower Gastrointestinal (GI) Bleeding (Stable)
- Stable Upper GI Bleeding
- Vascular Malformations and Hemangiomas
- Complete Blood Count
- CT Angiography
- Magnetic Resonance Angiography (MRA)
- Pulmonary Angiography
- Chest Echocardiography (Transthoracic)
- Nasal Endoscopy
- Capsule Endoscopy
- Ferritin (Blood)
- Iron and Total Iron-Binding Capacity
- Upper GI Endoscopy
- Pulse Oximetry
Espesyalis nou yo
617-724-3705
Rele Sant HHT nan 617-724-3705.
Rechèch HHT
Pou enterè nan nouvo opsyon tretman medikal pou HHT, tanpri pran randevou avèk Hanny Al-Samkari, MD, nan ematoloji, epi fè moun k ap pran randevou a konnen ou gen HHT epi ou ta renmen evalye pou yon esè klinik sou yon nouvo tretman. Pou enterè nan patisipasyon nan Biobank HHT Mass General Brigham-Broad Institute la, tanpri pran randevou avèk Hanny Al-Samkari, MD, nan hematoloji oswa Josanna Rodriguez-Lopez, MD, nan poumon.
Kontakte Sant Telanjiektazi Emaorajik Ereditè a
617-724-3705
Rele Sant HHT nan 617-724-3705.
Sèvis Pasyan Entènasyonal.
Enfòmasyon pou kontakte pasyan entènasyonal.