false

Pwogram Maladi Vaskilè Poumon

Pwogram Maladi Vaskilè Poumon Mass General Brigham lan ofri ekspètiz nan domèn maladi kadyovaskilè (kè ak veso sangen) ak maladi poumon. Nou trete ensifizans kadyak bò dwat, tansyon wo nan poumon, tansyon wo nan poumon ki koze pa boul san kwonik (chronic thromboembolic pulmonary hypertension), ansanm ak lòt kondisyon ki gen rapò ak sa yo.

Swen konplè, an kolaborasyon

Maladi vaskilè poumon (PVD) anjeneral kòmanse nan poumon yo, men li souvan afekte vantrikil dwat kè a tou. Jere PVD mande yon metòd kolaborasyon ekspè nan sante poumon ak kè.

Ekip nou an gen ladan espesyalis maladi poumon, espesyalis medsin kadyovaskilè (kè ak poumon), kadyològ entèvansyonèl, ak chirijyen kadyotorasik (doktè ki opere lestomak) Nou ofri tès dyagnostik dènye modèn, nouvo esèy klinik, ak dènye tretman medikal ak chirijikal, ki gen ladan transplantasyon poumon.

center
tertiary
internal-arrow
Pati nan Swen poumon
/content/unified-xwalk/ht/services/lung-care

Metòd nou nan maladi vaskilè poumon (kè ak veso sange ak poumon)

Ekip espesyalize nou an pran swen ou depi evalyasyon w jiska swivi alontèm. Nou bay tès dyagnostik ak tretman ki fèt vit tankou terapi medikaman avanse ak pwosedi chirijikal.
Premye vizit ou

Tès espesifik ede nou evalye sante kè ak poumon ou.

Ou pral bezwen tès sa yo anvan premye vizit ou a:

  • Tès fonksyon poumon
  • Echokardiogram

Lòt tès ou ka bezwen gen ladan:

  • Elektrokardiyogram (ECG)
  • Tès estrès kadyak
  • Scan pou poumon ak pwatrin
  • Kateterizasyon kè dwat oswa goch
  • Mache sis minit
  • Etid dòmi
Tretman tansyon wo nan poumon tromboembolik kwonik (CTEPH)

Nou se youn nan kèk pwogram nan nasyon an ki ofri yon metòd espesyalize pou evalyasyon ak tretman CTEPH. Nou bay tretman medikal avanse, chirijikal, ak minimman envazif pou netwaye blokaj yo ak retabli fonksyon kè ak poumon.

Aprann sou Pwogram CTEPH nou an

Siveyans ak sipò pandan pwogresyon maladi yo
Nou sipòte ou pandan ou kòmanse nouvo medikaman, swiv pwogrè ou avèk tretman yo, ak jere swen ou si ou bezwen tann pou yon transplantasyon. Nou asire nou ou menm ak doktè ki refere w la gen enfòmasyon ou bezwen pou pran desizyon sou swen ou. Ou gen aksè tou a konsèy pèsonalize ak yon gwoup sipò kote ou menm ak pwòch ou ka konekte ak pataje eksperyans.
Rechèch sou maladi vaskilè poumon
Pwogram rechèch nou an ofri ou opòtinite pou patisipe nan dènye avansman tretman yo anvan yo disponib lajman. Nou fè esèy klinik ak etid jenetik ki ta ka fòme avni tretman maladi vaskilè poumon ak amelyore lavi.

Maladi vaskilè poumon ak tretman

Nou dyagnostike ak trete tout kalite maladi vaskilè poumon. Sèvis dyagnostik nou yo gen ladan katetèzasyon kè dwat, tès egzèsis, tès fonksyon poumon, imajri medikal, ak plis ankò. Tretman yo gen ladan medikaman, pwosedi ti operasyon, operasyon, ak esèy klinik.