false
Jesyon Pwa ak Byennèt
Pwogram Jesyon Pwa ak Byennèt nou an prepare plan pèsonèl pou ede moun pèdi pwa, avèk sipò medikal, medikaman, ti pwosedi chirijikal, ak operasyon pou pèdi pwa. Ekip nou an bay sipò nan nitrisyon avèk konpòtman pou ede ou reyalize ak kenbe rezilta alontèm.
Ekspè nan ede moun pèdi pwa sou sipèvizyon medikal.
Nan Mass General Brigham, ou jwenn swen medikal konplè pou ede w pèdi pwa, ak yon plan ki fèt selon bezwen ou. Ekip nou an ofri tout kalite opsyon, tankou sipò pou nitrisyon ak chanjman nan fason w ap viv, medikaman pou pèdi pwa, pwosedi andoskopik, ak operasyon baryatrik, ansanm ak swivi alontèm pou ede kenbe bon rezilta yo.
center
tertiary
internal-arrow
Pati nan Gastroenteroloji (sistèm dijestif)
Metòd nou nan jesyon pwa
Nou ofri tout kalite opsyon pou ede moun pèdi pwa, depi nan pwogram ki baze sou chanjman nan fason moun viv ak swen medikal, rive nan pwosedi ki fèt ak ti entèvansyon ak operasyon. Ekip swen ou an travay ansanm avè w pou ede w chwazi metòd ki pi byen adapte ak objektif ou ak bezwen sante ou.
Jesyon pwa pa mwayen operasyon
Lè sa nesesè, nou ka refere w pou yon operasyon (baryatik) pou ede w pèdi pwa, tankou bypass lestomak oswa operasyon pou diminye gwosè lestomak la. Ekip chirijyen nou yo bay evalyasyon konplè, tretman, ak swen swivi.
Jesyon pwa andoskopik
PPwosedi andoskopik pou pèdi pwa, tankou gastwoplasti andoskopik an manch ak mete balon andogastrik, se opsyon ki mande mwens entèvansyon epi ki gen yon tan rekiperasyon ki pi kout pase operasyon.
Jesyon pwa medikal
Jesyon pwa medikal gen ladan plan nitrisyon pèsonalize, konsèy sou abitid vi, ak medikaman preskri, ki gen ladan medikaman GLP-1 lè sa apwopriye. Metòd sa yo kapab ede ou pèdi pwa san danje ak avèk efikasite, san operasyon.
Metòd sou jesyon pwa
Metòd se yon pati enpòtan nan pwogram nou an. Ekip nou an etidye nouvo metòd pou obezite ak maladi ki gen rapò ak pwa, epi ou ka gen opòtinite pou patisipe nan esèy klinik.
Jesyon pwa konplè
Nou trete obezite ak maladi ki gen rapò avèk li lè nou itilize plan pèsonalize ki ka gen ladan jesyon pwa medikal, medikaman, pwosedi andoskopik, oswa operasyon.
- Prediabetes
- Type 2 Diabetes
- Sleep Apnea
- Polycystic Ovary Syndrome
- High Cholesterol (Hypercholesterolemia)
- GERD (Gastroesophageal Reflux Disease)
- Hypothyroidism
- Gestational Diabetes
- Diabetes Overview
- Metabolic Syndrome and Prediabetes
- Metabolic Dysfunction-Associated Steatotic Liver Disease (MASLD)
- Binge Eating Disorder
- Gastric Sleeve Surgery
- Intensive Behavioral Therapy for Obesity
- Medical Treatment for Obesity
- Inguinal Hernia Repair in Adults
- Laparoscopic Adjustable Gastric Banding
- Biliopancreatic Diversion With Duodenal Switch (BPD DS) Weight-Loss Surgery
- Bariatric Surgery
- Eating a Limited-Carbohydrate Diet
- Weight Management
- Prediabetes Medications
- Metformin
- Trulicity
Kontakte Pwogram Jesyon Pwa
Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede w konprann opsyon ou yo ak gide w nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowòdone, ekspè.
Telefòn
Brigham and Women's Hospital (Lopital Brigham ak Fanm)
617-525-3597
Massachusetts General Hospital (Lopital Jeneral Massachusetts)
617-726-4400
Entènasyonal