Pwogram pou Maladi Poumon Entèstisyèl
Opsyon konplè pou sikatris nan poumon
Depistaj ak tretman bonè esansyèl pou anpeche sikatris nan poumon maladi poumon entèstisyèl (MPI) lakòz. Pwogram nou an se youn nan pi gwo ki genyen nan Nòdès la Nou bay aksè ak dènye tretman yo, esè klinik avanse, ak sèvis espesyalize ou pap jwenn fasil nan anpil lòt kote.
Pami anpil sèvis nou ofri yo, nou trete sarkoyidoz, ki se yon kalite MPI ki ra; nou ofri tou yon pwogram konplè pou reyabilitasyon poumon epi nou fè transplantasyon poumon pou ede moun viv pi lontan ak yon pi bon sante.
Fason nou trete maladi poumon entèstisyèl
Jwenn yon dyagnostik egzat se premye etap pou n jwenn bon tretman pou MPI. Tès dyagnostik nou itilize yo gen ladan yo:
- Skanè CT wo-rezolisyon pou wè poumon ou yo
- Tès fonksyon poumon ak tès efò fizik pou mezire jan w respire ak jan w deplase
- Bwonskopi ak biyopsi chirijikal pou chèche konnen kisa k lakòz pwoblèm poumon yo
- Echocardiogram to monitor your heart health
Lavi ak yon MPI pi fasil lè w gen yon moun ki konprann sa w ap travèse a. Nou patwone yon gwoup sipò gratis chak mwa pou moun ki gen MPI ak moun k ap pran swen yo. Nan reyinyon sa yo, yo pale sou estrateji pratik pou moun ka viv byen ak fibwoz pulmonè epi sou sijè tankou:
- Itilizasyon ak materyèl oksijèn
- Sèvis swen nan kay pou granmoun aje
- Vaksen ak iminoloji
Kondisyon Medikal ak Tretman ki gen rapò yo
- Rheumatoid Arthritis
- Lupus
- Pulmonary Hypertension
- Interstitial Lung Disease (ILD)
- Interstitial Lung Disease
- Idiopathic Pulmonary Fibrosis (IPF)
- Pulmonary Sarcoidosis
- Scleroderma
- Pneumoconiosis
- Work-Related Lung Diseases
- Sjögren Syndrome
- Granulomatosis with Polyangiitis (GPA)
- Lung Transplant
- Pulmonary Function Tests
- CT Scan of the Chest
- Bronchoscopy
- Lung Biopsy
- Video-Assisted Thoracoscopic Surgery (VATS)
- Pulse Oximetry
- Cardiopulmonary Exercise Test (CPET)
Kontakte Pwogram pou Maladi Poumon Entèstisyèl la
Brigham and Women's Hospital
866-489-4056
Massachusetts General Hospital
617-726-1721