false

Sant pou Rechèch ak Tretman Entolerans ak Gluten

Maladi selyak fè li difisil pou kò ou absòbe eleman nitritif ou bezwen pou bon sante. Nou angaje nou pou ede fanmi ki afekte pa maladi otoiminitè ereditè sa a. Nou ofri tretman epi nou fè rechèch pou ede ou rete an sante.
primary
phone
617-726-8705
6177268705

Swen avanse pou entolerans ak gluten

Maladi selyak lakòz sistèm iminitè a atake ti trip la lè w ap enjere gluten, yon pwoteyin yo jwenn nan ble, lòj, ak sègl. Reyaksyon iminitè sa a ka domaje ti trip la epi li ka lakòz sentòm tankou malèz dijestif, kwasans ki pa nòmal, ak mank eleman nitritif. Ekspè nou yo bay swen pou tout lavi pou moun tout laj ki gen entolerans ak gluten, tankou evalyasyon medikal, konsèy sou alimantasyon, ak sipò pou jere lavi chak jou. Nou fè rechèch tou pou pi byen konprann kòz maladi selyak epi amelyore dyagnostik ak tretman.
center
tertiary
internal-arrow
Fè pati nan Mass General Brigham for Children
/content/unified-xwalk/ht/services/children

Apwòch nou pou swen entolerans ak gluten

Ekip swen ou an ka gen ladan espesyalis maladi dijestif, pedyat, dyetisyen, ak lòt ekspè. Nou bay swen ki amelyore sentòm maladi selyak ak kalite lavi.
Kisa pou w atann nan premye vizit ou

Premye vizit ou a ka pran jiska de èdtan. Pandan tan sa a, ou ka:

  • Fè yon egzamen fizik epi konplete yon istwa medikal
  • Rankontre ak yon doktè maladi dijestif (gastroanterològ) pou diskite sou enkyetid sante ou
  • Wè yon dyetisyen pou adrese enkyetid nitrisyonèl epi aprann plis sou yon rejim alimantè san gluten
  • Pale ak yon kowòdonatè rechèch klinik si ou enterese patisipe nan yon etid
Avanse swen atravè rechèch sou maladi selyak

Nou fè rechèch inovatè pou avanse konpreyansyon sou maladi selyak. Rechèch nou sou maladi selyak konsantre sou:

  • Komplikasyon, tankou enfertilite, osteyopowoz, ak kansè.
  • Jenetik maladi ak pwosesis enflamatwa
  • Deteksyon ak dyagnostik maladi pi bonè
  • Enpak emosyonèl dyagnostik la sou pasyan yo ak fanmi yo
  • Defi tretman yo

Espesyalis nou yo

Kèlkeswa maladi oswa kondisyon ou genyen, Mass General Brigham gen espesyalis tou pre ou ki ka ede ou.
Yon ilistrasyon ekip swen.
primary
phone
617-726-8705
6177268705

Kontakte Sant pou Rechèch ak Tretman Entolerans ak Gluten

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk plizyè etablisman nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou yo jwenn swen kowdoòne ak ekspè.
primary
phone
617-726-8705
6177268705
secondary
internal
Sèvis Pasyan Entènasyonal

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact