false

Sèvis Nitrisyon ak Alimantasyon

Kit ou ap refè apre yon operasyon, oswa w ap swiv tretman, oswa w ap chèche yon stil lavi ki pi an sante, dyetisyen anrejistre nou yo bay swen ki baze sou pwèv atravè terapi nitrisyon medikal pou pasyan anspital ak pou pasyan ki pa anspital, pandan ekspè kwizin nou yo prepare manje ki an sante epi ki plen nitrisyon pou kominote lopital la.

Plizyè bòl manje ak sòs yo mete sou yon kontwa. Yon nitrisyonis demontre yon leson pa mete manje sou yon asyèt pandan twa fanm sou lòt bò kontwa a ap gade avèk atansyon, ak dokiman devan yo.

full-fill

primary
phone
617-726-2520
6177262520

Metòd nou nan nitrisyon

Sèvis nitrisyon nou yo bati sou kolaborasyon, ekspètiz, ak swen ki santre sou pasyan an. Dyetetisyen ki kalifye yo kolabore nan sèvis pou pasyan ki entène ak pasyan ekstèn pou bay konsèy ak swen sou nitrisyon ki baze sou rechèch syantifik. Yon ekip kizin ede yo lè li prepare manje ak ti goute ki bon pou sante chak jou pou pasyan, vizitè, ak anplwaye lopital yo.
Yon nitrisyonis mete pwodui manje nan yon sak papye mawon nan yon magazen makèt.
Sèvis nitrisyon pou pasyan ki pa entène
Nou bay swen pou pasyan ki pa anspital pa dyetisyen ki anrejistre ak lisans nan lopital ak sant sante kominotè nou yo pou ede jere anpil maladi ak kondisyon tankou dyabèt, maladi kè, obezite, maladi dijestif, gwosès, kansè, alèji/intolerans manje, epi ankouraje manje an sante ansanm ak byennèt.
Sèvis nitrisyon pou pasyan ki entène
Kit ou ap refè apre yon blesi, yon operasyon, oswa yon maladi, bon nitrisyon esansyèl pou gerizon. Swen ou a gen ladan dyetisyen ki anrejistre ki kolabore sere ak ekip medikal ou a pou asire ou jwenn nitrisyon ki adekwa. Ekip sèvis manje nou an ede ou chwazi repa ou chak jou epi delivre manje ki atiran, ki an sante, prepare pa chef egzekitif nou an ak ekip li a.
Sèvis manje komèsyal yo
Ekip sèvis manje nou an responsab tou pou jere anpil kafe ak kafeterya ki sitiye nan kanpis prensipal nou yo ansanm ak nan lòt lokal ki konekte avèk yo.. Nou fè efò pou asire ou gen opsyon manje ki bon pou lasante, ki gen bon gou nenpòt lè ou nan youn nan etablisman nou yo.

Kontak Sèvis Nitrisyon ak Alimantasyon

Rele nou pou pale ak yon manm ekip ki ka ede ou konprann opsyon ou yo ak gide ou nan swen ki apwopriye pou ou. Avèk etablsiamn ki nan tout New England ak sipò pou pasyan k ap soti andeyò Etazini, nou fè li pi fasil pou ou jwenn swen kowòdone, ekspè.
primary
phone
617-726-2520
6177262520
secondary
internal
Pasyan entènasyonal yo

Enfòmasyon kontak pou pasyan entènasyonal yo

/content/unified-xwalk/ht/patients-visitors/international/for-patients/contact